Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021
Summary
Haitian Creole (Kreyol Ayisyen) version of PPP loan forgiveness application Form 3508EZ, OMB control number 3245-0407, form 056. It asks for the business details, whether the loan is a first or second draw PPP loan, the loan numbers and amount, and the forgiveness amount. It closes with the borrower's certifications.
Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used
Full text
Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Pwogram Pwoteksyon Salè Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021
Non Legal Biznis la (“Pretè”) DBA oswa Non Komèsyal, si aplikab
Adrès biznis Kòd NAICS TIN (EIN, SSN) Biznis la Telefòn Biznis
( ) -
Premye Kontak Adrès Imel
☐ Prè PPP Premye Tiraj ☐ Prè PPP Dezyèm Tiraj (tcheke youn)
Nimewo Prè SBA PPP: Nimewo Prè PPP Kreditè a:
Kantite lajan Prè PPP a: Dat Dekesman Prè PPP a:
Anplwaye nan Moman Aplikasyon pou Prè a: Anplwaye nan Moman Aplikasyon pou Soulajman:
Peryòd ki kouvri: ________________________ rive ________________________
Si Pretè (Ansanm ak afilye, si sa aplikab) te resevwa Prè PPP Premye Tiraj $2 Milyon oswa Plis oswa Prè PPP Dezyèm Tiraj
$2 Milyon oswa Plis, tcheke isit la: ☐
Kalkil Kantite Soulajman:
Depans Pewòl ak Depans ki pa Pewòl
Liy 1. Depans pewòl:
Liy 2. Peman Enterè Ipotèk Biznis:
Liy 3. Peman Lwaye oswa afèmaj biznis:
Liy 4. Peman Dlo ak Gaz pou biznis:
Liy 5. Depans operasyon ki kouvri:
Liy 6. Depans Dega nan Pwopriyete ki Kouvri:
Liy 7. Depans Founisè ki asire:
Liy 8. Depans pwoteksyon travayè ki kouvri:
Kantite Soulajman Posib
Liy 9. Sòm montan yo sou liy 1 jiska 8:
Liy 10. Kantite lajan Prè PPP a:
Liy 11. Egzijans 60% Depans Pewòl (divize liy 1 pa 0.60):
Kantite Lajan Soulajman
Liy 12. Montan Soulajman (antre pi piti a nan liy 9, 10 ak 11):
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 1
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021 Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Lè ou siyen Anba la, Ou fè Reprezantasyon ak Sètifikasyon Annapre yo Onon Pretè a:
Reprezantan Otorize Pretè a sètifye pou tout sak anba yo ak yon inisyal lap mete akote yo chak.
_____ Kantite lajan yo mande padon pou li a (sa ki pa depase kantite lajan prensipal prè PPP a):
te itilize pou peye depans biznis ki elijib pou padon (depans pewòl pou kenbe anplwaye; peman enterè ipotèk biznis;
peman lwaye biznis oswa afèmaj; peman sèvis piblik biznis; depans operasyon ki kouvri; depans pou domaj
pwopriyete yo kouvri; depans pou founisè yo kouvri; oswa depans pwoteksyon travayè ki kouvri);
gen ladann depans pewòl egal ak 60% omwens nan kantite lajan yo padone a; epi
pou nenpòt anplwaye-pwopriyetè (ak yon patisipasyon 5% nan kapital la oswa plis) oswa yon travayè
endepandan/asosye jeneral, pa depase valè 2.5 mwa konpansasyon yo te resevwa pandan ane a te itilize pou kalkile
kantite lajan prè PPP a, plafonnen nan $20,833 pou chak moun o total atravè tout biznis yo.
_____ Li klè pou mwen si fon yo te itilize ak tout konesans mwen pou rezon ki pa otorize, gouvènman federal la ka pouswiv ak
rekouvreman lajan prè a ansanm ak/oswa akizasyon pou fwod sivil oswa kriminèl.
_____ Pretè a pa te diminye salè oswa salè pa lè anplwaye pou pa plis pase 25 pousan pou ankenn anplwaye pandan Peryòd ki
Kouvri a konpare ak dènye trimès la anvan Peryòd ki Kouvri a. Pou rezon sètifikasyon sa a, tèm "anplwaye" a gen ladann
sèl anplwaye sa yo ki pa te resevwa, pandan yon sèl peryòd pandan lane 2019, revni oswa salè nan yon pousantaj yo kalkile
pou chak ane nan yon kantite lajan ki depase $100,000.
_____ Pretè a verifye ak presizyon lajan yo peye pou pewòl elijib la ak depans ki pa pewòl Pretè a ap mande soulajman pou yo a.
_____ Mwen te soumèt bay kreditè a dokiman nesesè pou verifye depans pewòl, egzistans obligasyon ak sèvis (jan sa aplikab)
anvan 15 fevriye 2020, ak peman ki kalifye peman enterè ipotèk biznis kalifye, lwaye oswa fèm kay biznis, peman sèvis
piblik biznis, depans operasyon ki kouvri yo, depans domaj sou pwopriyete ki kouvri yo, depans founisè ki kouvri yo, epi
depans pwoteksyon travayè ki kouvri yo.
_____ Si yo soumèt aplikasyon sa a pou yon Prè PPP Dezyèm Tiraj, Pretè a te itilize tout lajan Prè PPP Pemye Tiraj la nan depans
kalifye anvan dekèsman Prè PPP Dezyèm Tiraj la.
