Pandemic Darlings The pandemic economy, in original documents
Home Source documents Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon pou Pretè Revize nan dat 18 m (Haitian Creole)

Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon pou Pretè Revize nan dat 18 m (Haitian Creole)

Summary

Haiti Creole (Kreyol Ayisyen) version of the PPP borrower application form, OMB control number 3245-0407, form 085. It asks applicants to select a business type, such as sole proprietor, partnership, corporation, LLC, independent contractor, self-employed individual or eligible nonprofit. It then asks for business details, the loan calculation, ownership and eligibility answers, followed by certifications.

Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used

Full text

                                              Pwogram Pwoteksyon Salè                                                     Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
                               Fòm Aplikasyon pou Pretè Revize nan dat 18 mas 2021                                               Dat Ekspirasyon: 30/9/2021
                                                                                                                          085 - Haiti Creole - Kreyol Ayisyen

    Tyeke Youn:         Yon Sèl Pwopriyetè  Patenarya  C-Corp  S-Corp               DBA oswa Non Komèsyal,              Ane kreyasyon li
                        LLC  Antreprenè endepandan                                          (si aplikab)                   (si sa aplikab)
                        Endividi ki anplwaye tèt yo
                        Oganizasyon san bi likratif 501(c)(3)
                        Oganizasyon 501(c)(6)  Oganizasyon veteran 501(c)(19)
                        Ogaznizasyon veteran 501(c)  Koperativ Lojman 
                       Biznis Tribi  Lòt ___________________________
                                                                                                                      Aplikan (ki gen ladan afilye, si
                                  Non Legal Biznis la                                         Kòd NAICS              sa aplikab) Satisfè Kritè Gwosè
                                                                                                                           Nòmal (tcheke youn):
                                                                                                                      Pa plis pase 500 anplwaye
                                                                                                                     (oswa 300 anplwaye, si sa
                                                                                                                     aplikab) sof si "pou chak lokal"
                                                                                                                     eksepsyon aplike
                                                                                                                      Kritè gwosè endistri SBA
                                                                                                                      Kritè gwosè altènatif SBA
    Adrès Biznis (Ri, Vil, Eta, Kòd Postal - Adrès Bwat Postal Nimewo P.O. yo                  Biznis TIN
                                                                                                                              Telefòn Biznis
                                      otorize)                                              (EIN, SSN, ITIN)


                                                                                             Premye Kontak                      Adrès Imèl


                                                x 2.5 + EIDL (Pa Mete
    Pewòl mwayen chak                                                                                    Kantite
                      $                         Nenpòt Avans EIDL) egal             $
    mwa:                                                                                                 Anplwaye:
                                                Kantite Lajan Demann Prè a:

                              Depans pewòl              Lwaye/Enterè ipotèk            Sèvis Piblik                  Depans operasyon ki asire
    Objektif prè a
    (chwazi tout sa ki
    aplike):                  Depans pou domaj                                          Depans pwoteksyon             Lòt (esplike):
                                                         Depans Founisè ki asire
                             pwopriyete ki asire                                        travayè ki asire               ______________________

                                                           Pwopriyete Demandè a
   Lis tout pwopriyetè 20% oswa plis nan aksyon Demandè a. Tache yon fèy apa si sa nesesè.
                 Non Pwopriyetè                            Tit            % Pwopriyetè TIN (EIN, SSN,                         Adrès
                                                                                           ITIN)



                                               Enfòmasyon Demografik Aplikan PPP (li pa obligatwa)
   Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman. Piblikasyon fèt si w vle e sa pap gen okenn
   enpak sou desizyon aplikasyon an.
   Non Prensipal la                                                      Pozisyon Prensipal la

                           Chwazi Repons Anba a:

   Veteran                  Pa-Veteran;  Veteran;  Veteran Andikape;  Mari oswa Madanm Veteran;  Pa Divilge

   Gason ou Fi              Gason;  Fi;  Pa Divilge

   Ras (ou ka chwazi        Endyen Ameriken oswa Natif Alaska;  Azyatik;  Nwa oswa Afriken-Ameriken;  Natif Awayi oswa Zile Pasifik;
   plis pase 1)             Blan;  Pa Divilge

   Etnisite                 Ispanik oswa Latino;  Pa Ispanik oswa Latino;  Pa Divilge




Fòm 2483 SBA (3/21)                                                             1
                                                           Pwogram Pwoteksyon Salè
                                         Fòm Aplikasyon pou Pretè PPP Revize nan dat 18 mas 2021

