Pwogram Pwoteksyon Pewòl Fòmilè Aplikasyon pou Moun k ap Mande Revize nan dat 12 jen 2020
Summary
Haiti Creole (Kreyol Ayisyen) version of the borrower application form of the Pwogram Pwoteksyon Pewòl, OMB control number 3245-0407, form 001D. It asks applicants to select a business type, such as sole proprietor, partnership, corporation, LLC, independent contractor, self-employed individual or eligible nonprofit. It then asks for business details, the loan calculation, ownership and eligibility answers, followed by certifications.
Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used
Full text
No Kontwòl OMB: 3245-0407
Pwogram Pwoteksyon Pewòl Dat ekspirasyon: 31/10/2020
Fòmilè Aplikasyon pou Moun k ap Mande 001D – Haiti Creole - Kreyol Ayisyen
Revize nan dat 24 jen 2020
Chwazi Youn: Pwopriyetè Inik Patenarya Sosyete Anonim (C-Corp) DBA oswa Non komèsyal si sa aplikab
Sosyete Anonim (S-Corp) LLC Antreprenè Endepandan
Travayè Otonòm Kalifye 501(c)(3) Non likratif
501(c)(19) òganizasyon veteran
Biznis tribi (seks. 31(b)(2)(C) nan Lwa sou Ti Biznis "Small Business Act") Lòt
Non legal biznis
Adrès Biznis la Biznis TIN (EIN, SSN) Telefòn Biznis
( ) -
Kontak Prensipal Adrès imèl
Mwayèn Pewòl chak mwa: $ x 2.5 + EIDL, Total Avans la $ Kantite Anplwaye yo:
(si aplikab) Egal a Demann
Prè a:
Objektif prè a:
(chwazi plis pase youn):
Pewòl Enterè sou Lwaye / Ipotèk Sèvis piblik Lòt (eksplike): _________________
Patisipasyon aplikan an
Lis tout pwopriyetè ki posede 20% oswa plis nan kapital Aplikan. Ajoute yon fèy separe si sa nesesè.
Non Pwopriyetè a Tit % Patisipasyon TIN (EIN, SSN) Adrès
Si repons kesyon (1) oswa (2) pi ba a se "Wi", prè a pap apwouve.
Kesyon Wi Non
1. Èske pou moman an, Aplikan an oswa nenpòt pwopriyetè nan aplikasyon an te sispann, eskli, sou wout pou eskli, te deklare
non elijib, volontèman eskli nan tranzaksyon sa a pa nenpòt ki depatman Federal oswa ajans, oswa te enplike nan nenpòt ki
fayit aktyèlman?
2. Èske Aplikan an, nenpòt nan pwopriyetè Aplikan an, oswa nenpòt ki biznis nenpòt nan yo posede oswa kontwole, te janm
resevwa yon prè dirèk oswa garanti nan men SBA oswa nenpòt ki lòt ajans federal ki, pou kounye a, an reta oswa te gen
pwoblèm nan pèman nan 7 dènye ane yo e ki lakòz yon pèt pou gouvènman an?
3. Èske Aplikan an oswa nenpòt nan pwopriyetè Aplikan an se pwopriyetè yon lòt biznis oswa gen jesyon ankomen ak nenpòt ki
lòt biznis? Si se wi, bay lis tout biznis sa yo epi dekri relasyon ki egziste ak yo sou yon lòt fèy w ap idantifye kòm dokiman
ajoute A.
4. Èske Aplikan an te resevwa yon Prè SBA pou Katastwòf Ekonomik (SBA Economic Injury Disaster Loan) ant 31 janvye 2020
ak 3 avril 2020? Si se wi, bay detay sou yon lòt fèy w ap idantifye kòm dokiman ajoute B.
Si repons kesyon (5) oswa (6) yo se "Wi", prè a pap apwouve.