_____ Enfòmasyon yo bay yo nan aplikasyon sa epi enfòmasyon yo bay nan tout dokiman sipò ak fòm vre epi kòrèk pou tout sa ki
enpòtan yo. Li klè pou mwen si mwen fè yon fo deklarasyon ak tout konsyans mwen pou m jwenn padon nan yon prè SBA-
garanti lalwa, ansanm ak 18 U.S.C. 1001 ak 3571, pini zak sa ak anprizonman ki pa plis pase senk ane ak/ oswa yon amann
ki rive jiska $ 250,000; anba 15 U.S.C. 645 ak anprizònman pa plis pase de zan ak/oswa yon amann ki pa plis pase $5,000;
epi, si yo soumèt li bay yon enstitisyon ki gen asirans federal, anba 18 U.S.C. 1014 ak anprizonman pa plis pase trant lane
ak/oswa yon amann ki pa plis pase $1,000,000.
_____ Dokiman taks mwen prezante bay Kreditè a koresponn ak dokiman Pretè a prezante oswa pral prezante bay IRS la
ak/oswa ajans enpo oswa travay pou eta a. Li klè pou mwen tou, mwen rekonèt epi mwen dakò pou Kreditè a pataje
enfòmasyon taks mwen yo ak reprezantan otorize SBA yo, tankou reprezantan otorize Biwo Enspektè Jeneral SBA,
pou yo ka garanti konfòmite ak egzijans PPP yo ak tout revizyon SBA yo.
_____ Mwen konprann, mwen rekonèt epi mwen dakò SBA ka mande enfòmasyon anplis pou li ka evalye elijiblite Pretè a
pou prè PPP a ak pou soulajman prè a, epi echèk Pretè a pou l bay enfòmasyon SBA mande yo ka lakòz yo jwenn Pretè
a pa elijib pou prè PPP a oswa yo bay yon refi pou aplikasyon pou soulajman prè Pretè a.
Anplis de sa, Reprezantan Otorize Pretè a dwe sètifye ak inisyal li omwen YOUN nan de pwen sa yo:
_____ Pretè a pa te diminye kantite anplwaye oswa èdtan mwayen li peye anplwaye ant 1ye janvye 2020 ak fen Peryòd la ki Kouvri
a (ki se pa nenpòt diminisyon ki te rive akòz yon enkapasite pou yo reprann moun ki te anplwaye nan dat 15 fevriye 2020,
si Pretè a pa te kapab anboche menm jan anplwaye kalifye pou pozisyon ki vid nan dat oswa anvan 31 desanm 2020 (oswa
pou yon prè PPP ki fèt apre 27 desanm 2020, anvan dènye jou Peryòd Kouvri a), epi diminisyon nan lè yon anplwaye yon
Pretè te ofri pou l rebay epi yo te refize l).
_____ Si Pretè a pa te kapab opere ant 15 fevriye 2020 ak fen Peryòd ki kouvri a nan menm nivo aktivite biznis lan tankou anvan
15 fevriye 2020 akòz nesesite pou respekte egzijans ak direktiv Minis Sante ak Sèvis Imen, Direktè Sant pou Kontwòl ak
Prevansyon Maladi, oswa Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la fikse epi piblik ant 1mye mas 2020 ak 31 desanm
2020 (oswa pou yon prè PPP ki fèt apre 27 desanm 2020, egzijans oswa direktiv Minis Sante ak Sèvis Imen, Direktè Sant
Kontwòl ak Prevansyon Maladi, oswa Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay te fikse epi pibliye ant 1mye mas 2020
ak dènye jou ki kouvri a, ki gen pou wè ak antretyen nòm asenisman yo, distans sosyal, oswa nenpòt ki lòt egzijans sekirite
travay oswa kliyan ki gen rapò ak KOVID-19.
Elijiblite Pretè a pou soulajman prè ap evalye selon règleman PPP yo ak konsèy SBA te pibliye nan dat aplikasyon sa. SBA ka mande
yon kreditè pou l pa apwouve aplikasyon pou soulajman prè Pretè a si SBA jwenn Pretè a pat elijib pou prè PPP a.
_____________________________________________________ ____________________________
Siyati Reprezantan Otorize Pretè a Dat
_____________________________________________________ ______________________________________
Non ak lèt detache Tit
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 2
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021 Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Fòm Enfòmasyon Demografik Pretè PPP a (pa obligatwa)
Enstriksyon
1. Objektif. Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman.
2. Deskripsyon. Fòm sa mande enfòmasyon sou chak Prensipal Pretè a. Ajoute lòt fèy si gen bezwen.
3. Definisyon Prensipal. Tèm “Prensipal” la vle di:
Pou yon moun kap travay ak tèt li, antreprenè endepandan, oswa yon pwopriyetè inik, moun kap travay ak tèt li a,
antreprenè endepandan oswa pwopriyetè inik lan.
Pou yon patenarya, tout asosye jeneral yo ak tout asosye limite yo ki posede 20% nan aksyon moun ki prete a, oswa
nenpòt asosye ki konsènen nan jesyon biznis Pretè a.
Pou yon kòporasyon, tout pwopriyetè 20% oswa plis nan Pretè a, epi chak responsab ak direktè.
Pou yon konpayi ak responsablite limite, tout manm ki posede 20% oswa plis nan Pretè a, epi chak responsab ak direktè.
