Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon Pretè Dezyèm Tiraj pou Depozan Skedil C kap Itilize Revni Brit Revize 18 Mas 2021 (Haitian Creole)
Summary
Haiti Creole (Kreyol Ayisyen) version of the second draw PPP borrower application form for Schedule C filers using gross income, OMB control number 3245-0417, form 088. It states that an applicant may use this form only if it files IRS Form 1040, Schedule C and uses gross income to calculate the PPP loan amount. It then asks for the business type, such as sole proprietor or independent contractor, the loan calculation, ownership and eligibility answers.
Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used
Full text
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0417
Fòm Aplikasyon Pretè Dezyèm Tiraj pou Depozan Skedil C kap Itilize Revni Dat Ekspirasyon: 30/9/2021
088 - Haiti Creole - Kreyol Ayisyen
Brit Revize 18 Mas 2021
YON APLIKAN KAPAB ITILIZE FÒM SA SELMAN SI APLIKAN AN RANPLI YON FOM IRS 1040,SKEDIL C,EPI SEVI AK REVNI
BRIT POU KALKILE KANTITE LAJAN PRE PPP
Tyeke Youn: Yon Sèl Propriyetè DBA oswa Non Komèsyal, (si aplikab) Ane kreyasyon li (si sa aplikab)
Antreprenè Endepandan
Endivi ki travay pou pwop tèt li
LLC aak yon sèl manm (Endividi ki anplwaye tèt li)
Antrepriz Kalifye (Endividi ki anplwaye tèt li)
Non Legal Biznis la Kòd NAICS
Adrès Biznis (Ri, Vil, Eta, Kòd Postal - Adrès Bwat Postal Nimewo
TIN (EIN, SSN, ITIN) Biznis la Telefòn Biznis
P.O. yo otorize)
Premye Kontak Adrès Imèl
Kantite Anplwaye (ki gen ladann mèt ak afilye,
Kantite total revni brit
Ane taks yo itilize pou revni brit si sa aplikab; pa gen dwa depase 300 sòf si "pou
(ki soti nan Fòm IRS 1040, Skedil C, Liy 7)
chak kote" eksepsyon aplike):
2019
$
2020
Si ou pa gen okenn anplwaye (ki pa propriyetè), ranpli tablo sa a:
A. Kantite revni brit ou a x 2.5 (oswa x 3.5 pou
B. Divize A pa 12 (si
soti nan Fòm IRS 2019 aplikan NAICS 72)
$ plis pase $8,333.33, $ $
oswa 2020 Fòm 1040, (pa ka depase
antre $8,333.33):
Skedil C, liy 7 $2,000,000):
Si ou gen anplwaye (ki pa propriyetè), ranpli tablo sa a:
A. Fòm 1040 IRS 2019
C. Mwayèn Pewòl
ou 2020 ou, Skedil C, liy B. Divize A pa 12 (si
chak mwa pou
7 kantite lajan, mwens $ plis pase $8,333.33, $ $
Anplwaye yo (ki pa
sòm total la nan liy 14, antre $8,333.33):
enkli propriyetè)
liy 19, ak liy 26:
x 2.5 (oswa x 3.5 pou 72 aplikan NAICS) (pa
Ajoute B ak C: $ $
ka depase $2,000,000):
Depans pewòl (ki gen ladan depans pwopriyetè, Lwaye/Enterè
Sèvis Piblik Depans operasyon ki asire
Objektif prè a egal a depans biznis plis konpansasyon pwopriyetè) ipotèk
(chwazi tout sa ki
aplike):
Depans pou domaj Depans Founisè Depans pwoteksyon travayè ki Lòt (esplike):
pwopriyete ki asire ki asire asire _____________________
Nimewo Prè SBA nan
Premye Tiraj PPP:
Rediksyon nan resèt anvan taks nan omwen 25% Trimès 2020 Trimès Referans
(Demandè pou prè $150,000 oswa mwens ka kite vid (egzanp, 2Q (egzanp, 2Q
men yo dwe bay nan moman oswa anvan yo chache 2020): 2019):
padon prè oswa sou demann SBA): Resi anvan taks: $ Resi anvan taks $
Pwopriyete Demandè a
Lis tout pwopriyetè 20% oswa plis nan aksyon Demandè a. Tache yon fèy apa si sa nesesè.
Non Pwopriyetè Tit % Pwopriyetè TIN (EIN, SSN, Adrès
ITIN)
Fòm SBA 2483-SD-C (3/21) 1
Pwogram Pwoteksyon Salè
Dezyèm Fòm Aplikasyon pou Pretè pou Ranpli Schedule C Sèvi ak Revni Brit
Revize 18 Mas 2021
PPP Enfòmasyon Demografik Aplikan (Opsyonèl)
Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman. Piblikasyon fèt si w vle e sa pap gen okenn
enpak sou desizyon aplikasyon an.
Non Prensipal la Pozisyon Prensipal la
Chwazi Repons Anba a:
Veteran Pa-Veteran; Veteran; Veteran Andikape; Mari oswa Madanm Veteran; Pa Divilge
Gason ou Fi Gason; Fi; Pa Divilge
Ras (ou ka chwazi plis Ameriken Endyen oswa Natif Natal Alaska; Azyatik; Nwa oswa Afriken-Ameriken;
pase 1) Natif natal Awayi oswa Zile Pasifik; Blan; Pa Divilge
Etnisite Ispanik oswa Latino; Pa Ispanik oswa Latino; Pa Divilge
Si repons pou kesyon (1), (2), (4), oswa (5) se "Wi," prè a pa p apwouve.
