Pandemic Darlings The pandemic economy, in original documents
Home Source documents Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit Revize 18 Mas 2021 (Haitian Creole)

Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit Revize 18 Mas 2021 (Haitian Creole)

Summary

Haiti Creole (Kreyol Ayisyen) version of the PPP borrower application form for Schedule C filers using gross income, OMB control number 3245-0407, form 087. It states that an applicant may use this form only if it files IRS Form 1040, Schedule C and uses gross income to calculate the PPP loan amount. It then asks for the business type, such as sole proprietor or independent contractor, the loan calculation, ownership and eligibility answers.

Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used

Full text

                                                Pwogram Pwoteksyon Salè                                                        Nimewo Kontwòl OMB: 3245-0407
                         Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit                                                Dat Ekspirasyon: 30/9/2021
                                                                                                                               087 - Haiti Creole - Kreyol Ayisyen
                                             Revize 18 Mas 2021

  YON APLIKAN KAPAB ITILIZE FÒM SA SELMAN SI APLIKAN AN RANPLI YON FOM IRS 1040, SkEDIL C, EPI SEVI AK REVNI
                                 BRIT POU KALKILE KANTITE LAJAN PRE PPP
    Tyeke Youn:        Yon Sèl Propriyetè                                DBA oswa Non Komèsyal,
                                                                                                                    Ane kreyasyon li (si sa aplikab)
                       Antreprenè Endepandan                                   (si aplikab)
                       Endivi ki travay pou pwop tèt li
                       LLC aak yon sèl manm (Endividi ki
                      anplwaye tèt li)
                       Antrepriz asosye kalifye (Endividi ki
                      anplwaye tèt li)
                                                                                                                   Aplikan (ki gen ladan afilye, si sa
                          Non Legal Biznis la                                         Kòd NAICS                   aplikab) Satisfè Kritè Gwosè Nòmal
                                                                                                                              (tyeke youn):
                                                                                                                Pa plis pase 500 anplwaye (oswa 300
                                                                                                               anplwaye, si sa aplikab) sof si "pou chak
                                                                                                               lokal" eksepsyon aplike
                                                                                                                Kritè gwosè endistri SBA
                                                                                                                Kritè gwosè altènatif SBA
       Adrès Biznis (Ri, Vil, Eta, Kòd Postal - Adrès Bwat Postal
                                                                        TIN (EIN, SSN, ITIN) Biznis la                        Telefòn Biznis
                        Nimewo P.O. yo otorize)


                                                                                  Premye Kontak                                Adrès Imèl

                         Kantite total revni brit                        Ane taks yo itilize pou revni                     Kantite Anplwaye
              (ki soti nan Fòm IRS 1040, Skedil C, Liy 7)                            brit                             (ki gen ladann propriyetè):
                                                                         2019
   $
                                                                         2020

  Si ou pa gen okenn anplwaye (ki pa propriyetè), ranpli tablo sa a:
    A. Revni brit kantite lajan                                                                             x 2.5 + EIDL (Pa Mete
                                                          B. Divize A pa 12 (si
    ou soti nan Fòm IRS 1040                                                                                Nenpòt Avans EIDL)
                                  $                       plis pase $8,333.33,         $                                                 $
    2019 oswa 2020, Skedil C,                                                                               egal Kantite Lajan
                                                          antre $8,333.33):
    liy 7:                                                                                                  Demann Prè a:


  Si ou gen anplwaye (ki pa propriyetè), ranpli tablo sa a:
    A. Fòm 1040 IRS 2019 ou
    2020 ou, Skedil C, liy 7                            B. Divize A pa 12 (si                               C. Mwayèn Pewòl chak
    kantite lajan, mwens sòm     $                      plis pase $8,333.33,           $                    mwa pou Anplwaye yo          $
    total la nan liy 14, liy 19,                        antre $8,333.33):                                   (ki pa enkli propriyetè)
    ak liy 26:
                                                                      x 2.5 + EIDL (Pa Mete Nenpòt Avans
    Ajoute B ak C:                $                                                                                       $
                                                                      EIDL) egal Kantite Lajan Demann Prè a:


                               Depans pewòl (ki gen ladan
                              depans pwopriyetè, egal a depans       Lwaye/Enterè
                                                                                            Sèvis Piblik                  Depans operasyon ki asire
    Objektif prè a            biznis plis konpansasyon              ipotèk
    (chwazi tout sa ki        pwopriyetè)
    aplike):                   Depans pou domaj pwopriyete ki       Depans                Depans pwoteksyon             Lòt (esplike):
                              asire                                 Founisè ki asire       travayè ki asire               ______________________

