Pandemic Darlings The pandemic economy, in original documents
Home Source documents Sibvansyon pou Operatè Sal Evènman ki fèmen Gid pou Apre-Aplikasyon | 28 Jiyè 2021 (Haitian Creole)

Sibvansyon pou Operatè Sal Evènman ki fèmen Gid pou Apre-Aplikasyon | 28 Jiyè 2021 (Haitian Creole)

Summary

Haiti Creole-language (Kreyol Ayisyen) version of the SBA post-application guide for the SVOG grant program, form 151. It explains that the SVOG program was established by Seksyon 324 of the Lwa Èd Ekonomik, part of H.R. 133 (Lwa Piblik Nimewo: 116-260), and amended by Seksyon 5005 of the Lwa sou Plan Sekou Ameriken (Lwa Piblik No.: 117-2). The guide answers questions applicants may have after submitting an SVOG application.

Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used

Full text

                                                                                                             151 - Haiti Creole - Kreyol Ayisyen


                                                                               Sibvansyon pou Operatè Sal
                                                                                        Evènman ki fèmen
                                                                            Gid pou Apre-Aplikasyon | 28 Jiyè 2021
Pwogram Sibvansyon pou Operatè Espas Evènman ki fèmen yo (SVOG) se Seksyon 324 nan Lwa sou Èd
Ekonomik pou Ti biznis ki pran Gwo Frap, òganizasyon ki pap fè pwofi ak Espas Evènman (Lwa Èd
Ekonomik) ki te vote nan dat 27 desanm 2020, kòm yon pati nan H.R. 133 Lwa sou Kredi Konsolide, 2021
(Lwa Piblik Nimewo: 116-260). Seksyon 324 nan Lwa sou Èd Ekonomik te amande nan Seksyon 5005 nan
Lwa sou Plan Sekou Ameriken an (Lwa Piblik No.: 117-2) te siyen nan lwa nan dat 11 mas 2021.

Dokiman oryantasyon sa a reponn kesyon komen sou pwogram SVOG pou aplikan yo.

Gid pou apre-aplikasyon
Konteni
 Gid pou apre-aplikasyon .................................................................................................................................1
     Apre-Aplikasyon.......................................................................................................................................... 1
     Pwen Aksyon Aplikan an pandan Etap "Nan Revizyon" ........................................................................... 3
     Prim & Etap Dekesman .............................................................................................................................. 4
     Demand Finansman refize ......................................................................................................................... 5
     Apre Etap Prim & Dekesman...................................................................................................................... 5
     Apèl, Rekonsiderasyon & Prim Siplemantè .............................................................................................. 6
     Lòt Sikonstans Espesyal ............................................................................................................................ 6


Apre-Aplikasyon
SBA te kòmanse trete aplikasyon yo nan lòd priyorite nan mwa Avril 2021.
Apati 26 jiyè 2021, SBA te pran desizyon sou 95% aplikasyon.

Apre desizyon an, aplikan yo ap resevwa kominikasyon SBA konsènan dokiman yo dwe siyen oswa
enfòmasyon adisyonèl ki nesesè anvan Prim lan. Kominikasyon sa yo sansib nan zafè delè, tanpri revize ak
anpil atansyon pou dat limit aplikab ou yo.

Kominikasyon sa yo pral imèl (ki soti nan noesponse@sba.gov oswa svogrant@sba.gov ) nan adrès yo bay
nan aplikasyon an. Pou kèk aplikasyon imèl, adrès imèl la ap montre li soti nan "noreply@salesforce.com;
nan nonnoresponse@sba.gov." Si ou bay yon nimewo telefòn nan aplikasyon an, ou ka resevwa tou yon
tèks. Si ou resevwa kominikasyon sa yo, men ou enkyè li ka pa soti nan SBA a, ou ka ouvri sesyon an nan
kont SBA ou sou Pòtal Aplikan SVOG an pou wè tout pwen aksyon ki nesesè yo.