Kesyon Wi Non
1. Èske demandè a oswa nenpòt pwopriyetè Demandè a pou kounye a te jwenn sispansyon, entèdiksyon, twouve l sou lis pou
entèdiksyon, deklare pa kalifye, te mete deyò nan patisipasyon nan tranzaksyon sa a nan men yon depatman oswa ajans federal, oswa
enplike nan yon fayi pou kounye a?
2. Èske Aplikan an, nenpòt pwopriyetè Aplikan an, oswa nenpòt biznis ki se pwopriyete oswa anba kontwòl youn ladan yo, janm jwenn
yon prè dirèk oswa garanti nan men SBA oswa nenpòt lòt ajans federal (ki sepa yon prè etiduan Federal fèt oswa garanti atravè yon
pwogram Depatman Edikasyon an ap jere) ki (a) delenkan jounen jodi a, oswa (b) ki pa peye nan 7 dènye ane yo epi te lakòz
gouvènman pèdi lajan?
3. Èske Demandè a oswa nenpòt pwopriyetè Demandè a se pwopriyetè yon lòt biznis, oswa gen jesyon komen (ki gen ladan yon akò
jesyon) ak nenpòt ki lòt biznis? Si wi, fè lis tout biznis sa yo (san bliye TIN yo si genyen) epi bay detay sou relasyon an sou yon fèy
apa yo rele addendum A.
4. Èske Aplikan an (si yon moun) oswa nenpòt ki mèt Aplikan an kounye a nan prizon oswa, pou nenpòt ki krim, kounye a sijè a yon
akizasyon, enfòmasyon kriminèl, miz annakizasyon oswa lòt mwayen ki akizasyon fòmèl kriminèl yo te pote nan nenpòt jiridiksyon?
Mete inisyal ou isit la pou konfime repons ou bay pou kesyon 4 →
5. Nan 5 dènye ane yo, pou nenpòt krim ki enplike fwod, koripsyon, detounman fon, oswa yon fo deklarasyon nan yon aplikasyon pou
prè oswa yon aplikasyon pou asistans lajan federal, oswa nan dènye ane a, pou nenpòt ki lòt krim, eske aplikan an (si yon moun )
oswa nenpòt pwopriyetè aplikan 1) te kondane; 2) plede koupab; 3) plede nolo contendere; oswa 4) kòmanse nenpòt fòm libète
pwovizwa oswa pwobasyon (ki gen ladan pwobasyon anvan jijman)?
Mete inisyal ou isit la pou konfime repons ou bay pou kesyon 5 →
6. Èske Etazini se prensipal rezidans pou tout anplwaye yo mete nan kalkil pewòl Aplikan an a pi wo a?
7. Èske Demandè a se yon antrepriz ak franchiz?
8. Èske franchiz la nan Anyè Franchiz SBA a? Si repons lan se wi, antre Kòd Idantifikasyon Franchiz SBA isit la:_______________
Fòm SBA 2483-SD-C (3/21) 2
Pwogram Pwoteksyon Salè
Dezyèm Fòm Aplikasyon pou Pretè pou Ranpli Schedule C Sèvi ak Revni Brit
Revize 18 Mas 2021
Lè ou siyen Anba la, Ou fè Reprezantasyon, Otorizasyon ak Sètifikasyon Annapre yo
Mwen sètifye:
Mwen li deklarasyon ki ekri nan fòm sa a, tankou Deklarasyon Lalwa ak Dekrè Egzekitif Egzije yo, epi mwen konprann yo.
Aplikan an kalifye pou li resevwa yon prè dapre règleman ki anvigè nan moman aplikasyon sa a soumèt, ki te soti nan Administrasyon Ti Biznis
(SBA) ak Depatman Trezò a (Trezò) kap aplike Pwogram Pwoteksyon Chèk salè anba Divizyon A, Tit I nan Lwa sou Asistans, Sekou, ak
Sekirite Ekonomik pou Kowonaviris la (Lwa CARES) ak Èd Ekonomik pou Ti Biznis ki pran gwo frap, Oganizasyon san bi likratif ak Espas
Oganizasyon Evènman ak Tit V Lwa sou Sekou Ameriken 2021 an (Règleman Pwogram Pwoteksyon Salè a).
Aplikan an, ansanm ak afilye li yo (si sa aplikab), (1) se yon kontraktè endepandan,endividi ki anplwaye tèt li, oswa sèl pwopriyetè ki pa gen
okenn anplwaye; (2) pa anplwaye plis pase 300 anplwaye; (3) si NAICS 72, pa anplwaye plis pase 300 anplwaye pou chak lokal fizik, oswa (4)
si se yon piblikatè nouvèl oswa anons sou entènèt sèlman ki asiyen NAICS kòd 519130 epi angaje nan ranmasaj ak distribisyon nouvèl lokal ak
rejyonal ak nasyonal ak enfòmasyon, anplwaye pa plis pase 300 anplwaye pou chak lokal fizik.
M ap konfòme m, chak fwa sa aplikab, ak dwa sivil yo ak lòt limit nan fòm sa a.