                                                           Pwopriyete Demandè a
   Lis tout pwopriyetè 20% oswa plis nan aksyon Demandè a. Tache yon fèy apa si sa nesesè.
                Non Pwopriyetè                            Tit             % Pwopriyetè TIN (EIN, SSN,                              Adrès
                                                                                           ITIN)




Fòm SBA 2483-C (3/21)                                                             1
                                                           Pwogram Pwoteksyon Salè
                                     Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit
                                                         Revize 18 Mas 2021

                                                Enfòmasyon Demografik Aplikan PPP (li pa obligatwa)
   Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman. Piblikasyon fèt si w vle e sa pap gen okenn
   enpak sou desizyon aplikasyon an.
   Non Prensipal la                                                       Pozisyon Prensipal la

                          Chwazi Repons Anba a:

   Veteran                 Pa-Veteran;  Veteran;  Veteran Andikape;  Mari oswa Madanm Veteran;  Pa Divilge


   Gason ou Fi             Gason;  Fi;  Pa Divilge


   Ras (ou ka chwazi       Ameriken Endyen oswa Alaska Natif Natal;  Azyatik;  Nwa oswa Afriken-Ameriken;
   plis pase 1)            Natif natal Awayi oswa Pasifik Island;  Blan;  Pa Divilge

   Etnisite                Ispanik oswa Latino;  Pa Ispanik oswa Latino;  Pa Divilge



   Si repons pou kesyon (1), (2), (5), oswa (6) se "Wi," prè a pa p apwouve.
                                                                       Kesyon                                                                  Wi   Non
  1. Èske demandè a oswa nenpòt pwopriyetè Demandè a pou kounye a te jwenn sispansyon, entèdiksyon, twouve l sou lis pou
     entèdiksyon, deklare pa kalifye, te mete deyò nan patisipasyon nan tranzaksyon sa a nan men yon depatman oswa ajans federal, oswa
     enplike nan yon fayi pou kounye a?
  2. Èske aplikan an, nenpòt pwopriyetè aplikan, oswa nenpòt biznis ki se pwopriyete oswa anba kontwòl youn ladan yo, janm jwenn yon
     prè dirèk oswa garanti nan men SBA oswa nenpòt lòt ajans federal (ki se pa yon prè etidyan Federal ki fèt oswa garanti atravè yon
     pwogram Depatman Edikasyon ap jere) ki (se (a) delenkan jounen jodi a, oswa (b) ki pa peye nan 7 dènye ane yo epi te lakòz
     gouvènman pèdi lajan?
  3. Èske Demandè a oswa nenpòt pwopriyetè Demandè a se pwopriyetè yon lòt biznis, oswa gen jesyon komen (ki gen ladan yon akò
     jesyon) ak nenpòt ki lòt biznis? Si wi, fè lis tout biznis sa yo (san bliye TIN yo si genyen) epi bay detay sou relasyon an sou yon fèy
     apa yo rele addendum A.
  4. Èske Demandè a te resevwa yon prè SBA pou Katastwòf Ekonomik ant 31 janvye 2020 ak 3 avril 2020? Si wi, bay detay sou yon fèy
     apa yo rele addendum B.
  5. Èske Aplikan an (si yon moun) oswa nenpòt ki mèt Aplikan an kounye a nan prizon oswa, pou nenpòt ki krim, kounye a sijè a yon
     akizasyon, enfòmasyon kriminèl, miz annakizasyon oswa lòt mwayen ki akizasyon fòmèl kriminèl yo te pote nan nenpòt jiridiksyon?
     Mete inisyal ou isit la pou konfime repons ou bay pou kesyon 5→             _____________________
  6. Nan 5 dènye ane yo, pou nenpòt krim ki enplike fwod, koripsyon, detounman fon, oswa yon fo deklarasyon nan yon aplikasyon pou
     prè oswa yon aplikasyon pou asistans lajan federal, oswa nan dènye ane a, pou nenpòt ki lòt krim, eske aplikan an (si yon moun )
     oswa nenpòt pwopriyetè aplikan 1) te kondane; 2) plede koupab; 3) plede nolo contendere; oswa 4) kòmanse nenpòt fòm libète
     pwovizwa oswa pwobasyon (ki gen ladan pwobasyon anvan jijman)?
     Mete inisyal ou isit la pou konfime repons ou bay pou kesyon 6 →     _____________________
  7. Èske Etazini se prensipal rezidans pou tout anplwaye yo mete nan kalkil pewòl Aplikan an a pi wo a?
  8. Èske Demandè a se yon antrepriz ak franchiz?
  9. Èske franchiz la nan Anyè Franchiz SBA a? Si repons lan se wi, antre Kòd Idantifikasyon Franchiz SBA isit la:_______________