   Si repons pou kesyon (1), (2), (5), oswa (6) se "Wi," prè a pa p apwouve.
                                                                       Kesyon                                                                  Wi   Non
  1. Èske demandè a oswa nenpòt pwopriyetè Demandè a pou kounye a te jwenn sispansyon, entèdiksyon, twouve l sou lis pou
     entèdiksyon, deklare pa kalifye, te mete deyò nan patisipasyon nan tranzaksyon sa a nan men yon depatman oswa ajans federal, oswa
     enplike nan yon fayi pou kounye a?
  2. Èske aplikan an, nenpòt pwopriyetè aplikan, oswa nenpòt biznis ki se pwopriyete oswa anba kontwòl youn ladan yo, janm jwenn yon
     prè dirèk oswa garanti nan men SBA oswa nenpòt lòt ajans federal (ki se pa yon prè etidyan Federal ki fèt oswa garanti atravè yon
     pwogram Depatman Edikasyon ap jere) ki (se (a) delenkan jounen jodi a, oswa (b) ki pa peye nan 7 dènye ane yo epi te lakòz
     gouvènman pèdi lajan?
  3. Èske Demandè a oswa nenpòt pwopriyetè Demandè a se pwopriyetè yon lòt biznis, oswa gen jesyon komen (ki gen ladan yon akò
     jesyon) ak nenpòt ki lòt biznis? Si wi, fè lis tout biznis sa yo (san bliye TIN yo si genyen) epi bay detay sou relasyon an sou yon fèy
     apa yo rele addendum A.
  4. Èske Demandè a te resevwa yon prè SBA pou Katastwòf Ekonomik ant 31 janvye 2020 ak 3 avril 2020? Si wi, bay detay sou yon fèy
     apa yo rele addendum B.
  5. Èske demandè a (si se yon moun) oswa nenpòt moun ki posede 20% oswa plis nan kapital demandè a twouve l pou kounye a nan
     prizon oswa, pou nenpòt ki krim, twouve l anba yon akizasyon, enfòmasyon kriminèl, konparisyon nan tribinal, oswa lòt mwayen ki
     pote akizasyon kriminèl fòmèl nan nenpòt jiridiksyon?
     Mete inisyal ou isit la pou konfime repons ou bay pou kesyon 5→             _____________________
  6. Nan 5 dènye ane yo, pou nenpòt krim ki enplike fwod, koripsyon, detounman fon, oswa yon fo deklarasyon nan yon aplikasyon pou
     prè oswa yon aplikasyon pou asistans lajan federal, oswa nan dènye ane a, pou nenpòt ki lòt krim, eske aplikan an (si yon moun )
     oswa nenpòt pwopriyetè aplikan 1) te kondane; 2) plede koupab; 3) plede nolo contendere; oswa 4) kòmanse nenpòt fòm libète
     pwovizwa oswa pwobasyon (ki gen ladan pwobasyon anvan jijman)?
     Mete inisyal ou isit la pou konfime repons ou bay pou kesyon 6 →_____________________
  7. Èske Etazini se prensipal rezidans pou tout anplwaye yo mete nan kalkil pewòl Demandè a pi wo a?
  8. Èske Demandè a se yon antrepriz ak franchiz?
  9. Èske franchiz la nan Anyè Franchiz SBA a? Si repons lan se wi, antre Kòd Idantifikasyon Franchiz SBA isit la:_______________




Fòm 2483 SBA (3/21)                                                              2
                                                              Pwogram Pwoteksyon Salè
                                            Fòm Aplikasyon pou Pretè PPP Revize nan dat 18 mas 2021