Tout montan prè yo pral itilize sèlman pou rezon ki gen rapò ak biznis (ki gen ladan pewòl ak lòt depans pwopriyetè, ki se depans biznis plis
konpansasyon propiyetè, jan sa defini nan règ final pwovizwa ki afiche nan dat 3 mas 2021) jan sa espesifye nan aplikasyon prè a epi ki konsistan
avèk Règleman Pwogram Pwoteksyon Salè ki gen ladan entèdiksyon pou sèvi ak montan prè pou aktivite ak depans lòbi. Si aplikan an se yon
piblikatè nouvèl oswa anons sou entènèt sèlman ki te vin kalifye pou yon prè anba Seksyon 5001 nan Lwa sou Plan Sekou Ameriken 2021 an,
montan prè a pral itilize pou sipòte depans nan pati biznis la oswa òganizasyon an ki sipòte nouvèl lokal oswa rejyonal yo.
Mwen konprann SBA ankouraje acha, nan limit sa posib, ekipman ak pwodwi Ameriken fabrike.
Aplikan an pa angaje nan okenn aktivite ki ilegal dapre lwa onivo federal, eta oswa lokal.
Pou demandè ki se endividi: Mwen otorize SBA a pou l mande enfòmasyon dosye kriminèl sou mwen nan men ajans jistis penal nan bi pou detèmine
kalifikasyon mwen pou pwogram ki otorize anba Lwa sou ti Biznis, jan yo amande li.
Reprezantan otorize aplikan an dwe sètifye ak bòn lafwa ak tout sa k anba a ak inisyal akote chak (tèm "pewòl la" ak "depans pewòl" jan yo itilize nan
sètifikasyon ki anba yo san bliye depans pwopriyetè (depans biznis plis konpansasyon pwopriyetè)):
Aplikan a tap fonskyone nan dat 15 fevriye 2020, pa te fèmen nèt, epi se swa kòm yon moun kalifye kap travay ak tèt li, antrepriz endepandan,
oswa antrepriz ak yon sèl pwopriyetè ki pa gen okenn anplwaye, oswa te gen anplwaye li peye salè ak taks pewòl pou yo oswa antreprenè
endepandan li te peye, jan yo rapòte sou Fòm (yo) 1099-MISC.
Sitiyasyon ekonomik ensèten jounen jodi a fè demann prè sa a nesesè pou Demandè a ka kontinye fonksyone.
Aplikan an te reyalize yon bès nan resèt anvan taks ki depase 25% nan sa ki gen pou wè ak peryòd tan konparezon ki enpòtan an. Pou prè ki
depase $150,000, Demandè a te bay dokiman a kreditè a ki pwouve yon bès nan resèt avan taks yo. Pou prè $150,000 oswa mwens, Demandè
a ap bay dokiman ki pwouve yon bès nan resèt anvant taks yo nan moman oswa anvan li chèche padon prè pou Prè Pwogram Pwoteksyon
chèk salè nan Dezyèm Tiraj la a oswa sou demann SBA.
Demandè a te resevwa yon Prè Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè Premye Tiraj la epi, anvan Prè Pwogram Pwoteksyon Chèk Dezyèm Tiraj
la debouse, ap deja itilize tout montan prè a (san bliye tout ogmantasyon) nan Prè Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè Premye Tiraj la sèlman
pou depans ki elijib.
Lajan yo pral itilize pou kenbe travayè epi kenbe pewòl; oswa fè peman pou enterè ipotèk, lwaye, sèvis piblik, depans operasyon ki kouvri,
depans pou domaj pwopriyete ki kouvri, depans pou founisè ki kouvri, ak depans pou pwoteksyon travayè ki garanti yo jan sa espesifye nan
Règ Pwogram Pwoteksyon Chèk la; Mwen konprann si fon yo itilize pou rezon san otorizasyon, gouvènman federal la ka kenbe m legalman
responsab, tankou pou akizasyon fwod.
Mwen konprann padon prè pral bay pou total depans pewòl dokimante, peman enterè ipotèk ki kouvri, peman lwaye ki kouvri, sèvis piblik
ki kouvri, depans operasyon ki kouvri, depans domaj pwopriyete ki kouvri, depans founisè ki kouvri, ak depans pwoteksyon travayè ki kouvri,
ak pa plis pase 40% nan kantite lajan padonnen pa dwe pou depans ki pa pewòl. Si sa nesesè, Demandè ap bay Kreditè a ak/oswa SBA
dokiman pou verifye kantite anplwaye plentan ekivalan sou pewòl Demandè a ansanm ak lajan depans ki kalifye pou peryòd ki kouvri apre
prè sa a.
Demandè a pa gen epi p ap resevwa yon lòt Prè Pwogram Pwoteksyon Chèk Prè nan DEzyèm Tiraj.
Aplikan an pa te apwouve pou yon sibvansyon Operatè Sal Evènman ki Fèmen (SVO) nan SBA apati dat aplikasyon prè sa a, epi aplikan an
rekonèt si aplikan an apwouve pou yon sibvansyon SVO anvan SBA bay yon nimewo prè pou prè sa a, aplikan an pa kalifye pou prè a epi
akseptasyon nenpòt montan prè pral konsidere kòm yon itilizasyon san otorizasyon.