Fòm SBA 2483-C (3/21)                                                            2
                                                            Pwogram Pwoteksyon Salè
                                       Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit
                                                           Revize 18 Mas 2021

Lè ou siyen Anba la, Ou fè Reprezantasyon, Otorizasyon ak Sètifikasyon Annapre yo
 Mwen sètifye:
      Mwen li deklarasyon ki ekri nan fòm sa a, tankou Deklarasyon Lalwa ak Dekrè Egzekitif Egzije yo, epi mwen konprann yo.
      Aplikan an kalifye pou li resevwa yon prè dapre règleman ki anvigè nan moman aplikasyon sa a soumèt, ki te soti nan Administrasyon Ti Biznis
          (SBA) ak Depatman Trezò a (Trezò) kap aplike Pwogram Pwoteksyon Chèk salè anba Divizyon A, Tit I nan Lwa sou Asistans, Sekou, ak Sekirite
          Ekonomik pou Kowonaviris la (Lwa CARES) ak Èd Ekonomik pou Ti Biznis ki pran gwo frap, Oganizasyon san bi likratif ak Espas Oganizasyon
          Evènman ak Tit V Lwa sou Sekou Ameriken 2021 an (Règleman Pwogram Pwoteksyon Salè a).
      Aplikan an, ansanm ak afilye li yo (si sa aplikab), (1) se yon antreprenè endepandan, moun kap travay ak tèt li, oswa sèl pwopriyetè ki pa gen okenn
          anplwaye; (2) pa anplwaye plis pase 500 anplwaye pou pi plis oswa, si li aplikab, gwosè nòmal nan kantite anplwaye etabli pa SBA nan 13 C.F.R.
          121.201 pou endistri Aplikan an; (3) si NAICS 72, pa anplwaye plis pase 500 anplwaye pou chak kote fizik; (4) si se yon piblikatè nouvèl entènèt
          sèlman oswa yon piblikatè detanzantan asiyen NAICS kòd 519130 epi angaje nan ranmasaj ak distribisyon nouvèl ak enfòmasyon lokal oswa
          rejyonal ak nasyonal, anplwaye pa plis pase 500 anplwaye (oswa gwosè nòmal nan kantite anplwaye SBA fikse nan 13 C.F.R. 121.201 pou sektè
          Aplikan an) pou chak lokal; oswa (5) se yon ti biznis anba kritè gwosè sou baz revni SBA fikse nan 13 C.F.R. 121.201 pou sektè demandè a oswa
          selon kritè gwosè altènatif SBA a.
      M ap konfòme m, chak fwa sa aplikab, ak dwa sivil yo ak lòt limit nan fòm sa a.
      Tout montan prè yo pral itilize sèlman pou rezon ki gen rapò ak biznis (ki gen ladan pewòl ak lòt depans pwopriyetè, ki se depans biznis plis
          konpansasyon pwopriyetè, jan sa defini nan règ final pwovizwa la afiche nan dat 3 mas 2021) jan sa espesifye nan aplikasyon prè a ak ki konsistan
          avèk Règleman Pwogram Pwoteksyon Salè a ki gen ladan entèdiksyon pou sèvi ak lajan prè pou aktivite lòbi ak depans. Si aplikan an se yon
          piblikatè nouvèl oswa anons sou entènèt sèlman ki te vin kalifye pou yon prè anba Seksyon 5001 nan Lwa sou Plan Sekou Ameriken 2021 an,
          montan prè a pral itilize pou sipòte depans nan pati biznis la oswa òganizasyon an ki sipòte nouvèl lokal oswa rejyonal yo.
      Mwen konprann SBA ankouraje acha, nan limit sa posib, ekipman ak pwodwi Ameriken fabrike.
      Demandè a pa angaje nan okenn aktivite ki ilegal dapre lwa onivo federal, eta oswa lokal.
      Nenpòt prè EIDL Aplikan a resevwa (Seksyon 7(b)(2) nan Lwa sou Ti Biznis la) ant 31 janvye 2020 ak 3 avril 2020 se te pou yon objektif ki se pa
          peye depans pewòl ak lòt itilizasyon ki akseptab pou prè anba Règleman Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè a.
 Pou demandè ki se endividi: Mwen otorize SBA a pou l mande enfòmasyon dosye kriminèl sou mwen nan men ajans jistis penal nan bi pou detèmine
 kalifikasyon mwen pou pwogram ki otorize anba Lwa sou ti Biznis, jan yo amande li.
 Reprezantan otorize Aplikan an dwe sètifye ak bòn fwa ak tout sa ki anba a ak inisyal akote chak (tèm "pewòl la" ak "depans pewòl" jan yo itilize nan