Lè ou siyen Anba la, Ou fè Reprezantasyon, Otorizasyon ak Sètifikasyon Annapre yo
 Mwen sètifye:
         Mwen li deklarasyon ki ekri nan fòm sa a, tankou Deklarasyon Lalwa ak Dekrè Egzekitif Egzije yo, epi mwen konprann yo.
         Aplikan an kalifye pou li resevwa yon prè, dapre règleman ki an vigè nan moman aplikasyon sa a soumèt, ki te soti nan Administrasyon Ti Biznis
          (SBA) ak Depatman Trezò a (Trezò) kap aplike Pwogram Pwoteksyon Chèk salè anba Divizyon A. Tit I nan Lwa sou Asistans, Sekou, ak Sekirite
          Ekonomik pou Kowonaviris la (Lwa CARES) ak Èd Ekonomik pou Ti Biznis ki pran gwo frap, Oganizasyon san bi likratif ak Espas Organizasyon
          Evenman ak Ti V nan Lwa sou Sekou Ameriken 2021 an (Règleman Pwogram Pwoteksyon Salè a).
         Aplikan an, ansanm ak afilye li yo (si genyen), (1) se yon antreprenè endepandan, yon endividi ki travay ak tèt li, oswa sèl pwopriyetè ki pa gen
          anplwaye; (2) si se pa yon kowoperativ lojman, òganizasyon 501(c)(6) elijib, oswa lòt òganizasyon 501(c) elijib òganizasyon kap fè maketing
          touristik ki kalifye, pa anplwaye plis pase 500 anplwaye oswa, si sa aplikab, kritè gwosè nan kantite anplwaye SBA fikse nan 13 C.F.R. 121.201
          pou endistri aplikan an; (3) si yon kowoperativ lojman, pa anplwaye plis pase 300 anplwaye; (4) si yon òganizasyon ki kalifye 501 (c)(6), lòt
          òganizasyon ki kalifye 501 (c), oswa yon òganizasyon maketing touristik ki kalifye, pa anplwaye plis pase 300 anplwaye pou chak kote fizik; (5)
          si NAICS 72 oswa yon 501 (c)(3) òganizasyon, pa anplwaye plis pase 500 anplwaye pou chak kote fizik; (6) si yon òganizasyon kap bay nouvèl
          kote pifò se posesyon oswa plase anba yon biznis NAICS kòd 511110 oswa 5151, yon antite radyodifizyon piblik san bi likratif ak yon komès oswa
          biznis anba NAICS kòd 511110 oswa 5151, oswa yon piblikatè nouvèl oswa anons sou entènèt sèlman ak yon NAICS Kòd 519130 epi angaje nan
          ranmasaj ak distribisyon nouvèl ak enfòmasyon lokal oswa rejyonal ak nasyonal, anplwaye pa plis pase 500 anplwaye (oswa, si sa aplikab, gwosè
          nòmal nan kantite anplwaye selon SBA nan 13 C.F.R. 121.201 pou sektè aplikan an) pou chak lokal; oswa (7) se yon ti biznis anba kritè gwosè sou
          baz revni SBA fikse nan 13 C.F.R. 121.201 pou sektè demandè a oswa selon kritè gwosè altènatif SBA a.
         M ap konfòme m, chak fwa sa aplikab, ak dwa sivil yo ak lòt limit nan fòm sa a.
         Tout benefis ki soti nan prè yo ap itilize sèlman pou rezon ki gen rapò ak biznis jan sa espesifye nan aplikasyon prè a epi ki konsistan avèk Règleman
          Pwogram Pwoteksyon Chèk salè a ki gen ladan entèdiksyon pou itilize lajan prè a pou aktivite lòbi ak depans. Si Aplikan an se yon òganizasyon
          nouvèl ki te vin kalifye pou yon prè anba Seksyon 317 nan Lwa sou Èd Ekonomik pou ti biznis ki pran gwo-frap, sak san bi likratif, ak Espas
          Evenman, montan prè a pral itilize pou sipòte depans nan eleman ki konsène biznis la ki pwodui oswa distribye enfòmasyon sitou lokal oswa ijans.
          Si aplikan an se yon piblikatè nouvèl oswa anons sou entènèt sèlman ki te vin kalifye pou yon prè anba Seksyon 5001 nan Lwa sou Plan Sekou
          Ameriken 2021 an, montan prè a pral itilize pou sipòte depans nan pati biznis la oswa òganizasyon an ki sipòte nouvèl lokal oswa rejyonal yo.
         Mwen konprann SBA ankouraje acha, nan limit sa posib, ekipman ak pwodwi Ameriken fabrike.
         Demandè a pa angaje nan okenn aktivite ki ilegal dapre lwa onivo federal, eta oswa lokal.
         Nenpòt prè EIDL Aplikan a resevwa (Seksyon 7(b)(2) nan Lwa sou Ti Biznis la) ant 31 janvye 2020 ak 3 avril 2020 se te pou yon objektif ki se pa
          peye depans pewòl ak lòt itilizasyon ki akseptab pou prè anba Règleman Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè a.
 Pou demandè ki se endividi: Mwen otorize SBA a pou l mande enfòmasyon dosye kriminèl sou mwen nan men ajans jistis penal nan bi pou detèmine
 kalifikasyon mwen pou pwogram ki otorize anba Lwa sou ti Biznis, jan yo amande li.
 Reprezantan otorize Aplikan an dwe sètifye ak bòn fwa pou tout sa ki anba a ak yon inisyal akote chak:
           Aplikan an tap fonskyone nan dat 15 fevriye 2020, pa te fèmen nèt, epi te swa yon moun kalifye kap travay ak tèt li, antrepriz endepandan, oswa
           antrepriz ak yon sèl pwopriyetè ki pa gen okenn anplwaye, oswa te gen anplwaye li te peye salè ak taks pewòl pou yo oswa li te peye antreprenè
           endepandan, jan yo rapòte sou Fòm 1099-MISC (yo).
           Sitiyasyon ekonomik ensèten jounen jodi a fè demann prè sa a nesesè pou Demandè a ka kontinye fonksyone.
           Lajan yo pral itilize pou kenbe travayè epi kenbe pewòl; oswa fè peman pou enterè ipotèk, lwaye, sèvis piblik, depans operasyon ki kouvri, depans
           pou domaj pwopriyete ki kouvri, depans pou founisè ki kouvri, ak depans pou pwoteksyon travayè ki garanti yo jan sa espesifye nan Règ Pwogram
           Pwoteksyon Chèk la; Mwen konprann si fon yo itilize pou rezon san otorizasyon, gouvènman federal la ka kenbe m legalman responsab, tankou
           pou akizasyon fwod.
           Mwen konprann padon prè pral bay pou total depans pewòl dokimante, peman enterè ipotèk ki kouvri, peman lwaye ki kouvri, sèvis piblik ki
           kouvri, depans operasyon ki kouvri, depans domaj pwopriyete ki kouvri, depans founisè ki kouvri, ak depans pwoteksyon travayè ki kouvri, ak
           pa plis pase 40% nan kantite lajan padonnen pa dwe pou depans ki pa pewòl. Si sa nesesè, Demandè ap bay Kreditè a ak/oswa SBA dokiman pou
           verifye kantite anplwaye plentan ekivalan sou pewòl Demandè a ansanm ak lajan depans ki kalifye pou peryòd ki kouvri apre prè sa a.
           Aplikan an pa resevwa epi pap resevwa yon lòt prè anba Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè a, seksyon 7(a)(36) nan Lwa sou Ti Biznis (15 U.S.C.
           636(a)(36)) (sa pa gen ladan Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè dezyèm tiraj prè a, seksyon 7 (a)(37) nan Lwa sou Ti Biznis (15 U.S.C. 636(a)(37)).
           Aplikan an pa te apwouve pou yon sibvansyon Operatè Sal Evènman ki Fèmen (SVO) nan SBA apati dat aplikasyon prè sa a, epi aplikan an
           rekonèt si aplikan an apwouve pou yon sibvansyon SVO anvan SBA bay yon nimewo prè pou prè sa a, aplikan an pa kalifye pou prè a epi
           akseptasyon nenpòt montan prè pral konsidere kòm yon itilizasyon san otorizasyon.
           Prezidan, Vis Prezidan, tèt depatman egzekitif la, oswa yon manm nan Kongrè, oswa mari oswa madanm moun sa jan yo detèmine anba lwa
           komen aplikab, pa dirèkteman oswa endirèkteman kenbe yon patisipasyon majoritè Demandè a, kote kondisyon sa yo genyen siyifikasyon yo bay
           nan Seksyon 322 Lwa sou Bizinis ki Pran Gwo frap, Antrepriz ki pap fè pwofi, ak Espas Evenman.
           Demandè a se pa yon konpayi emetè, kote tit li yo sou yon echanj ki anrejistre kòm yon echanj tit nasyonal anba seksyon 6 nan Lwa 1934 sou
           Echanj Valè (15 J.S.C. 78f).