Tout moun Pretè a anplwaye pou jere aktivite toulejou Pretè a (“anplwaye kle”).
Tout fidisyan (si Pretè a se pou yon fidisi).
Pou yon òganizasyon ki pap fè lajan, responsab ak direktè Pretè a.
4. Non Prensipal la. Ajoute tout non Prensipal la.
5. Pozisyon. Idantifye pozisyon Prensipal la; paregzanp, moun kap travay ak tèt li; entreprenè endepandan; pwopriyetè inik;
asosye jeneral; pwopriyetè; responsab; direktè; manm; oswa anplwaye kle.
Non Prensipal la Pozisyon
Veteran 1=Pa-Veteran; 2=Veteran; 3=Veteran Andikape; 4=Madanm Veteran; X=Pa Piblik
Gason ou Fi G=Gason, F=Fi, X=Pa piblik
Ras (ou ka chwazi 1=Endyen Ameriken oswa Natif Alaska; 2=Azyatik; 3=Nwa oswa Afriken-Ameriken;
plis pase 1) 4=Natif Awayi oswa Zile Pasifik; 5=Blan; X=Pa piblik
Etnisite I=Ispanik oswa Latino; N=Pa Ispanik oswa Latino; X= Pa piblik
Piblikasyon fèt si w vle e sa pap gen okenn enpak sou desizyon soulajman prè a
Lwa sou Rediksyon Travay Administrasyon - Ou pa blije reponn ak ansanm enfòmasyon sa yo sòfsi yo genyen yon Nimewo Kontwol OMB
valid pou kounye a. Tan yo evalye pou ranpli aplikasyon an, ak ladann kolekte enfòmasyon nesesè, se 30 minit. Kòmantè sou tan sa oswa
enfòmasyon yo mande yo dwe ale nan Small Business Administration, Director, Records Management Division, 409 3rd St., SW, Washington DC
20416, ansanm ak/oswa SBA Desk Officer, Office of Management and Budget, New Executive Office Building, Washington DC 20503. TANPRI
PA VOYE FOM NAN ADRÈS SA YO
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 3
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021 Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Fòm Aplikasyon 3508EZ pou Soulajman Prè PPP Enstriksyon pou Pretè yo
Lis kontwòl pou Itilizasyon Fòm SBA 3508EZ
Ou (Pretè a) ka aplike pou padon nan Prè Pwogram Pwoteksyon Salèt (PPP) Premye oswa Dezyèm Tiraj avèk Fòm 3508EZ SBA sa a
si kantite lajan prè PPP ou a plis pase $150,000 epi ou ka tcheke omwen youn nan de kare ki anba yo. Si kantite lajan prè ou a se
$150,000 oswa mwens, tanpri itilize Fòm 3508S SBA. Pa soumèt lis kontwòl sa a avèk Fòm 3508EZ SBA ou a. Chak prè PPP dwe
itilize yon fòm aplikasyon padon prè separe. Ou pa kapab itilize yon fòm pou aplike pou tou de padon yo alafwa yon Prè PPP Premye
ak Dezyèm Tiraj. Pou yon Dezyèm Tiraj PPP Prè ki depase $150,000, ou dwe soumèt yon aplikasyon padon prè pou Premye Tiraj
PPP Prè ou anvan oswa ansanm ak aplikasyon padon prè pou Dezyèm Tiraj Prè PPP Prè, menm si kantite lajan padon yo kalkile sou
Premye Tiraj Prè PPP ou se zewo.
☐ Pretè a pa te diminye salè ane a oswa salè alè anplwaye a plis pase 25 pousan pandan Peryòd ki kouvri a konpare ak
dènye trimès konplè a anvan Peryòd ki kouvri a. (Pou rezon deklarasyon sa a, tèm "anplwaye" a vle di sèl anplwaye sa
yo ki pa te resevwa, pandan yon sèl peryòd pandan lane 2019, revni oswa salè nan yon pousantaj yo kalkile chak ane
nan yon kantite lajan ki depase $100,000);
EPI
Pretè a pa te redwi kantite anplwaye oswa èdtan an mwayèn yo peye anplwaye ant 1 janvye 2020 ak fen Peryòd ki
Kouvri a.
Pa okipe rediksyon ki te soti nan yon enkapasite pou re-anplwaye moun ki te anplwaye nan dat 15
fevriye 2020 si Pretè a pa te ka anboche anplwaye ki kalifye menm jan pou pozisyon ki te vid nan dat
oswa anvan 31 desanm 2020 (oswa, pou yon Prè PPP ki te fèt apre 27 desanm 2020, dènye jou Peryòd
Kouvri a).
Pa okipe tou rediksyon nan èdtan anplwaye Pretè a te ofri pou l retabli epi anplwaye a refize. Gade 85
FR 33004, 33007 (1mye jen 2020) pou plis detay.