Fòm SBA 2483-SD-C (3/21) 3
Pwogram Pwoteksyon Salè
Dezyèm Fòm Aplikasyon pou Pretè pou Ranpli Schedule C Sèvi ak Revni Brit
Revize 18 Mas 2021
Prezidan, Vis Prezidan, tèt depatman egzekitif la, oswa yon manm nan Kongrè, oswa mari oswa madanm moun sa jan yo detèmine anba lwa
komen aplikab, pa dirèkteman oswa endirèkteman kenbe yon patisipasyon majoritè Demandè a, kote kondisyon sa yo genyen siyifikasyon
yo bay nan Seksyon 322 Lwa sou Bizinis ki Pran Gwo frap, Antrepriz ki pap fè pwofi, ak Espas Evenman.
Demandè a se pa yon konpayi emetè, kote tit li yo sou yon echanj ki anrejistre kòm yon echanj tit nasyonal anba seksyon 6 nan Lwa 1934
sou Echanj Valè (15 J.S.C. 78f).
Demandè a se pa yon antrepriz oswa antite komèsyal (a) pou ki yo antite ki te kreye nan oswa òganize anba lwa nan Repiblik Popilè Lachin
oswa Rejyon Administratif Espesyal Hong Kong, oswa ki gen operasyon enpòtan nan Repiblik Popilè Lachin oswa Rejyon Administratif
Espesyal Hong Kong, posede oswa kenbe, dirèkteman oswa endirèkteman, pa mwens pase 20 pousan nan enterè ekonomik la nan antrepriz
oswa antite komèsyal la, ki gen ladan kòm aksyon patisipasif oswa yon kapital oswa enterè sou pwofi nan yon konpayi ak responsablite limite
oswa patenarya; oswa (b) ki konsève, kòm yon manm nan Konsèy administrasyon antepriz komèsyal la, yon moun ki se yon rezidan nan
Repiblik Popilè Lachin.
Aplikan an pa oblije soumèt yon deklarasyon enskripsyon anba seksyon 2 nan Lwa 1938 sou Enskripsyon Ajan etranje (22 U.S.C. 612.
Demandè a se pa yon antrepriz oswa antite komèsyal ki sitou angaje nan aktivite politik oswa lòbi, ki gen ladan nenpòt antite ki òganize pou
rechèch oswa pou angaje nan militans nan sektè tankou politik piblik oswa estrateji politik oubyen ankò ki dekri tèt li kòm yon gwoup
refleksyon nan nenpòt ki dokiman piblik.
Mwen sètifye tou enfòmasyon mwen bay nan aplikasyon an ak enfòmasyon yo bay nan tout dokiman sipò ak fòm yo vre epi kòrèk pou tout
sa ki enpòtan yo. Li klè pou mwen si mwen fè yon fo deklarasyon ak tout konsyans mwen pou m jwenn padon nan yon prè SBA-garanti
lalwa, ansanm ak 18 U.S.C. 1001 ak 3571, ki pini zak sa ak anprizonman ki pa plis pase senk lane ak/ oswa yon amann ki rive jiska $250,000;
anba 15 U.S.C. 645 ak anprizònman pa plis pase de zan ak/oswa yon amann ki pa plis pase $5,000; epi, si yo soumèt li bay yon enstitisyon
ki gen asirans federal, anba 18 U.S.C. 1014 ak anprizonman pa plis pase trant lane ak/oswa yon amann ki pa plis pase $1,000,000.
Mwen rekonèt Kreditè a pral konfime kantite lajan prè ki kalifye a lè l sèvi avèk dokiman obligatwa li soumèt yo. Li klè pou mwen, mwen
rekonèt epi mwen dakò pou Kreditè a pataje enfòmasyon taks mwen yo ak reprezantan otorize SBA yo, tankou reprezantan otorize Biwo
Enspektè Jeneral SBA, pou yo ka garanti konfòmite ak egzijans PPP yo ak tout revizyon SBA yo.
_________________________________________________________ ________________________
Siyati Reprezantan Otorize Demandè a Dat
_________________________________________________________ ________________________
Non ak lèt detache Tit
Fòm SBA 2483-SD-C (3/21) 4
Pwogram Pwoteksyon Salè
Dezyèm Fòm Aplikasyon pou Pretè pou Ranpli Schedule C Sèvi ak Revni Brit
Revize 18 Mas 2021
Objektif fòm sa a:
Fòm sa a dwe ranpli pa reprezantan otorize nan aplikan an epi soumèt bay kreditè Patisipan SBA ou a. Soumèt enfòmasyon yo mande yo oblije pran yon
detèminasyon konsènan kalifikasyon pou asistans finansye. Si ou pa soumèt enfòmasyon yo, sa pral afekte detèminasyon sa a.
Yon Aplikan ki depoze yon Fòm IRS 1040, Skedil C, epi ki chwazi pou kalkile kantite lajan prè PPP avèk revni brit dwe itilize fòm sa a. Yon Aplikan ki
depoze yon Fòm IRS 1040, Schedule C, epi ki chwazi pou kalkile montan prè PPP a lè li sèvi avèk pwofi nèt dwe itilize SBA Fòm 2483-SD. Yon Aplikan
ki ranpli yon Fòm IRS 1040, Skedil F, epi kalkile kantite lajan prè PPP avèk revni brit dwe itilize Fòm SBA 2483-SD.
Sa pou fè pou ranpli fòm sa a:
Pou rezon rapò Ane Kreyasyon an, aplikan ka antre nan "NA".