 sètifikasyon ki anba yo san bliye depans pwopriyetè (depans biznis plis konpansasyon pwopriyetè)):
           Aplikan a tap fonskyone nan dat 15 fevriye 2020, pa te fèmen nèt, epi se swa kòm yon moun kalifye kap travay ak tèt li, antrepriz endepandan,
           oswa antrepriz ak yon sèl pwopriyetè ki pa gen okenn anplwaye, oswa te gen anplwaye li peye salè ak taks pewòl pou yo oswa antreprenè
           endepandan li te peye, jan yo rapòte sou Fòm (yo) 1099-MISC.
           Sitiyasyon ekonomik ensèten jounen jodi a fè demann prè sa a nesesè pou Demandè a ka kontinye fonksyone.
           Lajan yo pral itilize pou kenbe travayè epi kenbe pewòl; oswa fè peman pou enterè ipotèk, lwaye, sèvis piblik, depans operasyon ki kouvri, depans
           pou domaj pwopriyete ki kouvri, depans pou founisè ki kouvri, ak depans pou pwoteksyon travayè ki garanti yo jan sa espesifye nan Règ Pwogram
           Pwoteksyon Chèk la; Mwen konprann si fon yo itilize pou rezon san otorizasyon, gouvènman federal la ka kenbe m legalman responsab, tankou
           pou akizasyon fwod.
           Mwen konprann padon prè pral bay pou total depans pewòl dokimante, peman enterè ipotèk ki kouvri, peman lwaye ki kouvri, sèvis piblik ki
           kouvri, depans operasyon ki kouvri, depans domaj pwopriyete ki kouvri, depans founisè ki kouvri, ak depans pwoteksyon travayè ki kouvri, ak
           pa plis pase 40% nan kantite lajan padonnen pa dwe pou depans ki pa pewòl. Si sa nesesè, Demandè ap bay Kreditè a ak/oswa SBA dokiman pou
           verifye kantite anplwaye plentan ekivalan sou pewòl Demandè a ansanm ak lajan depans ki kalifye pou peryòd ki kouvri apre prè sa a.
           Aplikan an pa resevwa epi pap resevwa yon lòt prè anba Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè a, seksyon 7(a)(36) nan Lwa sou Ti Biznis (15 U.S.C.
           636(a)(36)) (sa pa gen ladan Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè dezyèm tiraj prè a, seksyon 7 (a)(37) nan Lwa sou Ti Biznis (15 U.S.C. 636(a)(37)).
           Aplikan an pa te apwouve pou yon sibvansyon Shuttered Venue Operator (SVO) nan men SBA apati dat aplikasyon sa a, epi Aplikan an rekonèt
           si Aplikan an apwouve pou yon sibvansyon SVO anvan SBA bay yon nimewo prè pou prè sa a, Aplikan an pa kalifye pou prè a ak akseptasyon
           nenpòt ki montan prè yo pral konsidere kòm yon itilizasyon san otorizasyon.
           Prezidan, Vis Prezidan, tèt depatman egzekitif la, oswa yon manm nan Kongrè, oswa mari oswa madanm moun sa jan yo detèmine anba lwa
           komen aplikab, pa dirèkteman oswa endirèkteman kenbe yon patisipasyon majoritè Demandè a, kote kondisyon sa yo genyen siyifikasyon yo bay
           nan Seksyon 322 Lwa sou Bizinis ki Pran Gwo frap, Antrepriz ki pap fè pwofi, ak Espas Evenman.
           Demandè a se pa yon konpayi emetè, kote tit li yo sou yon echanj ki anrejistre kòm yon echanj tit nasyonal anba seksyon 6 nan Lwa 1934 sou
           Echanj Valè (15 J.S.C. 78f).
           Mwen sètifye tou enfòmasyon mwen bay nan aplikasyon an ak enfòmasyon yo bay nan tout dokiman sipò ak fòm yo vre epi kòrèk pou tout sa ki
           enpòtan yo. Li klè pou mwen si mwen fè yon fo deklarasyon ak tout konsyans mwen pou m jwenn padon nan yon prè SBA-garanti lalwa, ansanm
           ak 18 U.S.C. 1001 ak 3571, ki pini zak sa ak anprizonman ki pa plis pase senk lane ak/ oswa yon amann ki rive jiska $250,000; anba 15 U.S.C.
           645 ak anprizònman pa plis pase de zan ak/oswa yon amann ki pa plis pase $5,000; epi, si yo soumèt li bay yon enstitisyon ki gen asirans federal,
           anba 18 U.S.C. 1014 ak anprizonman pa plis pase trant lane ak/oswa yon amann ki pa plis pase $1,000,000.