Kesyon Wi Non
5. Èske Aplikan an (si se yonpatikilye) oswa nenpòt patikilye ki posede 20% oswa plis nan kapital Aplikan an gen yon
akizasyon, enfòmasyon kriminèl, miz ann akizasyon sou do l oswa lòt mwayen yo sèvi pou pote akizasyon kriminèl fòmèl nan
nenpòt ki jiridiksyon?
Mete inisyal ou la pou konfime repons ou bay pou kesyon 5 lan → ___________________
6. Nan 5 dènye ane yo, pou nenpòt ki krim grav tankou fwod, koripsyon, malvèsasyon, oswa yon fo deklarasyon nan yon
aplikasyon pou prè oswa yon aplikasyon pou asistans finans federal, oswa nan dènye ane a, pou tout lòt krim, èske Aplikan an
(si se yon patikilye) oswa nenpòt ki pwopriyetè nan Aplikan an 1) te kondane; 2) te plede koupab; 3) te plede "nolo
contendere" non kontestasyon; oswa 4) te plase sou nenpòt ki fòm libète pwovizwa oswa pwobasyon (ki gen ladan l
pwobasyon anvan jijman)?
Mete inisyal ou la pou konfime repons ou bay pou kesyon 6 lan → ___________________
7. Èske tout anplwaye Aplikan an nou jwenn nan kalkil pewòl ki pi wo yo ap viv esansyèlman nan peyi Etazini?
8. Èske aplikan an se yon franchiz ki nan lis Repètwa Franchiz SBA yo?
1
SBA Form 2483 (06/20)
Pwogram Pwoteksyon Pewòl
Fòmilè Aplikasyon pou Moun k ap Mande
Revize nan dat 12 jen 2020
Yonfwa ou siyen pi ba a, ou deklare, otorize epi sètifye sa ki vin annapre yo
SÈTIFIKASYON AK OTORIZASYON
Mwen sètifye ke:
• Mwen li deklarasyon ki nan fòmilè sa a, ansanm ak Deklarasyon Lalwa ak Dekrè Egzekitif yo Egzije, e mwen konprann yo.
• Aplikan an elijib pou resevwa yon prè dapre règleman ki anvigè nan moman yo soumèt aplikasyon sa a selon sa Administrasyon Ti
Biznis (SBA) te mete sou pye anrapò ak Pwogram Pwoteksyon Pewòl la nan Seksyon A, Tit I nan Lwa sou Sekirite Sosyal Ekonomik,
Sekou ak Èd kont Kowonaviris (Coronavirus Aid, Relief, and Economic Security, CARES Act) (Règleman Pwogram Pwoteksyon
Pewòl la).
• Aplikan an (1) se yon antreprenè endepandan, travayè otonòm kalifye, oswa pwopriyetè inik oswa (2) travay ki pa depase 500 anplwaye
oswa, si sa aplikab, gwosè estanda nan kantite anplwaye SBA etabli nan seksyon 13 C.F.R. 121.201 pou endistri aplikan an.
• Mwen pral konfòme m, lè sa aplikab, ak dwa sivil ak lòt limit nan fòmilè sa a.
• Tout lajan prè SBA yo pral sèvi sèlman pou sa ki gen rapò ak aktivite biznis jan yo presize sa nan aplikasyon pou prè a e ki konfòm ak
Règleman Pwogram Pwoteksyon Pewòl yo.
• Toutotan sa posib, mwen pral achte sèlman ekipman ak pwodwi ki fèt ozetazini sèlman.
• Aplikan an pa angaje nan okenn aktivite ki ilegal dapre lwa federal, lwa eta a oswa lokal.
• Tout prè Aplikan an te resevwa dapre Seksyon 7(b)(2) nan Lwa sou Ti Biznis (Small Business Act) la ant 31 janvye 2020 ak 3 avril 2020
te gen lòt objektif ki pa konsène depans ki gen rapò ak pewòl ak lòt prè ki akseptab dapre Règleman Pwogram Pwoteksyon Pewòl la.
Pou Aplikan ki se patikilye: Mwen otorize SBA kontakte ajans jistis kriminèl yo pou mande enfòmasyon sou dosye kriminèl mwen pou detèmine si
mwen kalifye pou pwogram Lalwa sou Ti Biznis yo otorize a, jan li defini sa.