                                                                                                                                                    1|P a j
SBA a ap bay dènye nouvèl sou estati nan tout pwosesis revizyon ak prim lan. Ou ka resevwa dènye
nouvèl sou imèl pou plizyè rezon:
        o Prim ou finalize, epi ou bezwen siyen dokiman anvan-prim ou yo
        o Yo revize aplikasyon w lan epi lòt dokiman oswa enfòmasyon nesesè
        o Yo revize aplikasyon w lan e yo refize l (gade anba a pou enfòmasyon sou apèl)

SBA a te kòmanse pran desizyon prim sibvansyon nan fen mwa me.
Avi sou prim ak lòt mizajou yo pral bay nan imèl lè yo sèvi avèk enfòmasyon kontak ki te bay sou
aplikasyon an. Si ou bay yon nimewo telefòn nan aplikasyon an, ou ka resevwa tou yon tèks.
Kominikasyon sa yo sansib nan zafè delè, tanpri revize ak anpil atansyon pou dat limit aplikab ou yo.

Lè ou resevwa yon aktyalizasyon estati soti nan SBA a, ouvri sesyon an nan Pòtal Aplikan SVOG an
pou konplete tout pwen aksyon ki nesesè yo.
Ou ka klike sou lyen ki nan imèl la, oswa antre nan www.sba.gov/svogrant dirèkteman nan navigatè ou a.

Apre ouvri sesyon an, klike sou "Funding Request Name" pou ouvri aplikasyon w lan.
       - Mizajou Estati ap parèt anlè agòch paj la.
       - Pwen Aksyon alè adwat paj la.
               o Klike la epi swiv enstriksyon yo bay yo.
               o Pwen aksyon sansib nan zafè delè, tanpri revize ak anpil atansyon pou dat limit aplikab
                   ou yo.

Si ou gen kesyon pou ranpli Pwen Aksyon, tanpri kontakte SBA a:
        Pou asistans jeneral, rele Sant Sèvis Kliyan Biwo Dezas la:
                (1-800- 659-2955)
                Lendi jiska Vandredi, 8 am a 8 pm ET
        Pou asistans an pwofonè, kontakte patnè resous SBA yo:
                Ou ka idantifye patnè nan zòn ou an lè ou vizite www.sba.gov/local-assistance.

Yon aplikan ka mande pou yo retire yon aplikasyon lè li voye yon imèl bay svogrant@sba.gov. Si yon
aplikan mande yon retrè, aplikan an pa p kapab aplike ankò.
   Demann lan dwe voye nan adrès imèl ki itilize pou kreye aplikasyon SVOG, epi li dwe gen ladan:
           1. Liy Sijè: "Demann pou retire aplikasyon SVOG"
           2. Imèl Mesaj:
                  - Nimewo Aplikasyon SVOG a
                  - Adrès imèl ki itilize pou kreye aplikasyon an
                  - Non antite, adrès ak nimewo telefòn
                  - Non moun ki fè demann lan -
                           o Se aplikan oswa reprezantan otorize ki nonmen nan aplikasyon an ki dwe
                               fè demann lan.
                  - Rezon ki fè aplikan an ap mande yo retire aplikasyon an




                                                                                                    2|P a j
Pwen Aksyon Aplikan an pandan Etap "Nan Revizyon"
Apre Revizyon ak anvan Apwobasyon oswa Refize, ou ka resevwa avi ou bezwen ranpli yon Pwen
Aksyon. Atik Aksyon posib yo enkli:
   1. Koreksyon Teknik: Aplikasyon w lan te revize, men yo bezwen plis enfòmasyon oswa dokiman
       sou kondisyon espesifik.
       - Ou pral resevwa yon notifikasyon imèl k ap enfòme w sou Pwen Aksyon an.
       - Apre w ouvri sesyon nan pòtay la, ou pral kapab wè yon lis verifikasyon Anplwaye SVOG yo
           prepare pou enfòme w sou enfòmasyon oswa dokiman adisyonèl pou bay.
       - Swiv enstriksyon yo bay nan pòtay la pou telechaje epi soumèt enfòmasyon yo mande yo.
       - Aplikan gen 14 jou pou konplete Pwen Aksyon sa a.