  Fòm SBA 2483-C (3/21)                                                            3
                                                         Pwogram Pwoteksyon Salè
                                   Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit
                                                       Revize 18 Mas 2021

        Mwen rekonèt Kreditè a pral konfime kantite lajan prè ki kalifye a lè l sèvi avèk dokiman obligatwa li soumèt yo. Li klè pou mwen, mwen rekonèt
        epi mwen dakò pou Kreditè a pataje enfòmasyon taks mwen yo ak reprezantan otorize SBA yo, tankou reprezantan otorize Biwo Enspektè Jeneral
        SBA, pou yo ka garanti konfòmite ak egzijans PPP yo ak tout revizyon SBA yo.


_________________________________________________________                                    ________________________
Siyati Reprezantan Otorize Demandè a                                                         Dat


_________________________________________________________                                    ________________________
Non ak lèt detache                                                                           Tit




 Fòm SBA 2483-C (3/21)                                                         4
                                                              Pwogram Pwoteksyon Salè
                                        Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit
                                                            Revize 18 Mas 2021

Objektif fòm sa a:
Fòm sa a dwe ranpli pa reprezantan otorize nan aplikan an epi soumèt bay kreditè Patisipan SBA ou a. Soumèt enfòmasyon yo mande yo oblije pran yon
detèminasyon konsènan kalifikasyon pou asistans finansye. Si ou pa soumèt enfòmasyon yo, sa pral afekte detèminasyon sa a.
Yon Aplikan ki depoze yon Fòm IRS 1040, Skedil C, epi ki chwazi pou kalkile kantite lajan prè PPP avèk revni brit dwe itilize fòm sa a. Yon Aplikan ki
depoze yon Fòm IRS 1040, Skedil C, epi ki chwazi kalkile kantite lajan prè PPP ak pwofi nèt dwe itilize Fòm 2483 SBA a. Yon Aplikan ki depoze yon Fòm
IRS 1040, Skedil F, epi kalkile kantite lajan prè PPP ak revni brit dwe itilize Fòm SBA 2483.
Enstriksyon pou ranpli fòm sa a:
Pou rezon rapò Ane Kreyasyon an, aplikan ka antre nan "NA".
Pou yo ka rapòte Kòd NAICS, demandè yo dwe matche kòd aktivite biznis lan ki twouve l sou deklarasyon taks sou revni IRS yo, si sa aplikab.
Pou yo ka rapòte Kantite Anplwaye, antrepriz ak yon sèl pwopriyetè, moun kap travay ak tèt yo, ak antreprenè endepandan ta dwe mete tèt yo kòm anplwaye
(sètadi, kantite minimòm nan kare Kantite Anplwaye se youn). Aplikan ka itilize mwayèn travay yo sou peryòd tan yo itilize pou kalkile depans total pewòl
yo pou detèmine kantite anplwaye yo. Altènativman, Aplikan ka chwazi pou itilize kantite mwayèn anplwaye pou chak peryòd peman nan 12 mwa kalandriye
yo ranpli anvan dat aplikasyon prè a.
Pou yo kalkile "Pewòl mwayen chak mwa." pifò demandè ap sèvi ak mwayèn pewòl chak mwa pou 2019 oswa 2020, eksepte depans plis pase $100,000
sou yon baz chak ane, jan yo kalkile oprorata pou peryòd yo peye yo oswa obligasyon pou peye yo angaje, pou chak anplwaye. Ane pewòl yo itilize a dwe
menm ak ane fiskal yo itilize pou kalkil revni brit la (kare A nan youn ou lot tab). Pou biznis sezonye yo, aplikan an ka chwazi pou li itilize pito mwayèn
total pewòl mwayen chak mwa pou nenpòt peryòd douz semèn aplikan an chwazi ant 15 fevriye 2019 ak 15 fevriye 2020, eksepte depans plis pase $100,000
sou yon baz chak ane, jan sa kalkile oprorata pou peryòd yo peye yo oswa obligasyon pou yo angaje, pou chak anplwaye. Pou nouvo biznis, pewòl mwayen
chak mwa ka kalkile avèk peryòd tan ki soti nan 1 janvye 2020 rive 29 fevriye 2020, eksepte depans plis pase $100,000 sou yon baz chak ane, jan yo kalkile
oprorata pou peryòd pou yo peye yo oswa obligasyon pou peye yo angaje, pou chak anplwaye.
Si Demandè a ap refinanse yon Prè Katastwòf Ekonomik (EIDL): Ajoute kantite lajan ki pa peye nan yon EIDL ki fèt ant 31 janvye 2020 ak 3 avril 2020