  Fòm 2483 SBA (3/21)                                                                 3
                                                         Pwogram Pwoteksyon Salè
                                        Fòm Aplikasyon pou Pretè PPP Revize nan dat 18 mas 2021

        Mwen sètifye tou enfòmasyon mwen bay nan aplikasyon an ak enfòmasyon yo bay nan tout dokiman sipò ak fòm yo vre epi kòrèk pou tout sa ki
        enpòtan yo. Li klè pou mwen si mwen fè yon fo deklarasyon ak tout konsyans mwen pou m jwenn padon nan yon prè SBA-garanti lalwa, ansanm
        ak 18 U.S.C. 1001 ak 3571, ki pini zak sa ak anprizonman ki pa plis pase senk lane ak/ oswa yon amann ki rive jiska $250,000; anba 15 U.S.C.
        645 ak anprizònman pa plis pase de zan ak/oswa yon amann ki pa plis pase $5,000; epi, si yo soumèt li bay yon enstitisyon ki gen asirans federal,
        anba 18 U.S.C. 1014 ak anprizonman pa plis pase trant lane ak/oswa yon amann ki pa plis pase $1,000,000.
        Mwen rekonèt Kreditè a pral konfime kantite lajan prè ki kalifye a lè l sèvi avèk dokiman obligatwa li soumèt yo. Li klè pou mwen, mwen rekonèt
        epi mwen dakò pou Kreditè a pataje enfòmasyon taks mwen yo ak reprezantan otorize SBA yo, tankou reprezantan otorize Biwo Enspektè Jeneral
        SBA, pou yo ka garanti konfòmite ak egzijans PPP yo ak tout revizyon SBA yo.