Pou yo ka rapòte Kòd NAICS, demandè yo dwe matche kòd aktivite biznis lan ki twouve l sou deklarasyon taks sou revni IRS yo, si sa aplikab. Pou rezon
kalkil depans pewòl maksimòm yon Demandè, yon Demandè ka miltipliye depans pewòl mwayen li yo hak mwa pa 3.5 sèlman si Demandè a nan sektè
akomodasyon ak sèvis manje e li te rapòte yon kòd NAICS ki kòmanse ak 72 kòm kòd aktivite biznis li yo sou dènye taks sou revni IRS li a.
Pou yo ka rapòte Kantite Anplwaye, antrepriz ak yon sèl pwopriyetè, moun kap travay ak tèt yo, ak antreprenè endepandan ta dwe mete tèt yo kòm anplwaye
(sètadi, kantite minimòm nan kare Kantite Anplwaye se youn). Pou NAICS 72 ak piblikatè nouvèl ak anons sou entènèt sèlman ki asiyen NAICS kòd 519130
epi angaje nan ranmasaj ak distribisyon nouvèl ak enfòmasyon lokal oswa rejyonal ak nasyonal, aplikan yo pa dwe depase 300 anplwaye pou chak lokal
fizik. Aplikan yo ka itilize mwayèn travay yo sou peryòd tan yo itilize pou kalkile depans total pewòl yo pou detèmine kantite anplwaye yo. Altènativman,
aplikan yo ka chwazi pou itilize kantite mwayèn anplwaye pou chak peryòd peman nan 12 mwa kalandriye yo ranpli anvan dat aplikasyon prè a.
Pou yo kalkile "Pewòl mwayen chak mwa." pifò demandè ap sèvi ak mwayèn pewòl chak mwa pou 2019 oswa 2020, eksepte depans plis pase $100,000
sou yon baz chak ane, jan yo kalkile oprorata pou peryòd yo peye yo oswa obligasyon pou peye yo angaje, pou chak anplwaye. Ane pewòl yo itilize a dwe
menm ak ane taks yo itilize pou kalkil revni brit la (bwat A nan nenpòt tab). Pou biznis sezonye yo, aplikan an ka chwazi pou li itilize pito mwayèn total
pewòl mwayen chak mwa pou nenpòt peryòd douz semèn aplikan an chwazi ant 15 fevriye 2019 ak 15 fevriye 2020, eksepte depans plis pase $100,000 sou
yon baz chak ane, jan sa kalkile oprorata pou peryòd yo peye yo oswa obligasyon pou yo angaje, pou chak anplwaye. Pou nouvo biznis san 12 mwa nan
depans pewòl men ki tap opere nan dat 15 fevriye 2020, mwayèn pewòl chak mwa ka kalkile ki baze sou kantite mwa nan ki depans pewòl yo te fèt, eksepte
depans plis pase $100,000 sou yon baz chak ane pou chak anplwaye, jan yo kalkile oprorrata pou peryòd peman yo te fèt oswa obligasyon pou fè peman yo
fèt, pou chak anplwaye.
Nan sa ki gen pou wè ak "objektif prè a," depans pewòl gen ladan yo konpansasyon pou anplwaye (ak prensipal adrès rezidans yo se Etazini) sou fòm salè,
komisyon, oswa konpansasyon menm jan; tep kach oswa ekivalan (sou baz dosye anplwayè nan tep lontan oswa, si dosye sa yo ta va absan, yon estimasyon
rezonab ak bòn fwa tep sa yo patwon an fè): peman pou vakans, konje pou paran, fanmi, medikal, oswa konje maladi (esepte kantite lajan konje sa yo ki
peye e ki gen yon kredi otorize Seksyon FFCRA 7001 ak 7003); alokasyon pou separasyon oswa ranvwa; peman pou dispozisyon avantaj anplwaye yo
(tankou prim asirans) ki gen ladan pwoteksyon swen sante gwoup, asirans vi gwoup, asirans pou andikap, vizyon, oswa dan, ansanm ak avantaj sosyal retrèt;
peman taks eta ak lokal yo evalye sou konpansasyon anplwaye; epi, pou yon antreprenè endepandan oswa antrepriz ak yon sèl pwopriyetè, salè, komisyon,
revni, oswa salè apre taks nan travay endepandan oswa konpansasyon menm jan. Sa a gen ladan depans pwopriyetè, ki vle di depans biznis plis konpansasyon
propriyetè a.
Si aplikan an se yon antrepriz ki kalifye pou rezon taks sou revni federal ((1) manm yo sèlman nan antrepriz la jwenti yo se yon koup marye ki ranpli yon
retou jwenti ak chak dosye Schedule C, (2) tou de mari oswa madanm materyèl patisipe nan komès la oswa biznis, ak (3) tou de mari oswa madanm chwazi
pa dwe trete kòm yon patenarya), se sèlman yon sèl mari oswa madanm ka soumèt fòm sa a nan non antrepriz la ki kalifye. Pou rezon pou rapòte Kantite
Anplwaye, yo ta dwe konte chak mari chak madanm. Pou yo ka detèmine ki tab pou itilize pou kalkile kantite lajan pou Demann Prê a, si Aplikan pa gen
okenn lòt anplwaye ki se pa koup marye a, ranpli tablo ki make "Si ou pa gen okenn lòt anplwaye pase tèt ou, ranpli tablo sa a." Pou rezon kalkile revni brit,
antre nan sòm total revni brit (Schedule C, liy 7) nan tou de mari oswa madanm yo. Pou yo ka kalkile kantite lajan pou demann prè a, kantite lajan ki antre
nan kare B nan nenpòt tab limite a $8,333.33.