nan Demand Prè jan sa endike sou fòm lan. Pa ajoute montan okenn Avans EIDL.
Nan sa ki gen pou wè ak Objektif prè a, depans pewòl gen ladan yo konpansasyon pou anplwaye (ak prensipal adrès rezidans yo se Etazini) sou fòm salè,
komisyon, oswa konpansasyon menm jan; tep kach oswa ekivalan (sou baz dosye tep anplwayè a ki pase oswa, si dosye sa yo ta va absan, yon estimasyon
rezonab ak bòn fwa tep sa yo): peman pou vakans, konje pou paran, fanmi, medikal, oswa konje maladi (eksepte kantite lajan konje sa yo ki peye e ki gen
yon kredi otorize dapre Seksyon FFCRA 7001 ak 7003); alokasyon pou separasyon oswa ranvwa; peman pou founi avantaj sosyal anplwaye yo (tankou
prim asirans) ki gen ladan pwoteksyon swen sante gwoup, asirans vi gwoup, asirans pou andikap, zye, oswa dan, ansanm ak avantaj sosyal retrèt; peman
taks eta ak lokal yo evalye sou konpansasyon anplwaye; epi, pou yon antreprenè endepandan oswa antrepriz ak yon sèl pwopriyetè, salè, komisyon, revni,
oswa salè apre taks nan travay endepandan oswa konpansasyon menm jan. Sa a gen ladan depans pwopriyetè, ki vle di depans biznis plis konpansasyon
propriyetè a.
Si aplikan an se yon antrepriz asosoye kalifye pou rezon taks sou revni federal ((1) sèl manm antrepriz asosye a se yon koup marye ki pwodui yon deklarasyon
ansanm epi yo chak depoze Skedil C, (2) mari ak madanm gen gwo patisipasyon nan komès la oswa biznisnla, epi (3) mari ak madanm chwazi pou yo pa
dwe trete yo kòm yon patenarya), se yon sèl, mari oswa madanm lan ki ka soumèt fòm sa a nan non antrepriz asosye kalifye a. Pou rezon pou rapòte Kantite
Anplwaye, yo ta dwe konte chak mari chak madanm. Pou yo ka detèmine ki tab pou itilize pou kalkile kantite lajan pou Demann Prê a, si Aplikan pa gen
okenn lòt anplwaye ki se pa koup marye a, ranpli tablo ki make "Si ou pa gen okenn lòt anplwaye pase tèt ou, ranpli tablo sa a." Pou rezon kalkile revni brit,
antre nan sòm total revni brit (Schedule C, liy 7) nan tou de mari oswa madanm yo. Pou yo ka kalkile kantite lajan pou demann prè a, kantite lajan ki antre
nan kare B nan nenpòt tab limite a $8,333.33.
Pou yon pwopriyetè sèl, se sèl pwopriyetè a yo konsidere kòm mèt Aplikan an. Pou yon konpayi ak responsablite limite ki gen yon sèl manm epi yo trete
kòm yon antite meprize pou rezon fiskal revni federal epi depoze Skedil C, manm nan konsidere kòm yon sèl pwopriyetè ak mèt Aplikan . Si Akplikan yo
trete kòm yon antrepriz asosye pou rezon taks sou revni federal (sèl manm antrepriz asosye yo se yon koup marye ki depoze yon deklarasyon ansannm epi
yo chak depoze yon Skedil C), tou de mari ak madanm yo konsidere kòm sèl pwopriyetè ak mèt Aplikan an.
Pou rezon rapò (pa obligatwa) enfòmasyon demografik:
     1. Objektif. Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman.
     2. Deskripsyon. Fòm sa mande enfòmasyon sou chak Prensipal Pretè a. Ajoute lòt fèy si gen bezwen.
     3. Definisyon Prensipal. Tèm “Prensipal” la vle di:
             Endividi ki ap travay pou pwòp tèt yo, kontraktè endepandan, oswa sèl pwopriyetè.
             Tout moun Aplikan anplwaye pou jere aktivite toulejou Aplikan (“anplwaye kle”).
     4. Non Prensipal la. Ajoute tout non Prensipal la.
     5. Pozisyon Prensipal la. Idantifye pozisyon Prensipal la: Endividi ki ap travay pou pwòp tèt pa li, antreprenè endepandan, sèl pwopriyetè, oswa
         anplwaye kle.

Lwa sou Rediksyon Travay Administrasyon) – Ou pa oblije reponn ak ansanm enfòmasyon sa yo sòfsi yo genyen yon Nimewo Kontwol OMB valid pou
kounye a. Tan yo evalye pou ranpli aplikasyon an, ak ladann kolekte enfòmasyon nesesè, se 8 minit. Kòmantè sou tan sa a oswa enfòmasyon yo mande yo
ta dwe voye bay: Small Business Administration, Director, Records Management Division, 409 3rd St., SW, Washington DC 20416, ansanm ak/oswa SBA
Desk Officer, Office of Management and Budget, New Executive Office Building, Washington DC 20503. TANPRI PA VOYE FOM NAN ADRÈS
SA YO.