   2. 4506T: IRS la pa te kapab trete fòm nan.
      - Ou pral resevwa yon notifikasyon imèl k ap enfòme w sou Pwen Aksyon an.
      - Apre w ouvri sesyon an nan pòtal la, ou yo pral kapab wè yon nouvo lis verifikasyon 4506T
         Anplwaye SVOG yo prepare. Ou ka fè koreksyon, si sa nesesè.
      - Li epi siyen dokiman an.
      - Swiv enstriksyon yo bay nan pòtal la pou telechaje epi soumèt dokiman an.
      - Aplikan gen 14 jou pou konplete Pwen Aksyon sa a.

   3. Pa Peye: Non ou oswa non antite a parèt sou lis Pa Peye (NDP nan lang angle) Depatman Trezò a.
      Estati ou dwe korije oswa efase anvan Prim lan.
      - Ou pral resevwa yon notifikasyon imèl k ap enfòme w sou Pwen Aksyon an.
      - Apre w ouvri sesyon an nan pòtal la, ou pral kapab wè enfòmasyon konsènan ki kote ak
          poukisa non ou parèt sou lis Pa Peye a.
      - Swiv enstriksyon yo bay yo pou kontakte sous estati ou pa Peye a:
              o Vizite Do Not Pay - Privacy Program (treasury.gov)
              o Desann nan "Pwosesis Koreksyon Done,"
              o Jwenn ranje a pou sous korespondan, epi
              o Sèvi ak enfòmasyon kontak yo pou kontakte sous la epi korije oswa efase estati ou
      - Nan pòtal la, swiv enstriksyon yo pou notifye SBA ou otorize oswa korije estati ou
      - Aplikan yo gen 30 jou pou efase oswa korije yon estati DNP

Etap Apre-Apwobasyon
Aprè Apwobasyon ak anvan Dekesman ou ka resevwa avi ki mande w ranpli yon Pwen Aksyon. Atik
Aksyon posib yo enkli:

   1. Avi sou Prim (Fòm 1222): Aplikasyon w lan apwouve, epi kantite lajan Prim ou an fini. Ou dwe
      siyen epi retounen Avi sou Prim ou anvan Dekesman.
      - Ou pral resevwa yon notifikasyon imèl k ap enfòme w sou Pwen Aksyon an. Apre w ouvri
          sesyon nan pòtay la, ou pral kapab wè yon lis verifikasyon Anplwaye SVOG yo prepare pou
          enfòme w sou enfòmasyon oswa dokiman adisyonèl pou bay.
      - Swiv enstriksyon yo bay nan pòtal la pou telechaje epi soumèt enfòmasyon yo mande yo.
      - Aplikan yo gen 7 jou pou konplete Pwen Aksyon sa a.
      - Nòt adisyonèl sou Fòm 1222:
              o "Peryòd Pwojè a" sou Fòm 1222 a se peryòd yo akòde pou bay yon avi sou prim ak
                   pwogram SVOG—sa pa koresponn ak peryòd tan admisib la pou antrene depans.
              o "Peryòd Bidjè a" endike tan yo pèmèt ou depase prim sibvansyon an.


                                                                                              3|P a j
               o   Ou ka depanse sibvansyon an sou depans ki fèt depi 1mye mas 2020 pou fini 31
                   desanm 2021 (oswa 30 jen 2022 si ou resevwa yon prim siplemantè).
               o   "Peryòd Bidjè a" endike tan yo pèmèt ou depase prim sibvansyon an.