_________________________________________________________                                     ________________________
Siyati Reprezantan Otorize Demandè a                                                          Dat


_________________________________________________________                                     ________________________
Non ak lèt detache                                                                            Tit




 Fòm 2483 SBA (3/21)                                                            4
                                                             Pwogram Pwoteksyon Salè
                                           Fòm Aplikasyon pou Pretè PPP Revize nan dat 18 mas 2021

Objektif fòm sa a:
Fòm sa a dwe ranpli pa reprezantan otorize nan aplikan an epi soumèt bay kreditè Patisipan SBA ou a. Soumèt enfòmasyon yo mande yo oblije pran yon
detèminasyon konsènan kalifikasyon pou asistans finansye. Si ou pa soumèt enfòmasyon yo, sa pral afekte detèminasyon sa a.
Yon Aplikan ki depoze yon Fòm IRS 1040, Orè C, epi ki chwazi kalkile kantite lajan prè PPP a lè l sèvi avèk pwofi nèt dwe itilize fòm sa a. Yon Aplikan ki
depoze yon Fòm IRS 1040, Orè C, epi ki chwazi pou kalkile montan prè PPP lè l sèvi avèk revni brit pa ka itilize fòm sa a, epi li dwe itilize pito SBA Fòm
2483-C. Yon Aplikan ki depoze yon Fòm IRS 1040, Orè F, epi kalkile kantite lajan prè PPP avèk revni brit dwe itilize tou fòm sa a.
Sa pou fè pou ranpli fòm sa a:
Nan sa ki gen pou wè ak Objektif prè a, depans pewòl gen ladan yo konpansasyon pou anplwaye (ak prensipal adrès rezidans yo se Etazini) sou fòm salè,
komisyon, oswa konpansasyon menm jan; tep kach oswa ekivalan (sou baz dosye tep anplwayè a ki pase oswa, si dosye sa yo ta va absan, yon estimasyon
rezonab ak bòn fwa tep sa yo): peman pou vakans, konje pou paran, fanmi, medikal, oswa konje maladi (eksepte kantite lajan konje sa yo ki peye e ki gen
yon kredi otorize dapre Seksyon FFCRA 7001 ak 7003); alokasyon pou separasyon oswa ranvwa; peman pou founi avantaj sosyal anplwaye yo (tankou
prim asirans) ki gen ladan pwoteksyon swen sante gwoup, asirans vi gwoup, asirans pou andikap, zye, oswa dan, ansanm ak avantaj sosyal retrèt; peman
taks eta ak lokal yo evalye sou konpansasyon anplwaye; epi, pou yon antreprenè endepandan oswa antrepriz ak yon sèl pwopriyetè, salè, komisyon, revni,
oswa salè apre taks nan travay endepandan oswa konpansasyon menm jan.
Pou yo kalkile Pewòl mwayen chak mwa, pifò aplikan ap sèvi ak mwayèn pewòl chak mwa pou 2019 oswa 2020, eksepte depans plis pase $100,000 sou
yon baz chak ane, jan yo kalkile oprorata pou peryòd yo peye yo oswa obligasyon pou peye yo angaje, pou chak anplwaye. Pou biznis sezonye yo, aplikan
an ka chwazi pou li itilize pito mwayèn total pewòl mwayen chak mwa pou nenpòt peryòd douz semèn aplikan an chwazi ant 15 fevriye 2019 ak 15 fevriye
2020, eksepte depans plis pase $100,000 sou yon baz chak ane, jan sa kalkile oprorata pou peryòd yo peye yo oswa obligasyon pou yo angaje, pou chak
anplwaye. Pou nouvo biznis, pewòl mwayen chak mwa ka kalkile avèk peryòd tan ki soti nan 1 janvye 2020 rive 29 fevriye 2020, eksepte depans plis pase
$100,000 sou yon baz chak ane, jan yo kalkile oprorata pou peryòd pou yo peye yo oswa obligasyon pou peye yo angaje, pou chak anplwaye. Pou kiltivatè
ak elvè ki fonksyone kòm yon antrepriz ak yon sèl pwopriyetè oswa kòm yon antrepriz endepandan, oswa ki se endividi kap travay ak tèt yo ki kalifye
(tankou LLC ak yon sèl manm ak antrepriz asosye kalifye) epi ki rapòte revni oswa depans agrikòl sou yon Skedil F (oswa nenpòt ki fòm IRS ranplasman
ekivalan), depans pewòl yo kalkile apati depans pewòl ki kalifye pou anplwaye yo, si genyen, plis pi piti $100,000 ak diferans an ki genyen ant revni anvan
taks ak nenpòt depans pewòl ki kalifye pou anplwaye, jan yo rapòte nan yon Schedule F. Pou Aplikan ki ranpli Fòm IRS 1040, Skedil C, depans pewòl yo
kalkile avèk kantite pwofi nèt liy 31, limite nan $100,000, plis nenpòt depans pewòl ki kalifye pou anplwaye.( pou kalkile kantite lajan prè lè l sèvi avèk
revni brit, tyeke fòm SBA 2483-C). Pou Aplikan ki se patenarya, depans pewòl yo kalkile ak resèt apre taks ki soti nan patnè jeneral endividyèl kap travay
ak tèt yo, jan yo rapòte nan Fòm IRS 1065 K.-1, mwens dediksyon depans seksyon 179 yo mande a, depans patenarya ki pa ranbouse yo mande yo ak
rediksyon yo mande sou pwopriyete petwòl ak gaz, miltipliye pa 0.9235, ki se pa plis pase $100,000, plis nenpòt depans pewòl ki kalifye pou anplwaye.
Pou depozan Skedil F, si aplikan an se yon antrepriz asosye kalifye pou rezon taks sou revni federal ((1) sèl manm nan antrepriz asosye a se yon koup marye
ki ranpli yon deklarasyon enpo ansanm epi chak depoze Skedil F, (2) tou de mari oswa madanm bay patisipasyon materyèl yo nan komès la oswa biznis la,
epi (3) tou de mari oswa madanm chwazi pou yo pa konsidere yo kòm yon patenarya), sèl mari oswa madanm ka soumèt fòm sa onon antrepriz asosye
kalifye a. Pou w ka kalkile kantite lajan prè a lè w sèvi avèk revni brit (Depozan Skedil F sèlman), sèvi ak sòm total revni brit (Skedil F, liy 9) mari ak
madanm lan ansanm. Pou yo ka rapòte Kantite Anplwaye, antrepriz ak yon sèl pwopriyetè, moun kap travay ak tèt yo, ak antreprenè endepandan ta dwe
mete tèt yo kòm anplwaye (sètadi, kantite minimòm nan kare Kantite Anplwaye se youn). Aplikan yo ka itilize mwayèn travay yo sou peryòd tan yo itilize
pou kalkile depans total pewòl yo pou detèmine kantite anplwaye yo. Altènativman, aplikan yo ka chwazi pou itilize kantite mwayèn anplwaye pou chak
peryòd peman nan 12 mwa kalandriye yo ranpli anvan dat aplikasyon prè a.
Pou yo ka rapòte Ane Kreyasyon an, moun kap travay ak tèt yo ak antreprenè endepandan ka antre "NA".
Pou yo ka rapòte Kòd NAICS, demandè yo dwe matche kòd aktivite biznis lan ki twouve l sou deklarasyon taks sou revni IRS yo, si sa aplikab.
Si Demandè a ap refinanse yon Prè Katastwòf Ekonomik (EIDL): Ajoute kantite lajan ki pa peye nan yon EIDL ki fèt ant 31 janvye 2020 ak 3 avril 2020
nan Demand Prè jan sa endike sou fòm lan. Pa ajoute montan okenn Avans EIDL.
Tout moun ki nan lis anba yo, konsidere kòm pwopriyetè Aplikan an:
    Pou yon antrepriz ak yon sèl pwopriyetè, sèl pwopriyetè a;
    Pou yon patenarya, tout patnè jeneral, ak tout patnè limite ki posede 20% oswa plis nan kapital konpayi an;
    Pou yon sosyete, tout pwopriyetè 20% oswa plis nan sosyete a;
    Pou konpayi ak responsablite limite, tout manm ki posede 20% oswa plis nan konpayi an; ak
    Tout fidisyan (si Aplikan a se pou yon fidisi).