SÈTIFIKASYON
Reprezantan otorize Aplikan an dwe mete inisyal li pou bay prèv bònfwa li akote yo chak:
____ Aplikan an t ap fonksyone nan dat 15 fevriye 2020 e li te gen anplwaye li t ap peye salè ak taks sou pewòl pou yo oswa antreprenè
endepandan k ap touche, jan sa rapòte nan Fòmilè 1099-MISC.
____ Ensètitid ekonomik ki egziste nan moman an lakòz anpil demann prè pou sipòte operasyon aplikan an ap fè yo.
____ Lajan an pral sèvi pou kenbe travayè yo epi pou fè pewòl oswa pou peye enterè ipotèk, peye kontra lwaye ak sèvis piblik yo, jan sa
rapòte nan Règleman Pwogram Pwoteksyon Pewòl la; Mwen konprann ke si mwen fè espre ap sèvi ak lajan an pou rezon ki pa otorize,
gouvènman federal la ka rann mwen legalman responsab pou sa, tankou akize m pou fwod.
____ Aplikan an ap gen pou bay Moun k ap prete a tout dokiman k ap pèmèt li verifye ekivalan kantite anplwaye aplentan ki sou pewòl
Aplikan an ansanm ak kantite lajan pewòl ki depanse an dola ameriken, pèman enterè ipotèk ki kouvri, pèman lwaye ki kouvri ak sèvis
piblik ki kouvri pou peryòd 24 semèn apre prè sa a.
____ Mwen konprann ke prè y ap akòde a ap baze sou sòm depans pou pewòl ki dokimante yo, pèman enterè ipotèk ki kouvri, pèman lwaye ki
kouvri ak sèvis piblik ki kouvri yo, epitou kantite yo dwe itilize pou depans ki pa anrapò ak pewòl la pa dwe depase 40%.
____ Pandan peryòd soti nan dat 15 fevriye 2020 pou rive 31 desanm 2020 an, Aplikan an pa gen prè nan Pwogram Pwoteksyon Pewòl la ni li
pap gen pou li resevwa yon lòt prè nan pwogram nan.
____ Mwen konfime ke enfòmasyon mwen bay nan aplikasyon sa a ak enfòmasyon mwen te bay nan tout dokiman sipò ak fòmilè mwen yo
vrè e yo egzat selon tout sa yo mande yo. Mwen konprann ke, fè espre pou m fè yon fo deklarasyon pou jwenn yon prè garanti nan SBA,
se yon zak ki pini dapre lalwa, ansanm ak sa nou jwenn nan lwa 18 USC 1001 ak 3571 pa yon pèn prizon ki ka rive jiska senk ane
ak/oswa yon amann ki pa depase $250.000; dapre lwa 15 USC 645 pa yon pèn prizon ki ka rive jiska de ane ak/oswa yon amann ki pa
depase $5.000; epi, si yo soumèt li a yon enstitisyon asirans federal, dapre lwa 18 USC 1014 pa yon pèn prizon ki ka rive jiska trant ane
ak/oswa yon amann ki pa depase $1 000 000.
____ Mwen rekonèt ke moun k ap prete a pral sèvi ak dokiman obligatwa m soumèt yo pou konfime montan prè mwen kalifye pou li a. Mwen
konprann, mwen rekonèt epi mwen dakò pou moun k ap prete a kapab pataje enfòmasyon sou taks mwen te bay yo ak reprezantan
otorize SBA yo, ki gen ladan l reprezantan otorize nan Biwo Enspeksyon Jeneral SBA, nan objektif pou konfòmite avèk Egzijans
Pwogram pou Prè SBA yo ak tout egzamen SBA yo.