   2. Kondisyon Espesyal (Fòm 1222 Addendum): Aplikasyon w lan apwouve, epi kantite lajan Prim ou
      an fini. Ou dwe ranpli, oswa dakò pou ranpli, tout kondisyon espesyal ki nan lis anvan Dekesman.
      - Ou pral resevwa yon notifikasyon imèl k ap enfòme w sou Pwen Aksyon an.
      - Apre w ouvri sesyon an nan pòtal la, ou pral kapab wè Avi ou sou prim ak nenpòt ki Addendum.
      - Dokiman Kondisyon Espesyal ki dwe telechaje anmenm tan ak Avi Prim siyen an pral
          idantifye konsa sou Addendum la.
      - Swiv enstriksyon yo bay nan pòtal la pou telechaje epi soumèt enfòmasyon yo mande yo.
      - Aplikan yo gen 7 jou pou konplete Pwen Aksyon sa a.
      - Nòt adisyonèl sou Fòm 1222 Addendum:
               o Yo ka mande benefisyè yo yon kopi deklarasyon taks federal 2020 yo. Depo pou Ane
                   fiskal 2019 te obligatwa pou pifò aplikan kòm yon pati nan aplikasyon inisyal yo. Pou
                   moun ki fè depo ane fiskal yo, kondisyon sou Fòm 1222 Addendum lan se pou bay yon
                   kopi deklarasyon yo pou dènye ane fiskal yo.
               o Kèk benefisyè ka wè yon kondisyon sou Addendum ak/oswa Pòtal ki di konsa "Ou
                   oblije telechaje yon 425 final ak Dokiman Sipò nan lespas 15 jou apre ou resevwa
                   dènye dekesman ou."
                        Lang ki kòrèk la se "Ou oblije telechaje yon 425 final ak Dokiman Sipò nan
                            lespas 15 jou w ap depanse nan kantite lajan prim konplè ou."
                        SBA a pral korije lang sa a lepi vit posib, men Avi sou Prim ka kontinye ap soti
                            ak lang sa a pou pa ralanti finansman ijans rive nan biznis ki nan gwo bezwen.
                            Nou eskize nou pou nenpòt konfizyon li ka lakòz.
               o Benefisyè ki gen mwens pase 500 anplwaye pa bezwen premye liy 10 nan asirans
                   pwogram adisyonèl yo.

   3. Revizyon Bidjè: Aplikasyon w lan te apwouve, men kantite lajan prim posib ou a pi wo pase Bidjè
      pwopoze ou te bay sou aplikasyon w lan. Ou dwe revize bidjè ou si ou ta renmen resevwa lajan
      adisyonèl yo oswa konfime ou ta vle resevwa pi piti sibvansyon prim lan.
      - Ou pral resevwa yon notifikasyon imèl k ap enfòme w sou Pwen Aksyon an.
      - Apre w ouvri sesyon nan pòtay la, ou pral kapab wè yon lis verifikasyon Anplwaye SVOG yo
          prepare pou enfòme w sou enfòmasyon oswa dokiman adisyonèl pou bay.
      - Swiv enstriksyon yo bay nan pòtal la pou telechaje epi soumèt enfòmasyon yo mande yo.
      - Aplikan gen 14 jou pou konplete Pwen Aksyon sa a.

Prim & Etap Dekesman
Aplikan yo dwe retounen Avi Prim (NOA) yo siyen kòmsadwa (NOA nan lang angle) epi ranpli nenpòt
kondisyon espesyal anvan Dekesman.

Aprè ekip SVOG a resevwa NOA ranpli a, aplikan an vin yon Benefisyè/Resipyandè epi yo pwograme yon
dekesman lajan.

Benefisyè yo dwe gen yon enskripsyon SAM valab pou resevwa lajan yo.




                                                                                                 4|P a j
Benefisyè yo ka tcheke estati enskripsyon SAM yo lè yo fè bagay sa yo:
       1. Ale nan https://www.sam.gov
       2. Chwazi ouvri yon sesyon
       3. Chwazi tab Tcheke Estati a nan navigasyon prensipal la
       4. Antre Nimewo DUNS Benefisyè a
       5. Chwazi Search pou wè estati

Si benefisyè a pa gen yon enskripsyon SAM valab, benefisyè a dwe ranpli enskripsyon ak SAM.gov. Nouvo
anrejistreman SAM.gov nòmalman pran yon mwayèn de 7-10 jou ouvrab pou trete, men yo ka pran plis
pase 30 jou ouvrab pandan peryòd volim yo pi wo. Yon antite ka konekte nan SAM.gov epi sèvi ak SAM
Status Tracker a (anba tab Tcheke Status la) pou byen vit tcheke estati li yo.