  Fòm 2483 SBA (3/21)                                                               5
                                                               Pwogram Pwoteksyon Salè
                                            Fòm Aplikasyon pou Pretè PPP Revize nan dat 18 mas 2021

Pou rezon rapò (pa obligatwa) enfòmasyon demografik:
     1. Objektif. Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman.
     2. Deskripsyon. Fòm sa mande enfòmasyon sou chak Prensipal Pretè a. Ajoute lòt fèy si gen bezwen.
     3. Definisyon Prensipal. Tèm “Prensipal” la vle di:
             Pou yon moun kap travay ak tèt li, antreprenè endepandan, oswa yon pwopriyetè inik, moun kap travay ak tèt li a, antreprenè endepandan
              oswa pwopriyetè inik lan.
             Pou yon patenarya, tout asosye jeneral yo ak tout asosye limite yo ki posede 20% nan aksyon Aplikan, oswa nenpòt asosye ki konsènen nan
              jesyon biznis Pretè a.
             Pou yon kòporasyon, tout pwopriyetè 20% oswa plis nan Aplikan, epi chak responsab ak direktè.
             Pou yon konpayi ak responsablite limite, tout manm ki posede 20% oswa plis nan Aplikan, epi chak responsab ak direktè.
             Tout moun Aplikan anplwaye pou jere aktivite toulejou Aplikan (“anplwaye kle”).
             Tout fidisyan (si Aplikan an se pou yon fidisi).
             Pou yon òganizasyon ki pap fè lajan, responsab ak direktè Pretè a.
     4. Non Prensipal la. Ajoute tout non Prensipal la.
     5. Pozisyon Prensipal la. Idantifye pozisyon Prensipal la; paregzanp, moun kap travay ak tèt li; entreprenè endepandan; pwopriyetè inik; asosye
         jeneral; pwopriyetè; responsab; direktè; manm; oswa anplwaye kle.