_________________________________________________________ ___________________________
Siyati Reprezantan Otorize Aplikan an Dat
_________________________________________________________ ___________________________
Non Ekri an lèt detache Tit
2
SBA Form 2483 (06/20)
Pwogram Pwoteksyon Pewòl
Fòmilè Aplikasyon pou Moun k ap Mande
Revize nan dat 12 jen 2020
Objektif fòmilè sa a:
Se reprezantan otorize Aplikan an ki dwe ranpli fòmilè sa a epi soumèt li bay Enstitisyon k ap prete w la ki se yon patisipan nan SBA. Soumèt
enfòmasyon yo mande yo se yon obligasyon pou pèmèt yo detèmine kalifikasyon w pou yon asistans finansye. Si w pa soumèt enfòmasyon an, sa
ka afekte desizyon an.
Enstriksyon pou ranpli fòmilè sa a:
Parapò ak "objektif prè a", depans pewòl yo gen ladan yo konpansasyon pou anplwaye (ki rezide esansyèlman nan peyi Etazini) sou fòm salè,
komisyon, oswa lòt kalite konpansasyon; tep sou fòm lajan kach oswa ekivalan (sou baz dosye tep anplwayè yo oswa, si dosye sa yo pa disponib,
yon estimasyon rezonab anplwayè a fè ak tout bònfwa li); pèman pou konje vakans, konje parantal, konje familyal, konje medikal, oswa konje
maladi; alokasyon pou separasyon oswa ranvwa; pèman pou avantaj sosyal pou anplwaye ki gen ladan l asirans sante kolektif, pami yo prim
asirans ak retrèt; pèman taks lokal ak taks Eta a sou baz konpansasyon anplwaye yo; e si se pou yon antreprenè endepandan oswa pwopriyetè inik,
salè, komisyon, revni, oswa salè nè nan yon travay endepandan oswa lòt kalite konpansasyon.
Pou rive kalkile "Mwayèn Pewòl chak mwa", pifò aplikan yo ap ka sèvi ak mwayèn pewòl chak mwa pou ane 2019 la, eksepte depans ki plis pase
$100,000 sou yon baz anyèl pou chak anplwaye. Pou biznis sezonye yo, Aplikan an ka chwazi itilize mwayèn pewòl chak mwa pou peryòd ki soti
15 fevriye 2019 pou rive 30 jen 2019 oswa nenpòt peryòd 12 semèn ant 1mye 2019 ak 15 septanm 2019. eksepte depans ki plis pase $100,000 sou
yon baz anyèl pou chak anplwaye. Pou nouvo biznis yo, yo ka itilize mwayèn pewòl chak mwa pou peryòd ki soti 1ye janvye 2020 pou rive 29
fevriye 2020, eksepte depans ki plis pase $100 000 sou yon baz anyèl pou chak anplwaye.
Si Aplikan an ap mande refinansman yon Prè nan Kad Katastwòf Ekonomik (EIDL): Ajoute montan aktyèl yon EIDL ki fèt ant 31 janvye 2020 ak
3 avril 2020, mwens montan nenpòt "avans" anrapò ak yon prè EIDL COVID-19, nan Demann Prè a jan yo endike sa sou fòmilè a.
Nou konsidere tout pati ki mansyone pi ba yo kòm Aplikan, jan sa defini nan 13 CFR § 120.10, menm jan ak "Aplikan Prensipal yo":
• Pou yon antrepriz endividyèl, propriyetè inik;
• Pou yon patenarya, tout patnè jeneral yo ak tout patnè limite ki posede 20% oswa plis nan kapital pwòp antrpriz la;
• Pou yon sosyete, tout pwopriyetè ki posede 20% oswa plis nan sosyete a;
• Pou sosyete anonim yo, tout manm ki posede 20% oswa plis nan konpayi an; ak
• Nenpòt finasman (si aplikan an posede yon kredi).