Yon ti kantite aplikan ka wè yon estati "rejte" oswa estati "annatant" pou yon dekesman nan Pòtal
aplikan yo. Si ou wè yon sitiyasyon konsa, li enfòmasyon ki anba a:
        - Nan pifò ka yo, SBA a ka korije pwoblèm dekesman sa a nan non ou. SBA a tcheke pou
            pwoblèm sa yo chak jou epi yo pral re-bay dekesman nan yon ti tan.
        - Nan kèk ka, ou ka bezwen pran aksyon pou korije pwoblèm nan. Si se ka a, SBA a pral
            kontakte ou avèk enstriksyon espesifik.

Demand Finansman refize
Aplikan yo te refize ap resevwa yon notifikasyon imèl ki enfòme yo sou estati. Tout aplikasyon yo refize yo
ap gen opsyon pou soumèt yon apèl.

Pifò aplikan yo refize pat satisfè kritè kalifikasyon yo fikse nan lwa SVOG a. Tanpri gade Matris
Kalifikasyon SVOG a pou plis enfòmasyon.

Apre Etap Prim & Dekesman
Apre ou fin resevwa ak depanse lajan ou, ou dwe soumèt yon kontablite depans lajan yo bay SBA.
Ou pa bezwen depanse sibvansyon an egzakteman jan ou endike nan bidjè yo bay nan aplikasyon an. Ou
ka deplase depans ant kategori ki akseptab—sa pa mande pou pre-apwobasyon SBA. Sepandan, ou dwe
sèlman depanse sibvansyon an nan kategori ki akseptab epi tout benefisyè yo ap bezwen soumèt yon
bidjè final lè sibvansyon an fini.

Ou dwe montre SBA tout lajan sibvansyon yo te depanse nan, oswa ranbouse ou pou depans admisib yo.
Kontablite sa a fini lè yo sèvi avèk SF-425 la.
SF-425 a ap gen ladan yon tèks tou kout ki dekri depans ou yo, kèk kesyon konsènan enpak prim SVOG ou,
ak lis dokiman siplemantè obligatwa tankou resi, fakti, oswa deklarasyon pou sipòte tout depans ou yo.

Ou pral gen 15 jou soti nan dat dènye depans ou an pou ranpli epi retounen SF-425 la.

Ou pral bezwen kenbe dokiman ki gen rapò ak SVOG ou, tankou sètifikasyon, kondisyon espesyal, dosye
travay, elatriye pou 4 ane.

Benefisyè ki depanse $750,000 oswa plis nan fon federal pandan ane fiskal la ap oblije jwenn yon kontwòl
kontab ekstèn epi soumèt enfòmasyon konsènan kontwòl kontab sa a bay SBA.




                                                                                                    5|P a j
Apèl, Rekonsiderasyon & Prim Siplemantè
Apre yo fin resevwa desizyon final la sou aplikasyon SVOG orijinal yo, aplikan yo pral gen twa opsyon
posib pou chèche finansman adisyonèl: apèl, rekonsiderasyon, ak prim siplemantè.

Apèl
Aplikan yo refize yo ap resevwa yon notifikasyon imèl ak yon mizajou nan Pòtal SVOG yo kalifye pou
soumèt yon apèl la. Premye fenèt apèl la pral dire de semèn, pandan tan sa finansman yo pral pwoteje.
Pa gen okenn garanti finansman yo ap rete disponib pou aplikan ki fè apèl kont apre fenèt inisyal de
semèn nan fèmen.

Yo pral mande aplikan ki patisipe nan pwosesis apèl la pou revize Matris Kalifikasyon an epi pou yo
telechaje yon deklarasyon siyen ki bay rezon pou apèl yo, ansanm ak nenpòt dokiman sipò. Aplikan ki
gen apèl yo apwouve men ki resevwa yon kantite lajan Prim omwen $100 mwens pase Ajiste Kantite
Sibvansyon Pwopoze e Ajiste sou aplikasyon yo ap resevwa opòtinite pou patisipe nan pwosesis
rekonsiderasyon an. Pa gen okenn pwosesis apèl segondè pou aplikan ki gen apèl yo te refize.