-----------------------------------------------------------------------------------------------------------------
☐ Pretè apa te diminye salè ane a oswa salè alè anplwaye a plis pase 25 pousan pandan Peryòd ki Kouvri a konpare ak
dènye trimès konplè a anvan Peryòd ki kouvri a. (Pou rezon deklarasyon sa a, tèm "anplwaye" a vle di sèl anplwaye sa
yo ki pa te resevwa, pandan yon sèl peryòd pandan lane 2019, revni oswa salè nan yon pousantaj yo kalkile chak ane
nan yon kantite lajan ki depase $100,000,);
AK
Pretè a pa te kapab opere ant 15 fevriye 2020 ak fen Peryòd ki kouvri a nan menm nivo aktivite biznis lan tankou
anvan 1 fevriye 2020 akòz nesesite pou respekte egzijans ak direktiv Minis Sante ak Sèvis Imen, Direktè Sant pou
Kontwòl ak Prevansyon Maladi, oswa Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la fikse epi piblik ant 1mye mas
2020 ak 31 desanm 2020 (oswa pou yon prè PPP ki fèt apre 27 desanm 2020, egzijans oswa direktiv Minis Sante ak
Sèvis Imen, Direktè Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi, oswa Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay te fikse
epi pibliye ant 1mye mas 2020 ak dènye jou ki kouvri a, ki gen pou wè ak antretyen nòm asenisman yo, distans sosyal,
oswa nenpòt ki lòt egzijans sekirite travay oswa kliyan ki gen rapò ak KOVID-19.
Si ou ka tcheke omwen youn nan de kare ki anwo yo, ranpli fòm SBA 3508EZ a selon enstriksyon ki anba yo, epi soumèt li bay
kreditè ou (oswa kreditè ki asire sèvis prè a). Moun ki ap prete kapab ranpli aplikasyon sa tou sou entènèt atravè Kreditè yo. Si prè ou
a se pou plis pase $150,000 epi ou pa kapab tcheke youn nan kare ki anwo yo, ou pa ka itilize SBA Fòm 3508EZ epi olye desa ou dwe
aplike pou padon pou prè PPP ou avè Fòm SBA 3508.
Si aplikasyon sa a te soumèt pou yon Prè PPP Premye Tiraj apwouve nan dat oswa anvan 8 Out, 2020 epi Pretè a oblije soumèt yon
deklarasyon Fòm SBA 3508D pou yon enterè majoritè, deklarasyon sa dwe soumèt bay kreditè a pa pita pase 30 jou apre yo fin
soumèt aplikasyon padon prè sa a. Gade sou-seksyon B.16 nan règ pwovizwa final SBA afiche nan dat 6 janvye 2021 (86 FR 3692).
Enstriksyon pou Fòm 3508EZ Kalkil Soulajman Prè PPP a
Non Legal Pwofesyonèl (“Pretè”)/DBA oswa Mak Fabrik (Si aplikab)/TIN (EIN, SSN) pwofesyonèl: Mete menm enfòmasyon yo
jan ou fè sou Fòm Aplikasyon Pretè ou (Fòm SBA 2483, Fòm SBA 2483-SD oswa ekivalan kreditè a).
Adrès pwofesyonèl/telefòn biznis/Premye kontak/Adrès Imèl: Rantre menm enfòmasyon yo jan ou fè sa sou Fòm Apikasyon Pretè
a, sofsi gen yon chanjman nan adrès oswa enfòmasyon pou kontakte li. Si Kòd NAICS pa te sou Fòm Aplikasyon pou Pretè a, matche
kòd aktivite biznis yo bay sou deklarasyon taks sou revni IRS yo, si sa aplikab.
Prè PPP Premye Tiraj oswa Prè PPP Dezyèm Tiraj: Chwazi ti kare ki esplike prè PPP aplikasyon pou padon sa a se pou li a. Si ou
gen sèlman yon prè PPP, chwazi Prè Premye Tiraj.
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 1
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021 Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Nimewo Prè SBA PPP: Rantre nimewo prè SBA ba ou a nan moman prè a aksepte. Mande Kreditè a nimewo a si nesesè.
Nimewo Prè PPP Kreditè: Rantre nimewo prè PPP Kreditè a bawou a.
Kantite lajan Prè PPP: Antre manman lajan prè PPP ki dekese a (kantite total prè ou te resevwa nan men Kreditè a).
Dat Dekesman Prè PPP: Rantre dat ou te resevwa kantite lajan prè PPP nan men Kreditè a. Si ou te resevwa lajan prè a plizyè fwa,
antre premye dat ou te resevwa lajan prè PPP a. Si ou te resevwa yon ogmantasyon otorize sou Prè PPP Premye Tiraj ou a nan dat
oswa apre 27 desanm 2020, ou dwe antre dat ou te resevwa premye dekèsman lajan prè PPP ou an.
Anplwaye nan Moman Aplikasyon pou Prè a: Rantre kantite total anplwaye nan moman Pretè a te fè Demand Prè PPP a.
Anplwaye nan moman Aplikasyon pou Soulajman: Rantre kantite total anplwaye nan moman Pretè a ap fè Demann pou retire pati
nan prè a.
Peryòd ki Kouvri: Peryòd ki Kouvri a kòmanse nan dat prè a te premye dekese a. Li fini nan yon dat Pretè a chwazi ki se omwen 8
semèn apre dat dekesman prè a epi pa plis pase 24 semèn apre dat dekesman prè a. Egzanp, si Pretè a te resevwa lajan prè PPP yo nan
lendi 20 avril 2020, premye jou nan Peryòd Kouvri a se lendi, 20 avril 2020 epi dènye jou nan Peryòd Kouvri a se nenpòt ki dat Prètè
a chwazi ant dimanch 14 jen 2020 ak dimanch 4 oktòb 2020.