  Fòm SBA 2483-C (3/21)                                                              5
                                                              Pwogram Pwoteksyon Salè
                                        Fòm Aplikasyon pou Anprentè kap Depoze Skedil C ak Revni Brit
                                                            Revize 18 Mas 2021

Lwa Sou Pwoteksyon Vi Prive (5 U.S.C. 552a) – Dapre dispozisyon ki nan Lwa sou Vi Prive a, ou pa oblije bay nimewo sekirite sosyal ou. Si ou pa bay
nimewo sekirite sosyal ou an, sa pa ka afekte okenn dwa, avantaj oswa privilèj ou gen dwa ak yo. (Men gade Avi sou Rekouvreman Dèt konsènan nimewo
idantifikasyon kontribyab ki anba a.) Divilgasyon non ak lòt idantifikasyon pèsonèl yo obligatwa pou sa bay SBA ase enfòmasyon pou fè yon detèminasyon
karaktè. Lè l ap evalye karaktè, SBA konsidere entegrite moun nan, senserite li, ak dispozisyon li genyen pou aksyon kriminèl. Anplis de sa, SBA gen yon
otorizasyon espesyal pou l verifye istwa kriminèl ou, oswa si w pa genyen, dapre seksyon 7 (a)(1)(B), 15 U,S,C. Seksyon 636(a)(1)(B) nan Lwa sou Ti
Biznis la.

Divilgasyon enfòmasyon – Demand pou enfòmasyon sou yon lòt pati yo ka refize sof si SBA gen pèmisyon alekri moun nan pou divilge enfòmasyon yo
bay moun kap fè demand lan oswa sof si enfòmasyon yo ka divilge dapre Lwa sou Libète Enfòmasyon. Lwa sou Konfidansyalite otorize SBA fè sèten“
"itilizasyon woutin"” ak enfòmasyon Lwa sa a pwoteje. Youn nan itilizasyon woutin sa yo se divilgasyon enfòmasyon ki konsève nan sistèm dosye SBA’
lè enfòmasyon sa yo endike yon vyolasyon oswa posib vyolasyon lalwa, kit li sivil, kriminèl, oswa administratif. Byen espesyal, SBA ka refere enfòmasyon
yo bay ajans apwopriye a, kit se Federal, Eta, lokal oswa etranje, ki responsab pou, oswa otreman patisipe nan envestigasyon, pouswit jidisyè, ranfòsman
oswa prevansyon vyolasyon sa yo. Yon lòt itilizasyon woutin se divilgasyon bay lòt ajans Federal ki fè tyèk sou pase moun men sèlman nan limit enfòmasyon
yo enpòtan poufonksyon ajans kap mande yo a. Gade, 74 F.R. 14890 (2009) epi jan li amande de tan zan tan pou plis tyèk itwa pase moun ak lòt woutin.
Mete sou sa, Lwa CARES la egzije pou SBA enskri chak prè ki fèt nan Pwogram Pwoteksyon Chèk Salè a avèk Nimewo Idantifikasyon Kontribyab la
(TIN) ki asiyen bay pretè lajan.
Lwa 1982 sou Rekouvreman Dèt, Lwa 1984 sou Rediksyon Defisi (31 U.S.C. 3701 et seq. ak lòt tit) – SBA dwe jwenn nimewo idantifikasyon kontribyab
ou lè ou aplike pou yon prè. Si ou resevwa yon prè, epi ou pa peye lè dat la rive,SBA kapab: (1) rapòte estati prè ou (yo) bay biwo kredi yo, (2) anboche
yon ajans rekouvreman pou kolekte prè ou a, (3) konpanse ranbousman taks sou revni ou oswa lòt kantite lajan Gouvènman Federal la dwe ou, (4) sispann
oswa anpeche ou oswa konpayi ou nan fè biznis ak Gouvènman Federal la, (5) refere prè ou bay Depatman Jistis, oswa (6) pran lòt aksyon yo otorize nan
enstriman prè yo.