Lwa sou Rediksyon Travay Administrasyon - Ou pa blije reponn ak ansanm enfòmasyon sa yo sòfsi yo genyen yon Nimewo Kontwol OMB valid pou
kounye a. Tan yo evalye pou ranpli aplikasyon an, ak ladann kolekte enfòmasyon nesesè, se 8 minit. Kòmantè sou tan sa a oswa enfòmasyon yo mande yo
ta dwe voye bay: Small Business Administration, Director, Records Management Division, 409 3rd St., SW, Washington DC 20416, ansanm ak/oswa SBA
Desk Officer, Office of Management and Budget, New Executive Office Building, Washington DC 20503. TANPRI PA VOYE FOM NAN ADRÈS
SA YO.
Lwa Sou Pwoteksyon Vi Prive (5 U.S.C. 552a) -- Dapre dispozisyon ki nan Lwa sou Vi Prive a, ou pa oblije bay nimewo sekirite sosyal ou. Si ou pa bay
nimewo sekirite sosyal ou an, sa pa ka afekte okenn dwa, avantaj oswa privilèj ou gen dwa ak yo. (Men gade Avi sou Rekouvreman Dèt konsènan nimewo
idantifikasyon kontribyab ki anba a.) Divilgasyon non ak lòt idantifikasyon pèsonèl yo obligatwa pou sa bay SBA ase enfòmasyon pou fè yon detèminasyon
karaktè. Lè yap evalye karaktè, SBA konsidere entegrite moun nan, senserite li, ak dispozisyon li genyen pou fè aksyon kriminèl. Anplis de sa, SBA gen
yon otorizasyon espesyal pou l verifye istwa kriminèl ou, oswa si w pa genyen, dapre seksyon 7 (a)(1)(B), 15 U,S,C. Seksyon 636(a)(1)(B) nan Lwa sou Ti
Biznis la.
Divilgasyon enfòmasyon – Demann pou enfòmasyon sou yon lòt moun konsènen ka refize sof si SBA gen pèmisyon alekri moun nan pou divilge
enfòmasyon yo bay moun kap fè demann lan oswa sof si enfòmasyon yo ka divilge dapre Lwa sou Libète Enfòmasyon a. Lwa sou Vi Prive a otorize SBA
fè sèten "itilizasyon woutin" ak enfòmasyon Lwa sa a pwoteje. Youn nan itilizasyon woutin sa yo se divilgasyon enfòmasyon ki konsève nan sistèm dosye
SBA lè enfòmasyon sa yo montree yon vyolasyon oswa posib vyolasyon lalwa, kit li sivil, kriminèl, oswa administratif. Byen espesyal, SBA ka refere
enfòmasyon yo bay ajans apwopriye a, kit se Federal, Eta, lokal oswa etranje, ki responsab pou, oswa otreman patisipe nan envestigasyon, pouswit jidisyè,
ranfòsman oswa prevansyon vyolasyon sa yo. Yon lòt itilizasyon woutin se divilgasyon bay lòt ajans Federal ki fè tchèk sou pase moun men sèlman nan
limit enfòmasyon yo enpòtan pou fonksyon ajans kap mande yo a. Gade, 74 F.R. 14890 (2009) epi jan li amande de tan zan tan pou plis tyèk itwa pase moun
ak lòt woutin. Mete sou sa, Lwa CARES la egzije pou SBA enskri chak prè ki fèt nan Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè a avèk Nimewo Idantifikasyon
Kontribyab la (TIN) ki asiyen bay pretè lajan.

Lwa 1982 sou Rekouvreman Dèt, Lwa 1984 sou Rediksyon Defisi (31 U.S.C. 3701 et seq. ak lòt tit) – SBA dwe jwenn nimewo idantifikasyon kontribyab
ou lè ou aplike pou yon prè. Si ou resevwa yon prè, epi ou pa peye lè dat la rive,SBA kapab: (1) rapòte estati prè ou (yo) bay biwo kredi yo, (2) anboche
yon ajans rekouvreman pou kolekte prè ou a, (3) konpanse ranbousman taks sou revni ou oswa lòt kantite lajan Gouvènman Federal la dwe ou, (4) sispann
oswa anpeche ou oswa konpayi ou nan fè biznis ak Gouvènman Federal la, (5) refere prè ou bay Depatman Jistis, oswa (6) pran lòt aksyon yo otorize nan
enstriman prè yo.