Si Pretè, Ansanm ak Afilye yo, si sa aplikab, te Resevwa Prè PPP Premye Tiraj $2 Milyon oswa Plis oswa Prè PPP Dezyèm
Tiraj Prè $2 Milyon oswa plis: Tcheke ti kare a si Pretè a, ansanm ak afilye li yo (nan limit obligatwa selon seksyon D.3 nan règ
final enterimè SBA a sou afilye yo afiche nan dat 6 janvye 2021 ( 86 FR 3692) epi yo pa anile anba 15 U.S.C. 636(a)(36)(D)(iv)), te
resevwa (a) Prè Premye Tiraj ak yon premye kantite lajan $2 milyon dola oswa plis (si sa a se yon aplikasyon padon Prè Premye
Tiraj), oswa (b) Prè PPP Dezyèm Tiraj ak yon premye lajan prensipal $2 milyon oswa plis (si sa a se yon aplikasyon padon Prè PPP
Dezyèm Tiraj).
Kalkil Montan Soulajman (gade Rezime Kou Elijib pou Soulajman anba la):
Liy 1: Antre total depans pewòl elijib ki fèt oswa peye pandan Peryòd Kouvri a. Pou kalkile frè sa yo, fè sòm sa yo:
Konpansasyon Kach: Adisyon salè anvan taks, tep anvan taks, komisyon anvan taks, konje peye (vakans, konje familyal,
medikal oswa maladi, san konte ki gen kouvèti Lwa sou Premye Repons pou Kowonaviris pou Fanmi ki kouvri a), ak
alokasyon pou demisyon oswa separasyon ki peye oswa fèt pandan Peryòd Kouvri a. Pa mete salè kalifye yo te konsidere
pou detèmine Kredi Retansyon Anplwayè a. Pou chak anplwaye endividyèl, kantite total konpansasyon lajan kach elijib pou
soulajman pa dwe depase yon salè $100.000 pou yon lane, jan yo kalkile oprorata pou Peryòd Kouvri a. Egzanp, pou yon
peryòd ki kouvri 8 semèn, maksimòm lan se $15,385, pou yon peryòd ki kouvri 24 semèn, maksimòm lan se $46,154. Ou
ka mete sèlman konpansasyon anplwaye Pretè a te bay travay nan yon moman kèlkonk pandan Peryòd Kouvri a e ki gen
prensipal adrès rezidans yo nan peyi Etazini.
Prestasyon Anplwaye: Kantite lajan total Pretè a peye pou:
1. Kontribisyon anplwayè pou asirans sante anplwaye, tankou kontribisyon travay pou yon plan sante gwoup vi
andikap, zye oswa dan, ki gen ladann kontribisyon patwon pou yon plan ki asire tèt li, ki gen sponsò patwon. men ki
pa gen ladan ankenn kontribisyon anvan taks ni apre taks anplwaye peye. Pa ajoute kontribisyon asirans sante travay
la te fè sou non yon moun endepandan, patnè jeneral, oswa pwopriyetè-anplwaye nan yon S-sosyete, paske peman
sa yo deja rantre nan konpansasyon yo.
2. Kontribisyon anplwayè yo pou plan retrèt anplwaye, e ki pa gen ladann kontribisyon anvan taks ni aprè taks
anplwaye peye. Pa ajoute kontribisyon pou pran retrèt anplwayè yo te fè sou non yon endepandan endividyèl oswa
patnè jeneral, paske peman sa yo deja enkli nan konpansasyon yo.
3. Taks onivo eta ak lokal amplwayè a Anprentè a peye epi yo evalye sou konpansasyon anplwaye a (paregzanp, taks
asirans chomaj); pa gen ladann okenn taks yo retni sou salè anplwaye a.
Konpansasyon Pwopriyetè a: Nenpòt kantite lajan yo peye pwopriyetè (pwopriyetè-anplwaye yo (avèk yon patisipasyon 5%
nan kapital oswa plis), yon travayè endepandan, oswa asosye jeneral). Pou chak pwopriyetè endividyèl o total nan tout
biznis yo, kantite lajan sa plafonnen nan (a) $20,833 (ekivalan 2.5-mwa $100,000 pou chak ane), oswa (b) ekivalan 2.5-
mwa nan konpansasyon aplikab moun lan nan ane a yo te itilize pou kalkile kantite lajan prè a (2019 oswa 2020), kèlkeswa
sa ki pi ba a.
Liy 2: Antre lajan ki peye pou enterè ipotèk biznis pandan Peryòd Kouvri pou nenpòt obligasyon ipotèk pwofesyonèl sou kay oswa
byen pèsonèl ki te rive anvan dat 15 fevriye 2020. Pa mete peman ki fèt anvan.
Liy 3: Antre kantite lajan lwaye oswa afèmaj biznis pou kay oswa byen pèsonèl pandan Peryòd Kouvri a, selon kontra lwaye anplas
la anvan 15 fèvriye 2020.
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 2
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021 Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Liy 4: Antre kantite lajan ki peye pou kouran, dlo pandan Peryòd Kouvri a, pou dlo ak kouran biznis pou sèvis ki te kòmanse anvan
dat 15 fevriye 2020.
Liy 5: Antre kantite lajan ki kouvri depans operasyon peye oswa ki fèt pandan Peryòd Kouvri a.