Lwa 1978 sou Dwa pou Pwoteksyon Enfomasyon Finansye (12 U.S.C. 3401) – Lwa 1978 sou Dwa pou Konfidansyalite Finansye, akòde dwa aksè SBA
nan dosye finansye ki kenbe nan enstitisyon finansye kap fè oswa ki te fè biznis avèk ou oswa biznis ou, san bliye nenpòt enstitisyon finansye k ap patisipe
nan yon prè oswa prè garanti. SBA sèlman oblije remèt yon sètifika konfòmite li ak Lwa a bay yon enstitisyon finansye anrapò avèk premye demann li an
pou aksè nan dosye finansye ou. Dwa aksè SBA kontinye pandan dire nenpòt akò garanti prè ki apwouve. SBA otorize tou transfere nan yon lòt otorite
Gouvènman nenpòt dosye finansye konsènan yon prè apwouve oswa garanti prè, jan sa nesesè nan pwosesis, sèvis oswa sezi sou yon garanti prè oswa
kolekte sou yon garanti prè remet.

Lwa sou Libète Enfòmasyon (5 U.S.C. 552) – Lwa sa prevwa, ak kèk eksepsyon, pou SBA bay enfòmasyon ki reflete nan dosye ak dokiman ajans lan bay
yon moun ki mande li. Enfòmasyon sou prè apwouve ki jeneralman pibliye gen ladan, pami lòt bagay, estatistik sou pwogram prè nou yo (pretè endividyèl
yo pa idantifye nan estatistik yo) ak lòt enfòmasyon tankou non prete yo, kantite lajan prè a, ak kalite prè an. Done propriyetè sou yon pretè lajan pa ta dwe
disponib sistematikman pou lòt moun. Tout demand kap antrave Lwa sa a fèt pou adrese nan biwo SBA ki pi pre a epi yo fèt pou idantifye kòm yon demann
Libète Enfòmasyon.

Lwa sou Sante ak Sekirite nan Travay (15 U.S.C. 651 et seq.) – Administrasyon Sante ak Sekirite nan Travay (OSHA) kapab mande pou biznis modifye
enstalasyon ak pwosedi yo pou pwoteje anplwaye. Biznis ki pa konfòme yo ka gen pou peye amann epi oblije diminye danje yo nan espas travay yo. Yo
ka resevwa lòd tou pou yo sispann operasyon ki poze yon danje lanmò iminan oswa blesi grav jiskaske anplwaye yo ka pwoteje. Lè li siyen fòm sa a,aplikan
an sètifye, dapre tou sa l konnen, li konfòme l avèk kondisyon OSHA mande yo, epi li ap toujou konfòme li pandan lavi diran prè a.

Dwa sivil (13 C.F.R. 112, 113, 117) – Tout biznis kap resevwa asistans finansye SBA dwe dakò pou yo pa fè diskriminasyon nan okenn pratik biznis,
tankou pratik travay ak sèvis pou piblik la sou baz kategori ki site nan 13 C.F.R., Pati 112, 113 ak 117 Règ SBA yo. Tout pretè yo dwe montre "Afich
Opòtinite Travay Egal" SBA preskri a.

Lwa sou Opòtinite Kredi Egal (15 U.S.C. 1691) – Li entèdi pou Kreditè fè diskriminasyon kont aplikan kredi sou baz ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal,
sèks, eta sivil oswa laj (depi aplikan an gen kapasite pou siyen yon kontra obligatwa); paske tout oswa yon pati nan revni aplikan an sòti nan nenpòt pwogram
asistans piblik; oswa paske demandè a ak bòn fwa li te egzèse nenpòt dwa dapre Lwa sou Pwoteksyon Kredi Konsomatè a.

Dekrè Egzekitif sou Esklizyon ak Sispansyon 12549 (2 C.F.R. Pati 180 ak Pati 2700) – Lè ou soumèt aplikasyon prè sa a, ou sètifye ni aplikan, ni okenn
pwopriyetè aplikan an te,nan twa dènye ane ki sot pase yo: (a) te jwenn entèdiksyon, sispansyon, deklarasyon inejiblite oswa esklizyon volontè nan men
yon ajans federal pou patisipasyon nan yon tranzaksyonl; (b) fòmèlman pwopoze pou entèdiksyon, ak yon detèminasyon final toujou annatant; (c) te akize,
kondane, oswa te fè gen jijman sivil kont ou pou nenpòt nan ofans yo ki nan lis nan règleman yo oswa (d) te delenkan sou nenpòt kantite lajan li dwe.
Gouvènman ameriken oswa ajans li yo nan dat siyati sètifikasyon sa a.




  Fòm SBA 2483-C (3/21)                                                              6


File and source

File
2021-04_BorrowerApplication2483CARPrevisions-final-3-18-21-_haitian.pdf
Size
291,979 bytes
SHA-256
6cd189de61c962f299166520524ab7e5258a339a7071a0c6097d00c9f24eae78
Our copy
2021-04_BorrowerApplication2483CARPrevisions-final-3-18-21-_haitian.pdf
Original
www.sba.gov
Back to top