Rekonsiderasyon
Aplikan ki te resevwa yon montan prim omwen $100 pi ba pase montan Sibvansyon Pwopoze e Ajiste a
sou aplikasyon yo ap resevwa yon imel notifikasyon yo kalifye pou aplike pou rekonsiderasyon pou li a.

Premye fenèt rekonsiderasyon an pral dire de semèn, pandan tan sa finansman yo pral pwoteje. Pa gen
okenn garanti finansman yo ap rete disponib pou aplikan ki mande rekonsiderasyon apre premye fenèt
la de semèn fèmen.

Prim Siplemantè
Tout benefisyè yo ap resevwa yon pwen aksyon ak opòtinite pou mete ajou revni 2021 yo touche yo. Si ou
ta renmen mete ajou revni ou touche pou 2021, ou dwe ouvri sesyon an nan pòtal la epi fè yon mizajou
atravè pwen aksyon sa a. Sinon, SBA a pral asime valè revni yo bay nan aplikasyon w lan fèm.

Moun ki kalifye pou yon prim siplemantè ki baze sou lwa SVOG epi revni ou pral envite pou mande yon
prim siplemantè.

Kantite prim siplemantè, jan sa defini nan lwa, yo pral 50% nan premye prim yon aplikan an, pa depase
balans nan sibvansyon inisyal la ak $10 milyon dola pou yon sèl antite. Si pa gen ase finansman pou tout
antite ki kalifye yo resevwa yon prim siplemantè, yo pral bay priyorite bay aplikan ki gen pi gwo pèt revni
nan Q1 2021 relatif ak Q1 2019.

Lòt Sikonstans Espesyal
Yon ti kantite aplikan ka resevwa yon imèl ki soti nan SVOG ki endike transkripsyon taks yo te
retounen ak "Pa jwenn dosye". Si ou resevwa yon imèl konsa, swiv enstriksyon sa yo:
    Etap 1:
         Verifye ak Sèvis Revni Entèn (IRS) yo te resevwa epi trete Deklarasyon taks federal 2019 ou an.
         IRS bay kèk nimewo gratis pou ede ou, tou depann de sikonstans ou:
                o Pou aplikan ki te ranpli yon Fòm 1040, rele 800-829-1040, soti nan 7 am a 7 pm lè lokal,
                o Pou aplikan ki depoze Fòm 1065, 1120, oswa 1120-S, rele 800-829-4933, soti nan 7 am
                    a 7 pm lè lokal, oswa
                o Pou aplikan ki depoze Fòm 990 oswa 990-EZ, rele 877-829-5500, ant 8 am ak 5 pm lè
                    lokal.

                                                                                                    6|P a j
Etap 2:
    Si IRS la di ou yo te resevwa epi trete deklarasyon taks ou, tanpri swiv enstriksyon yo pou
        ranpli yon lòt 4506-T epi asire tout enfòmasyon yo kòrèk.
    Si IRS di yo te resevwa deklarasyon taks ou, men li pa trete, kontinye nan etap 3.
Etap 3:
    Kontakte Sèvis Defansè Kontribyab la (TAS). TAS la se yon òganizasyon endepandan nan IRS
        ki fèt pou ede si ou gen pwoblèm taks ou pa ka rezoud pou kont ou (Home - Taxpayer
        Advocate Service (irs.gov)). Nan enterè pou ede w jwenn tretman deklarasyon taks ou a,
        tanpri kontakte TAS la pou mande si sèvis yo ka ede ou. Anplis de sa, ou ka dirèkteman
        mande asistans nan Submit a request for assistance - Taxpayer Advocate Service (irs.gov).




                                                                                           7|P a j


File and source

File
2021-08_7-28-21-SVOG-Post-Application-Guidance-FINAL_Haitian_0.pdf
Size
876,041 bytes
SHA-256
5e27ad1a619bba8527fda74569546353fbebbee50be4799ab165416db81e3b2b
Our copy
2021-08_7-28-21-SVOG-Post-Application-Guidance-FINAL_Haitian_0.pdf
Original
www.sba.gov
Back to top