Liy 6: Mete kantite lajan ou peye pou domaj pwopriyete ou peye oswa ki fèt pandan Peryòd ki kouvri a.
Liy 7: Antre kantite lajan ki kouvri depans founisè peye oswa ki fèt pandan Peryòd ki kouvri a dapre yon kontra, kòmann, oswa
akizisyon acha an vigè anvan kòmansman Peryòd ki kouvri a (pou machandiz ki ka gate, kontra a, kònann, oswa rekizisyon acha
dwe te anvigè anvan oswa nenpòt ki lè pandan Peryòd ki Kouvri a).
Liy 8: Ekri kantite lajan depans pwoteksyon travayè ki kouvri yo peye oswa ki fèt pandan Peryòd ki Kouvri a.
REMAK: Pou liy 2-8, ou pa oblije rapòte lajan ou peye epi ou pa vle mete nan kantite lajan padon an.
Liy 9: Ajoute liy 1 jiska 8, antre total la.
Liy 10: Antre Montan Prè PPP a.
Liy 11: Divize kantite sou liy 1 an pa 0.60, epi antre kantite a. Sa ap di eske omwen 60% nan kantite soulajman potansyèl la te sèvi
pou depans pewòl.
Liy 12: Antre pi piti nan liy 9, 10 oswa 11.
Rezime Depans Elijib pou Soulajman:
Pretè kalifye pou soulajman prè pou depans annapre yo:
1. Depans pewòl elijib. An jeneral pretè yo kalifye pou padon pou depans pewòl yo peye ak depans pewòl ki fèt pandan
Peryòd ki Kouvri a ("depans pewòl"). Yo konsidere depans pewòl yo peye nan jou salè distribiye oswa jou Pretè a fè yon
premye tranzaksyon kredi ACH. Yo konsidere depans pewòl fèt jou anplwaye a travay pou salè li. Depans pewòl ki fèt men
yo pa peye pandan dènye peryòd pewòl Pretè a nan Peryòd ki kouvri elijib pou soulajman si yo peye nan dat oswa anvan dat
pwochen pewòl nòmal la. Si se pa sa, frè pewòl yo dwe peye pandan Peryòd ki Kouvri a. Pou chak anplwaye endividyèl,
kantite total konpansasyon lajan kach elijib pou soulajman pa dwe depase yon salè $100.000 pou yon lane, jan yo kalkile
oprorata pou Peryòd Kouvri a. Konte depans pewòl yo te peye epi yo te fè yon sèl fwa. Ajoute sèlman pewòl depans pou
anplwaye ki gen rezidans prensipal li nan peyi Etazini. Pou enfòmasyon sou sa ki kalifye kòm depans pewòl, gade règleman
final pwovizwa SBA yo afiche nan dat 6 janvye 2021 (86 FR 3692).
2. Depans ki pa pewòl elijib. Depans ki pa pewòl elijib pou soulajman se:
(a) obligasyon ipotèk ki kouvri: peye enterè ipotèk (pa gen ladann okenn peman anvan oswa peman manman lajan) sou
ankenn obligasyon ipotèk biznis sou kay oswa byen pèsonèl ki fèt anvan 15 fevriye 2020 (“peman interè sou ipotèk
biznis”);
(b) obligasyon lwaye ki kouvri: peman lwaye oswa afèmaj biznis dapre kontra lwaye pou kay oswa byen pèsonèl an
vigè anvan 15 fevriye 2020 (peman lwaye oswa afèmaj biznis”);
(c) peman sèvis piblik ki kouvri: peman biznis pou yon sèvis pou distribisyon elektrisite, gaz, dlo, telefòn, transpò, oswa
aksè entènèt pou ki sèvis te kòmanse anvan 15 fevriye 2020 ("peman sèvis piblik pou biznis");
(d) depans operasyon ki kouvri: peman pou nenpòt sèvis biznis oswa sèvis enfòmatik nan nyaj oswa lojisyèl biznis ki
fasilite operasyon biznis, livrezon pwodwi oswa sèvis, pwosesis la, peman, oswa swivi depans pewòl, resous imen,
operasyon lavant ak bòdwo, oswa kontablite swivi apwovizyònman, envantè, dosye, ak depans;
(e) depans ki kouvri domaj pwopriyete: depans ki gen rapò ak domaj pwopriyete ak kraze brize oswa piyaj akòz
latwoublay piblik ki te fèt pandan lane 2020 ki pa te gen kouvèti asirans oswa lòt konpansasyon;
(f) depans pou founisè ki kouvri: depans ki fèt ak yon founisè machandiz pou apwovizyònman machandiz ki esansyèl
pou fonksyònman Pretè a nan moman depans la te fèt la, epi te fèt dapre yon kontra, kòmann, oswa rekizisyon acha
efektif anvan konmansman Peryòd ki Kouvri a (pou machandiz ki ka gate, kontra, kòmann oswa rekizisyon acha ki te an
vigè anvan oswa nan nenpòt ki lè pandan Peryòd Kouvri a); ak
(g) depans pwoteksyon travayè ki kouvri: depans fonksyòman oswa kapital ki fasilite adaptasyon aktivite biznis yon
antite pou konfòme li avèk egzijans etabli oswa oryantasyon ki soti nan Depatman Sante ak Sèvis Imen, Sant pou
Kontwòl Maladi, oswa Administrasyon Sante ak Sekirite nan Travay, oswa nenpòt egzijans ekivalan etabli oswa
oryantasyon yo bay pa yon eta oswa yon gouvènman lokal, pandan peryòd la kòmanse 1 mas 2020 epi ki fini nan dat
Prezidan te deklare ijans nasyonal la e ki gen rapò ak maladi Kowonavirus 2019 (KOVID-19) la, ekspire ki gen rapò ak
nòm antretyen asenisman, distans sosyal, oswa nenpòt lòt kondisyon sekirite travayè kliyan ki gen rapò ak KOVID-19,
men li pa gen ladan byen pwopriyete rezidansyèl oswa byen ki pa materyèl.
