Pandemic Darlings The pandemic economy, in original documents
Home Source documents Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon 3508S pou Soulajman Prè PPP

Pwogram Pwoteksyon Salè Fòm Aplikasyon 3508S pou Soulajman Prè PPP

Summary

Haitian Creole (Kreyol Ayisyen) version of PPP loan forgiveness application Form 3508S, OMB control number 3245-0407. It states which borrowers may use Form 3508S and asks for the business details, the PPP loan numbers and amount, and the forgiveness amount. It closes with the borrower's certifications.

Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used

Full text

                                                                                                         Nimewo Kontwòl OMB 3245-0407
                                                Pwogram Pwoteksyon Salè                                      Dat Ekspirasyon: 31/10/2020
                                   Fòm Aplikasyon 3508S pou Soulajman Prè PPP                             Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
        YON PRETÈ KA ITILIZE FÒM SA A SÈLMAN SI PRETÈ LAJAN AN TE RESEVWA YON PRÈ PPP $ 50,000
                                           OSWA MWENS.
 Yon Pretè ki, ansanm ak afilye li yo, te resevwa prè PPP ki totalize $ 2 milyon oswa plis pa ka itilize fòm sa a.
                         Non Legal Biznis la (“Pretè”)                                     DBA oswa Non Komèsyal, si aplikab

                                 Adrès biznis                                    TIN (EIN, SSN) Biznis                 Telefòn Biznis
                                                                                                               (   )    -
                                                                                    Premye Kontak                           Adrès Imel


 Nimewo Prè SBA PPP:                                               Nimewo Prè PPP Kreditè a:
 Kantite lajan Prè PPP a:                                          Dat Dekesman Prè PPP a:
 Anplwaye nan Moman Aplikasyon pou Prè a:                          Anplwaye nan Moman Aplikasyon pou Soulajman:
 Montan Avans EIDL la:                                             Nimewo Aplikasyon EIDL la:
 Kantite Lajan Soulajman:
 Lè ou siyen Anba la, Ou fè Reprezantasyon ak Sètifikasyon Annapre yo Onon Pretè a:
 Reprezantan Atorize Pretè a sètifye pou tout sak anba yo ak yon inisyal l ap mete akote yo chak.
          Kantite lajan pou ki yo mande padon an pa depase kantite lajan prensipal prè PPP a epi:
                te sèvi pou peye depans ki elijib pou soulajman (depans pewòl pou kenbe anplwaye; peye enterè sou ipotèk biznis;
                     peye lwaye oswa afèmaj biznis; oswa peye elektrisite ak gaz biznis lan);
                gen ladann depans pewòl egal ak 60% omwens nan kantite lajan yo padone a;
                si yon Peryòd Kouvri 24 semèn aplike, pa depase yon valè 2.5 mwa nan konpansayon 2019 pou nenpòt pwopriyetè-
                     anplwaye oswa moun kap travay ak tèt li/asosye jeneral, nan yon nivo limit $20,833 pou chak moun; epi
                si Pretè a chwazi yon Peryòd Kouvri 8-semèn, pa depase valè 8 semèn nan konpansasyon 2019 pou nenpòt
                     pwopriyetè-anplwaye oswa moun kap travay ak tèt li/patnè jeneral, nan yon nivo limit $15,385 pou chak moun.
          Li klè pou mwen si fon yo te itilize ak tout konesans mwen pou rezon ki pa otorize, gouvènman federal la ka pouswiv ak
          rekouvreman lajan prè a ansanm ak/oswa akizasyon pou fwod sivil oswa kriminèl.
          Pretè lajan an te verifye pou wè pa gen erè nan peman pou depans pewòl elijib ak depans ki pa pewòl pou ki pretè lajan an
          mande padon, e li te kalkile san erè kantite lajan padon li mande a.
          Mwen remèt bay Kreditè a dokiman nesesè yo pou verifye depans pewòl, egzistans obligasyon ak sèvis (jan sa aplikab) anvan
          15 fevriye 2020, ansanm ak peman enterè ipotèk biznis elijib, peman lwaye oswa fèm kay pou biznis lan, epi lajan yo peye dlo
          ak elektrisite biznis lan.
          Enfòmasyon mwen bay nan aplikasyon an epi enfòmasyon yo bay nan tout dokiman sipò ak fòm yo vre epi kòrèk pou tout sa
          ki enpòtan yo. Li klè pou mwen si mwen fè yon fo deklarasyon pou m ka jwenn soulajman yon prè SBA garanti, lalwa, ansanm
          ak 18USC 1001 ak 3571, pini sa ak anprizònman ki pa ka plis pase senk lane epi/oswa yon kontravansyon jiska $250,000;
          selon 15 USC 645 ak anprizònman ki pa ka plis pase de zan ak/oswa yon kontravansyon ki pa ka plis pase $5,000; epi, si l ale
          nan enstitisyon ki gen asirans federal, selon 18 SCS 1014 ak anprizònman ki pa ka plis pase trant lane ak/oswa yon
          kontravansyon ki pa ka plis pase $1,000,000.
          Dokiman taks mwen prezante bay Kreditè a konsistan ak dokiman Pretè a soumèt bay IRS la ak/oswa ajans enpo oswa travay
          pou eta a.. Li klè pou mwen tou, mwen rekonèt epi mwen dakò pou Kreditè a pataje enfòmasyon taks mwen yo ak reprezantan
          otorize SBA yo, tankou reprezantan otorize Biwo Enspektè Jeneral SBA, pou yo ka garanti konfòmite ak egzijans PPP yo ak
          tout revizyon SBA yo.
          Mwen konprann, mwen rekonèt epi mwen dakò SBA ka mande enfòmasyon anplis pou li ka evalye elijiblite Pretè a pou prè
          PPP a ak pou soulajman prè a, epi echèk Pretè a pou l bay enfòmasyon SBA mande yo ka lakòz yo jwenn Pretè a pa elijib pou
          prè PPP a oswa yo bay yon refi pou aplikasyon pou soulajman prè Pretè a.
 Elijiblite Pretè a pou soulajman prè ap evalye selon règleman PPP yo ak konsèy SBA te pibliye nan dat aplikasyon sa. SBA ka mande
 yon kreditè pou l pa apwouve aplikasyon pou soulajman prè Pretè a si SBA jwenn Pretè a pat elijib pou prè PPP a.
 _____________________________________________________                                    ______________________________________
 Siyati Reprezantan Otorize Pretè a                                                       Dat
 ___________________________________________________                                      ______________________________________
 Non ak lèt detache                                                                       Tit