Lwa 1978 sou Dwa pou Pwoteksyon Enfomasyon Finansye (12 U.S.C. 3401) – Lwa 1978 sou Dwa pou Konfidansyalite Finansye, akòde BSBA dwa
aksè nan dosye finansye ki kenbe nan enstitisyon finansye kap fè oswa ki te fè biznis avèk ou oswa biznis ou, san bliye nenpòt enstitisyon finansye ki ap
patisipe nan yon prè oswa garanti prè. SBA sèlman oblije remèt yon sètifika konfòmite li ak Lwa a bay yon enstitisyon finansye anrapò avèk premye demann
li an pou aksè nan dosye finansye ou. Dwa aksè SBA kontinye pandan dire nenpòt akò garanti prè ki apwouve. SBA otorize tou transfere nan yon lòt otorite
Gouvènman nenpòt dosye finansye konsènan yon prè apwouve oswa garanti prè, jan sa nesesè nan pwosesis, sèvis oswa sezi sou yon garanti prè oswa
kolekte sou yon garanti prè remet.

Lwa sou Libète Enfòmasyon (5 U.S.C. 552) – Lwa sa a prevwa, ak kèk eksepsyon, pou SBA bay enfòmasyon ki parèt nan dosye ak dokiman ajans lan,
bay yon moun ki mande li. Enfòmasyon sou prè apwouve ki jeneralman pibliye gen ladan, pami lòt bagay, estatistik sou pwogram prè nou yo (pretè
endividyèl yo pa idantifye nan estatistik yo) ak lòt enfòmasyon tankou non prete yo, kantite lajan prè a, ak kalite prè an. Done propriyetè sou yon pretè lajan
pa ta dwe disponib sistematikman pou lòt moun. Tout demand kap antrave Lwa sa a fèt pou adrese nan biwo SBA ki pi pre a epi yo fèt pou idantifye kòm
yon demann Libète Enfòmasyon.

Lwa sou Sante ak Sekirite nan Travay (15 U.S.C. 651 et seq.) – Administrasyon Sante ak Sekirite nan Travay (OSHA) kapab mande pou biznis modifye
enstalasyon ak pwosedi yo pou pwoteje anplwaye. Biznis ki pa konfòme yo ka gen pou peye amann epi oblije diminye danje yo nan espas travay yo. Yo ka
resevwa lòd tou pou yo sispann operasyon ki poze yon danje lanmò iminan oswa blesi grav jiskaske anplwaye yo ka pwoteje. Lè li siyen fòm sa a,aplikan
an sètifye, dapre tou sa l konnen, li konfòme l avèk kondisyon OSHA mande yo, epi li ap toujou konfòme li pandan lavi diran prè a.

Dwa sivil (13 C.F.R. 112, 113, 117) – Tout biznis kap resevwa asistans finansye SBA dwe dakò pou yo pa fè diskriminasyon nan okenn pratik biznis,
tankou pratik travay ak sèvis pou piblik la sou baz kategori ki site nan 13 C.F.R., Pati 112, 113 ak 117 Règ SBA yo. Tout pretè yo dwe montre "Afich
Opòtinite Travay Egal" SBA preskri a.

  Fòm 2483 SBA (3/21)                                                                 6
                                                              Pwogram Pwoteksyon Salè
                                            Fòm Aplikasyon pou Pretè PPP Revize nan dat 18 mas 2021

Lwa sou Opòtinite Kredi Egal (15 U.S.C. 1691) – Li entèdi pou Kreditè fè diskriminasyon kont aplikan kredi sou baz ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal,
sèks, eta sivil oswa laj (depi aplikan an gen kapasite pou siyen yon kontra obligatwa); paske tout oswa yon pati nan revni aplikan an sòti nan nenpòt pwogram
asistans piblik; oswa paske demandè a ak bòn fwa li te egzèse nenpòt dwa dapre Lwa sou Pwoteksyon Kredi Konsomatè a.

Dekrè Egzekitif sou Esklizyon ak Sispansyon 12549 (2 C.F.R. Pati 180 ak Pati 2700) – Lè ou soumèt aplikasyon prè sa a, ou sètifye ni aplikan, ni okenn
pwopriyetè aplikan an te, nan twa dènye ane ki sot pase yo: (a) te jwenn nan men yon Ajans Federal entèdiksyon, sispansyon, deklarasyon inejiblite oswa
retrè volontè nan patisipasyon nan yon tranzaksyon; (b) fòmèlman pwopoze pou entèdiksyon, ak yon desizyon final toujou annatant; (c) te akize, kondane,
oswa te gen yon jijman sivil ki soti kont ou pou nenpòt nan ofans yo ki nan lis nan règleman yo oswa (d) te delenkan sou nenpòt kantite lajan li dwe
Gouvènman ameriken oswa ajans li yo nan dat siyati sètifikasyon sa a.




  Fòm 2483 SBA (3/21)                                                                7


File and source

File
2021-04_BorrowerApplication2483ARPrevisions-final-3-18-21-_haitian.pdf
Size
283,841 bytes
SHA-256
3c83ebcffa372ece36aaee9efb77cbb3ca7ee91bab03a8c0cd9ae3dc75334f60
Our copy
2021-04_BorrowerApplication2483ARPrevisions-final-3-18-21-_haitian.pdf
Original
www.sba.gov
Back to top