Depans ki pa pewòl e ki elijib pa ka depase 40% montan soulajman total la. Yon depans ki pa pewòl elijib dwe peye pandan
Peryòd Kouvri a oswa te fèt pandan Peryòd Kouvri a epi peye nan dat oswa anvan pwochen dat bòdwo nòmal la, menm si dat
bòdwo a se apre Peryòd Kouvri a. Konte depans ki pa pewòl ki te alafwa peye epi te fèt yon sèl fwa.
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 3
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021 Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Dokiman Chak Pretè dwe remèt ansanm ak Fòm 3508EZ Aplikasyon pou Soulajman Prè PPP li a
Fòm 3508EZ Kalkil Soulajman Prè PPP
Pewòl: Dokiman pou verifye konpansasyon kach elijib ak peman avantaj ki pa kach elijib nan Peryòd Kouvri a ki gen ladann papye an
apre yo:
a. Eta kont labank oswa rapò founisè sèvis pewòl tyès moun kap jistifye montan konpansasyon kach yo peye anplwaye.
b. Fòm taks (oswa rapò founisè sèvis pewòl tyès moun ekivalan) pou peryòd yo ki depase ak Peryòd Kouvri a oswa Peryòd
Kouvri Pewòl Altènatif la:
i. Deklarasyon taks pewòl oswa ka pral deklare, bay IRS (nòmalman, Fòm 941) epi
ii. Deklarasyon salè anplwaye biznis ak anplwaye endividyèl chak twa mwa ak deklarasyon taks sou asirans chomaj,
oswa ki pral deklare, pou eta konsènen an.
c. Resi Peman, chèk anile, oswa eta kont ki jistifye lajan nenpòt kontribisyon patwon nan asirans sante gwoup anplwaye, vi,
andikap, zye oswa dan ak plan retrèt Pretè a te mete nan kantite lajan padon an.
d. Si ou te tcheke sèlman dezyèm bwat ki sou lis verifikasyon ki nan paj 1 nan enstriksyon sa yo, kantite mwayèn anplwaye
ekivalan a plen tan sou pewòl Emprentè a te anplwaye nan dat 1mye janvye 2020 ak nan fen peryòd ki kouvri.
Ki pa pewòl: Pou kategori a-c, dokiman kap verifye egzistans obligasyon/sèvis yo anvan 15 fevriye 2020 ak, pou tout kategori,
peman elijib nan Peryòd Kouvri a.
a. Peman enterè ipotèk biznis lan: Kopi kalandriye amòtisman pretè a ak resi oswa chèk anile kap verifye peman elijib nan
Peryòd Kouvri a; oswa eta kont pretè a soti fevrive 2020 ak mwa Peryòd Kouvri yo jiska yon mwa apre fen Peryòd Kouvri a
pou verifye montan enterè ak peman elijib yo.
b. Peman Lwaye oswa afèmaj biznis: Kopi kontra lwaye nan moman ak resi oswa chèk anile kap verifye peman elijib nan
Peryòd Kouvri a; oswa eta kont pretè a soti fevrive 2020 ak mwa Peryòd Kouvri yo jiska yon mwa apre fen Peryòd Kouvri a
pou verifye montan enterè ak peman elijib yo.
c. Peman dlo ak elektrisite pou biznis: Kopi fakti soti fevriye 2020 ak sak peye pandan Peryòd Kouvri a ak resi, chèk anile oswa
eta kont pou verifiye peman elijib sa yo.
d. Depans operasyon ki kouvri: Kopi fakti, kòmann oswa rekizisyon acha yo peye pandan Peryòd Kouvri a ak resi, chèk anile
oswa eta kont pou verifiye peman elijib sa yo.
e. Depans pou domaj pwopriyete ki kouvri: Kopi fakti, kòmand oswa rekizisyon acha yo peye pandan Peryòd ki kouvri a ak
resi, chèk anile, oswa deklarasyon kont ki verifye peman kalifye sa yo, ak prèv depans yo ki gen rapò ak domaj pwopriyete
ak kraze brize oswa piyaj akòz latwoublay piblik ki te fèt pandan lane 2020 ak depans sa yo pa te gen kouvèti asirans oswa
lòt konpansasyon.
f. Depans Founisè ki kouvri: Kopi kontra, kòmand, oswa rekizisyon acha efektif nan nenpòt ki lè anvan Peryòd Kouvri a
(eksepte pou machandiz ki ka gate), kopi fakti, kòmand, oswa rekizisyon acha yo peye pandan Peryòd ki Kouvri a ak resi,
chèk anile, oswa eta kont pou verifye peman kalifye sa yo.
g. Depans pwoteksyon travayè ki kouvri: Kopi fakti, kòmand, oswa rekizisyon acha yo peye pandan Peryòd ki kouvri a ak resi,
chèk anile, oswa deklarasyon kont pou verifye peman kalifye sa yo, ak papye ki montre Pretè a te itilize depans yo
konfòmeman avèk direktiv KOVID-19 aplikab yo pandan Peryòd ki Kouvri a.