Nan detèmine si aplikan an te fè eksperyans omwen yon rediksyon 25% nan resi brit, pou prè ki depase $ 150,000, aplikan an dwe idantifye trimès 2020 la
ki satisfè egzijans sa a, idantifye trimès referans lan, epi deklare kantite resi brit yo pou tou de trimès yo, osi byen ke bay dokiman sipò. Pou prè $150,000
ak pi ba, chan sa yo pa obligatwa epi Demandè a sèlman dwe sètifye Demandè a te satisfè 25% rediksyon resèt anvan taks yo nan moman aplikasyon an;
sepandan, nan moman oswa anvan chache padon prè (oswa sou demann SBA) Demandè a dwe bay dokiman ki montre trimès 2020 an satisfè kondisyon sa
a, idantifye trimès referans la, deklare montan resèt anvan taks yo pou tou de trimès yo, epi sipòte kantite lajan yo bay yo. Pou tout prè, trimès referans ki
apwopriye a depann sou depi konbyen tan Demandè a ap fonksyone:
Pou tout antite ki pa satisfè kondisyon ki tabli anba a, Aplikan dwe demontre resèt anvan taks yo nan nenpòt trimès 2020 te omwen 25% pi ba pase
menm trimès 2019 la. Menm jan, Aplikan ka konpare resèt anvan taks nan lane 2020 ak resèt anvant taks pou lane 2019; Aplikan ki chwazi sèvi ak
resèt anvan taks dwe antre "Chak Ane" nan trimès 2020 an ak chan Trimès Referans lan, epi, jan dokiman yo mande yo, yo dwe soumèt kopi fòm
taks chak ane ki pwouve bès resèt anvan taks chak ane a.
Pou antite ki pa nan biznis pandan premye ak dezyèm trimès 2019 yo, men ki fonksyone pandan twazyèm ak katriyèm trimès 2019 yo,Aplikan dwe
demontre resèt anvan taks nan nenpòt trimès 2020 yo te omwen 25% pi ba pase twazyèm oswa katriyèm trimès 2019 yo.
Pou antite ki pa nan biznis pandan premye, dezyèm, ak twazyèm trimès 2019 yo fonksyone pandan katriyèm trimès 2019 la, Aplikan yo dwe
demontre resèt anvan taks yo nan nenpòt trimès nan 2020 yo te omwen 25% pi ba pase katriyèm trimès 2019 lan.
Pou antite ki pa te nan biznis pandan ane 2019 la men te fonksyone nan dat 15 fevriye 2020,Aplikan dwe demontre resèt anvan taks yo nan dezyèm,
twazyèm, oswa katriyèm trimès 2020 yo te omwen 25% pi ba pase premye trimès 2020 an.
Resèt anvan taks gen ladan tout revni nan kèlkeswa fòm ou resevwa oswa akimile (annakò ak metòd kontablite aplikan an soti nan kèlkeswa sous la, ki gen
ladan nan lavant pwodwi oswa sèvis, enterè, dividand, pri lwaye, redevans, frè, oswa komisyon, mwens retou ak alokasyon. Anjeneral, resèt yo konsidere
Fòm SBA 2483-SD-C (3/21) 5
Pwogram Pwoteksyon Salè
Dezyèm Fòm Aplikasyon pou Pretè pou Ranpli Schedule C Sèvi ak Revni Brit
Revize 18 Mas 2021
kòm "revni total" plis "pri machandiz yo vann" epi pa gen ladann pwofi oswa pèt kapital paske kondisyon sa yo defini epi rapòte sou fòm deklarasyon taks
IRS yo. Resèt anvan taks pa rantre nan tax yo pran annapre yo epi yo peye bay yon otorite fiskal si l rantre nan revni anvan taks oswa total, tankou lavant
oswa lòt taks kolekte nan men kliyan eksepte taks prelve sou antrepriz la oswa anplwaye li yo; pwofi ki soti nan tranzaksyon ant yon antrepriz ak afilye
domestik oswa etranje li yo; ak kantite lajan kolekte pou yon lòt pa yon ajan vwayaj, ajan imobilye, ajan piblisite, founisè sèvis jesyon konferans, transpò
machandiz oswa koutye ladwann. Tout lòt bagay yo, tankou depans antrepriz sou kontrakte, ranbousman pou acha yon antrepriz sou kontra fè sou demann
yon kliyan, revni envestisman, ak depans pou anplwaye ankou taks pewòl pa dwe soti nan resèt anvan taks yo. Resèt anvan taks yon pretè dwe adisyone ak
resèt anvan taks afilye li yo.
Pou yon pwopriyetè sèl, se sèl pwopriyetè a yo konsidere kòm mèt aplikan an. Pou yon konpayi responsablite limite ki gen yon sèl manm epi ki trete kòm
yon antite neglije pou rezon taks sou revni federal epi li depoze Skedil C, manm lan konsidere kòm yon sèl pwopriyetè ak pwopriyetè aplikan an. Si aplikan
an trete kòm yon antrepriz ki kalifye pou rezon taks sou revni federal (manm yo sèlman nan antrepriz la se yon koup marye ki ranpli yon retou jwenti ak
chak ranpli yon Orè C), tou de mari oswa madanm yo konsidere kòm pwopriyetè sèl ak mèt nan Aplikan an.