Fòm SBA 3508S (10/20)
                                                        Pwogram Pwoteksyon Salè
                                             Fòm Aplikasyon 3508S pou Soulajman Prè PPP

                                        Fòm Enfòmasyon Demografik Pretè PPP a (pa obligatwa)

 Enstriksyon
     1.   Objektif. Kolekte enfòmasyon sou veteran/gason oswa fi/etnisite pou rezon repòtaj pwogram lan sèlman.
     2.   Deskripsyon. Fòm sa mande enfòmasyon sou chak Prensipal Pretè a. Ajoute lòt fèy si gen bezwen.
     3.   Definisyon Prensipal. Tèm “Prensipal” la vle di:
           Pou yon moun kap travay ak tèt li, antreprenè endepandan, oswa yon pwopriyetè inik, moun kap travay ak tèt li a,
              antreprenè endepandan oswa pwopriyetè inik lan.
           Pou yon patenarya, tout asosye jeneral yo ak tout asosye limite yo ki posede 20% nan aksyon moun ki prete a, oswa
              nenpòt asosye ki konsènen nan jesyon biznis Pretè a.
           Pou yon kòporasyon, tout pwopriyetè 20% oswa plis nan Pretè a, epi chak responsab ak direktè.
           Pou yon konpayi ak responsablite limite, tout manm ki posede 20% oswa plis nan Pretè a, epi chak responsab ak direktè.
           Tout moun Pretè a anplwaye pou jere aktivite toulejou Pretè a (“anplwaye kle”).
           Tout fidisyan (si Pretè a se pou yon fidisi).
           Pou yon òganizasyon ki pap fè lajan, responsab ak direktè Pretè a.
     4.   Non Prensipal la. Ajoute tout non Prensipal la.
     5.   Pozisyon. Idantifye pozisyon Prensipal la; paregzanp, moun kap travay ak tèt li; entreprenè endepandan; pwopriyetè inik;
          asosye jeneral; pwopriyetè; responsab; direktè; manm; oswa anplwaye kle.


  Non Prensipal la                                                           Pozisyon

  Veteran               1=Pa-Veteran; 2=Veteran; 3=Veteran Andikape; 4=Madanm Veteran; X=Pa Piblik

  Gason ou Fi           G=Gason, F=Fi, X=Pa piblik
  Ras (ou ka chwazi     1=Endyen Ameriken oswa Natif Alaska; 2=Azyatik; 3=Nwa oswa Afriken-Ameriken;
  plis pase 1)          4=Natif Awayi oswa Zile Pasifik; 5=Blan; X=Pa piblik
  Etnisite              I=Ispanik oswa Latino; N=Pa Ispanik oswa Latino; X= Pa piblik

                        Piblikasyon fèt si w vle e sa pap gen okenn enpak sou desizyon soulajman prè a




 Lwa sou Rediksyon Travay Administrasyon - Ou pa blije reponn ak ansanm enfòmasyon sa yo sòfsi yo genyen yon Nimewo Kontwol OMB
 valid pou kounye a. Tan yo evalye pou ranpli aplikasyon an, ak ladann kolekte enfòmasyon, se 15 minit. Kòmantè sou tan sa oswa enfòmasyon yo
 mande yo dwe ale nan Small Business Administration, Director, Records Management Division, 409 3rd St., SW, Washington DC 20416, ansanm
 ak/oswa SBA Desk Officer, Office of Management and Budget, New Executive Office Building, Washington DC 20503. TANPRI PA VOYE
 FOM NAN ADRÈS SA YO.



Fòm SBA 3508S (10/20)
Paj 2


File and source

File
2020-10_PPP-Loan-Forgiveness-Application-Form-3508S_haitian_508.pdf
Size
282,171 bytes
SHA-256
75439aacc5bea24e56593092846507d0ff3b69319bc25c4f2e2cd94ba398be55
Our copy
2020-10_PPP-Loan-Forgiveness-Application-Form-3508S_haitian_508.pdf
Original
www.sba.gov
Back to top