Dokiman Chak Pretè Dwe Kenbe men ki Pa Obligatwa pou Remèt
Papye ki jistifye sètifikasyon salè ane oswa alè a pa te redwi a plis pase 25 pousan pandan peryòd ki kouvri a nan sak gen pou wè ak
dènye trimès konplè anvan Peryòd ki Kouvri a. Papye sa yo dwe gen ladan dosye pewòl ki liste apa chak anplwaye epi montre
kantite lajan yo peye pou chak anplwaye pandan dènye trimès konplè ak montan anvan Peryòd Kouvri a, ak lajan yo peye chak
anplwaye pandan peryòd ki kouvri a.
Dokimantasyon konsènan nenpòt òf travay ak refi travay, refi yo aksepte restorasyon nan rediksyon nan èdtan, revokasyon pou yon
kòz, demisyon volontè, demand alekri yon anplwaye fè pou rediksyon nan orè travay, ak nenpòt enkapasite pou anboche menm jan
anplwaye ki kalifye pou pozisyon vid nan dat oswa anvan 31 desanm 2020 (oswa, pou yon prè PPP ki fèt aprè 27 desanm 2020, dènye
jou peryòd ki kouvri a).
Dokimantasyon ki sipòte sètifikasyon an, si sa aplikab, Pretè a pa te redwi kantite anplwaye oswa èdtan an mwayèn yo peye anplwaye
ant 1mye janvye 2020 ak fen peryòd ki kouvri a, ki se pa ankenn rediksyon ki te soti nan yon enkapasite pou yo reanboche moun ki te
anplwaye nan dat 15 fevriye 2020, si Pretè a pa te ka anboche anplwaye ki kalifye menm jan pou pozisyon ki te vid nan dat oswa avan
31 desanm 2020 (oswa, pou yon Prè PPP ki fèt apre 27 Desanm 2020, dènye jou Peryòd Kouvri a). Dokimantasyon sa a dwe gen
ladan dosye pewòl ki endike separeman chak anplwaye epi montre kantite lajan yo peye chak anplwaye ant 1 janvye 2020 ak fen
Peryòd ki kouvri a.
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 4
Pwogram Pwoteksyon Salè Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
Fòm Aplikasyon pou Padon prè 3508EZ Revize nan dat 19 janvye 2021 Dat Ekspirasyon: 31/7/2021
056 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Dokimantasyon ki sipòte sètifikasyon ki di, si aplikab, pretè a pa te kapab opere ant 15 fevriye 2020 ak fen Peryòd ki kouvri a nan
menm nivo aktivite biznis lan tankou anvan 15 fevriye 2020 akòz nesesite pou respekte egzijans ak direktiv Minis Sante ak Sèvis
Imen, Direktè Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, oswa Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la fikse epi piblik ant
1mye mas 2020 ak 31 desanm 2020 (oswa pou yon prè PPP ki fèt apre 27 desanm 2020, egzijans oswa direktiv Minis Sante ak Sèvis
Imen, Direktè Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi, oswa Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay te fikse epi pibliye ant 1mye
mas 2020 ak dènye jou ki kouvri a, ki gen pou wè ak antretyen nòm asenisman yo, distans sosyal, oswa nenpòt ki lòt egzijans sekirite
travay oswa kliyan ki gen rapò ak KOVID-19. Dokiman sa a dwe enkli kopi kondisyon yo ki aplikab pou chak kote prete lajan ak
prete lajan ki enpòtan dosye finansye.
Tout dosye konsènan prè PPP Pretè a, tankou dokiman li bay ak aplikasyon prè PPP li a, dokiman pou sipòte sètifikasyon Pretè a
tankou nesesite demand prè a ak elijiblite li pou yon prè PPP, (tankou sètifikasyon rabè rezi anvan taks pretè a pou yon Prè PPP
Dezyèm Tiraj, si aplikab), dokiman nesesè pou sipòte aplikasyon pou soulajman prè Pretè a, ak dokiman ki montre konfòmite Pretè a
ak egzijans PPP yo.
Kondisyon pou kenbe dosye: Pretè a dwe kenbe tout dokiman sa yo nan dosye li pandan sis lane apre dat prè a soulaje oswa finn
remèt nèt, epi pèmèt reprezantan SBA otorize a, tankou reprezantan Biwo Enspektè Jeneral li a, pou jwenn aksè nan dosye sa yo lè yo
mande. Pretè a dwe bay dokiman san kontrent bay yon kreditè pou satisfè egzijans Federal, Eta, lokal oswa lòt kondisyon legal oswa
regilasyon enpòtan oswa an koneksyon avèk yon revizyon prè SBA oswa kontwòl kontab.
Fòm SBA 3508EZ (01/21)
Paj 5
File and source
- File
- 2021-02_PPP-Forgiveness-Applications-and-Instructions-3508EZ-1.19.2021-_Haitian.pdf
- Size
- 402,850 bytes
- SHA-256
- 79d56aee9f8042c522bdc26daa2b44f330a0ef1c4af95d1544b3acc50ec0392c
- Original
- www.sba.gov