Pou rezon rapò (pa obligatwa) enfòmasyon demografik:
1. Objektif. Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman.
2. Deskripsyon. Fòm sa mande enfòmasyon sou chak Prensipal Pretè a. Ajoute lòt fèy si gen bezwen.
3. Definisyon Prensipal. Tèm “Prensipal” la vle di:
Endividi ki ap travay pou pwòp tèt yo, kontraktè endepandan, oswa sèl pwopriyetè.
Tout moun Aplikan anplwaye pou jere aktivite toulejou Aplikan (“anplwaye kle”).
4. Non Prensipal la. Ajoute tout non Prensipal la.
5. Pozisyon Prensipal la. Idantifye pozisyon Prensipal la: Endividi ki ap travay pou pwòp tèt pa li, antreprenè endepandan, sèl pwopriyetè, oswa
anplwaye kle.
Lwa sou Rediksyon Travay Administrasyon – Ou pa blije reponn ak ansanm enfòmasyon sa yo sòfsi yo genyen yon Nimewo Kontwol OMB valid pou
kounye a. Tan yo evalye pou ranpli aplikasyon an, ak ladann kolekte enfòmasyon nesesè, se 8 minit. Kòmantè sou tan sa a oswa enfòmasyon yo mande yo
ta dwe voye bay: Small Business Administration, Director, Records Management Division, 409 3rd St., SW, Washington DC 20416, ansanm ak/oswa SBA
Desk Officer, Office of Management and Budget, New Executive Office Building, Washington DC 20503. TANPRI PA VOYE FOM NAN ADRÈS
SA YO.
Lwa Sou Pwoteksyon Vi Prive (5 U.S.C. 552a) – Dapre dispozisyon ki nan Lwa sou Vi Prive a, ou pa oblije bay nimewo sekirite sosyal ou. Si ou pa bay
nimewo sekirite sosyal ou an, sa pa ka afekte okenn dwa, avantaj oswa privilèj ou gen dwa ak yo. (Men gade Avi sou Rekouvreman Dèt konsènan nimewo
idantifikasyon kontribyab ki anba a.) Divilgasyon non ak lòt idantifikasyon pèsonèl yo obligatwa pou sa bay SBA ase enfòmasyon pou fè yon detèminasyon
karaktè. Lè l ap evalye karaktè, SBA konsidere entegrite moun nan, senserite li, ak dispozisyon li genyen pou aksyon kriminèl. Anplis de sa, SBA gen yon
otorizasyon espesyal pou l verifye istwa kriminèl ou, oswa si w pa genyen, dapre seksyon 7 (a)(1)(B), 15 U,S,C. 636(a)(1)(B) nan Lwa sou Ti Biznis la.
Divilgasyon enfòmasyon – Demand pou enfòmasyon sou yon lòt pati yo ka refize sof si SBA gen pèmisyon alekri moun nan pou divilge enfòmasyon yo
bay moun kap fè demand lan oswa sof si enfòmasyon yo ka divilge dapre Lwa sou Libète Enfòmasyon. Lwa sou Konfidansyalite otorize SBA fè sèten
"itilizasyon woutin" ak enfòmasyon Lwa sa a pwoteje. Youn nan itilizasyon woutin sa yo se divilgasyon enfòmasyon ki konsève nan sistèm dosye SBA’ lè
enfòmasyon sa yo endike yon vyolasyon oswa posib vyolasyon lalwa, kit li sivil, kriminèl, oswa administratif. Byen espesyal, SBA ka refere enfòmasyon
yo bay ajans apwopriye a, kit se Federal, Eta, lokal oswa etranje, ki responsab pou, oswa otreman patisipe nan envestigasyon, pouswit jidisyè, ranfòsman
oswa prevansyon vyolasyon sa yo. Yon lòt itilizasyon woutin se divilgasyon bay lòt ajans Federal ki fè tyèk sou pase moun men sèlman nan limit enfòmasyon
yo enpòtan poufonksyon ajans kap mande yo a. Gade, 74 F.R. 14890 (2009) epi jan li amande de tan zan tan pou plis tyèk itwa pase moun ak lòt woutin.
Mete sou sa, Lwa CARES la egzije pou SBA enskri chak prè ki fèt nan Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè a avèk Nimewo Idantifikasyon Kontribyab la
(TIN) ki asiyen bay pretè lajan.
Lwa 1982 sou Rekouvreman Dèt, Lwa 1984 sou Rediksyon Defisi (31 U.S.C. 3701 et seq. ak lòt tit) – SBA dwe jwenn nimewo idantifikasyon kontribyab
ou lè ou aplike pou yon prè. Si ou resevwa yon prè, epi ou pa peye lè dat la rive,SBA kapab: (1) rapòte estati prè ou (yo) bay biwo kredi yo, (2) anboche
yon ajans rekouvreman pou kolekte prè ou a, (3) konpanse ranbousman taks sou revni ou oswa lòt kantite lajan Gouvènman Federal la dwe ou, (4) sispann
oswa anpeche ou oswa konpayi ou nan fè biznis ak Gouvènman Federal la, (5) refere prè ou bay Depatman Jistis, oswa (6) pran lòt aksyon yo otorize nan
enstriman prè yo.
Lwa 1978 sou Dwa pou Pwoteksyon Enfomasyon Finansye (12 U.S.C. 3401) – Lwa 1978 sou Dwa pou Konfidansyalite Finansye, akòde dwa aksè SBA
nan dosye finansye ki kenbe nan enstitisyon finansye kap fè oswa ki te fè biznis avèk ou oswa biznis ou, san bliye nenpòt enstitisyon finansye k ap patisipe
nan yon prè oswa prè garanti. SBA sèlman oblije remèt yon sètifika konfòmite li ak Lwa a bay yon enstitisyon finansye anrapò avèk premye demann li an
pou aksè nan dosye finansye ou. Dwa aksè SBA kontinye pandan dire nenpòt akò garanti prè ki apwouve. SBA otorize tou transfere nan yon lòt otorite
Gouvènman nenpòt dosye finansye konsènan yon prè apwouve oswa garanti prè, jan sa nesesè nan pwosesis, sèvis oswa sezi sou yon garanti prè oswa
kolekte sou yon garanti prè remet.
Lwa sou Libète Enfòmasyon (5 U.S.C. 552) – Lwa sa prevwa, ak kèk eksepsyon, pou SBA bay enfòmasyon ki reflete nan dosye ak dokiman ajans lan bay
yon moun ki mande li. Enfòmasyon sou prè apwouve ki jeneralman pibliye gen ladan, pami lòt bagay, estatistik sou pwogram prè nou yo (pretè endividyèl
yo pa idantifye nan estatistik yo) ak lòt enfòmasyon tankou non prete yo, kantite lajan prè a, ak kalite prè an. Done propriyetè sou yon pretè lajan pa ta dwe
disponib sistematikman pou lòt moun. Tout demand kap antrave Lwa sa a fèt pou adrese nan biwo SBA ki pi pre a epi yo fèt pou idantifye kòm yon demann
Libète Enfòmasyon.
Lwa sou Sante ak Sekirite nan Travay (15 U.S.C. 651 et seq.) – Administrasyon Sante ak Sekirite nan Travay (OSHA) kapab mande pou biznis modifye
enstalasyon ak pwosedi yo pou pwoteje anplwaye. Biznis ki pa konfòme yo ka gen pou peye amann epi oblije diminye danje yo nan espas travay yo. Yo ka
resevwa lòd tou pou yo sispann operasyon ki poze yon danje lanmò iminan oswa blesi grav jiskaske anplwaye yo ka pwoteje. Lè li siyen fòm sa a,aplikan
an sètifye, dapre tou sa l konnen, li konfòme l avèk kondisyon OSHA mande yo, epi li ap toujou konfòme li pandan lavi diran prè a.
Fòm SBA 2483-SD-C (3/21) 6
Pwogram Pwoteksyon Salè
Dezyèm Fòm Aplikasyon pou Pretè pou Ranpli Schedule C Sèvi ak Revni Brit
Revize 18 Mas 2021
Dwa sivil (13 C.F.R. 112, 113, 117) – Tout biznis kap resevwa asistans finansye SBA dwe dakò pou yo pa fè diskriminasyon nan okenn pratik biznis,
tankou pratik travay ak sèvis pou piblik la sou baz kategori ki site nan 13 C.F.R., Pati 112, 113 ak 117 Règ SBA yo. Tout pretè yo dwe montre "Afich
Opòtinite Travay Egal" SBA preskri a.
Lwa sou Opòtinite Kredi Egal (15 U.S.C. 1691) – Li entèdi pou Kreditè fè diskriminasyon kont aplikan kredi sou baz ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal,
sèks, eta sivil oswa laj (depi aplikan an gen kapasite pou siyen yon kontra obligatwa); paske tout oswa yon pati nan revni aplikan an sòti nan nenpòt pwogram
asistans piblik; oswa paske demandè a ak bòn fwa li te egzèse nenpòt dwa dapre Lwa sou Pwoteksyon Kredi Konsomatè a.
Dekrè Egzekitif sou Esklizyon ak Sispansyon 12549 (2 C.F.R. Pati 180 ak Pati 2700) – Lè ou soumèt aplikasyon prè sa a, ou sètifye ni aplikan, ni okenn
pwopriyetè aplikan an te,nan twa dènye ane ki sot pase yo: (a) te jwenn entèdiksyon, sispansyon, deklarasyon inejiblite oswa esklizyon volontè nan men
yon ajans federal pou patisipasyon nan yon tranzaksyonl; (b) fòmèlman pwopoze pou entèdiksyon, ak yon detèminasyon final toujou annatant; (c) te akize,
kondane, oswa te fè gen jijman sivil kont ou pou nenpòt nan ofans yo ki nan lis nan règleman yo oswa (d) te delenkan sou nenpòt kantite lajan li dwe.
Gouvènman ameriken oswa ajans li yo nan dat siyati sètifikasyon sa a.
Fòm SBA 2483-SD-C (3/21) 7
File and source
- File
- 2021-04_BorrowerApplication2483SDCARPrevisions-final-3-18-21-rev_haitian.pdf
- Size
- 295,461 bytes
- SHA-256
- 630c96b2713493a06b4ffaf4fcd6aa36fdff97da7e0728ace73f490360b99ac0
- Original
- www.sba.gov