Lwa sou Rediksyon Dokiman (Paperwork Reduction Act) - Ou pa gen obligasyon pou bay enfòmasyon sa yo sof si li afiche yon nimewo kontwòl
OMB ki valab. Tan yo estime pou ranpli aplikasyon sa a, ki gen ladan l rasanble done ki nesesè yo, se 8 minit. Tout kòmantè sou tan an oswa
enfòmasyon yo mande yo ta dwe al jwenn: Small Business Administration, Director, Records Management Division, 409 3rd St., SW, Washington
DC 20416., ak/oswa SBA Desk Officer, Office of Management and Budget, New Executive Office Building, Washington DC 20503. PA VOYE
FOM NAN ADRES SA YO.
Lwa sou Konfidansyalite "Privacy Act" (5 US C. 552a) - Dapre dispozisyon Lwa sou Konfidansyalite a, ou pa oblije bay nimewo sekirite sosyal
ou. Si ou pa bay nimewo sekirite sosyal ou, sa pap afekte okenn dwa, benefis oswa privilèj ou elijib pou yo. (Men gade Avi sou Koleksyon Dèt
konsènan nimewo idantifikasyon fiskal ki pi ba a). Divilgasyon non ak lòt idantifyan pèsonèl yo obligatwa pou bay SBA ansanm ak ase
enfòmasyon pou yo detèmine sa yo bezwen an. Nan moman evalyasyon an, SBA konsidere entegrite, franchiz ak dispozisyon moun nan parapò ak
aksyon kriminèl yo. Anplis de sa, SBA gen yon otorizasyon espesifik pou verifye pase kriminèl ou, oswa sa k fè yo pa la, dapre seksyon
7(a)(1)(B), 15 USC Seksyon 636 (a)(1)(B) nan Lwa sou Ti Biznis la.
Divilgasyon Enfòmasyon – SBA ka refize demann enfòmasyon yon lòt pati fè, sof si li gen pèmisyon alekri moun nan bay pou divilge
enfòmasyon an pou bay moun ki fè demann nan oswa tou si Lwa sou Libète Enfòmasyon an otorize divilgasyon enfòmasyon. Lwa sou
Konfidansyalite a otorize SBA fè kèk "itilizasyon woutin" ak enfòmasyon Lalwa pwoteje yo. Youn nan itilizasyon woutin sa yo se divilgasyon
enfòmasyon ki konsève nan sistèm dosye SBA lè enfòmasyon sa yo endike yon vyolasyon oswa yon potansyèl vyolasyon lalwa, swa sivil, swa
kriminèl oswa administratif. Yon fason espesyal, SBA ka refere enfòmasyon an bay ajans ki apwopriye a, kit li federal, kit se Eta, lokal oswa
etranje, ki responsab pou envestigasyon, pouswit jidisyè, ranfòsman oswa prevansyon kont vyolasyon sa yo.
Yon lòt itilizasyon woutin se divilgasyon enfòmasyon yo bay lòt ajans federal ki ap fè verifikasyon sou pase moun nan, men sèlman nan limit
enfòmasyon ki enpòtan pou fonksyon ajans k ap fè demann yo. Gade, 74 F.R.14890 (2009) ak jan li amande de tanzantan pou plis enfòmasyon ak
lòt itilizasyon woutin yo. Anplis de sa, Lwa CARES la egzije SBA anrejistre chak prè ki te fèt dapre Lwa sou Pwoteksyon Pewòl la gras ak
Nimewo idantifikasyon fiskal (TIN) moun ki mande prete a.
Lwa 1982 sou Rekouvreman Dèt, Lwa 1984 sou Rediksyon Defisi "Debt Collection Act of 1982, Deficit Reduction Act of 1984" (31 US.C 3701
a kontinye ak lòt tit) - SBA dwe jwenn nimewo idantifikasyon fiskal ou depi w aplike pou yon prè. Si w resevwa yon prè, epi ou pa fè pèman yo
atan, SBA ka: (1) rapòte estati prè w la bay biwo kredi, (2) anboche yon ajans rekouvreman pou rekipere prè w la, (3) itilize ranbousman taks sou
revni w lan oswa lòt montan Gouvènman Federal la gen pou ou pou konpanse l, (4) sispann oswa eskli ou menm oswa konpayi w la nan fè biznis
ak gouvènman federal la, (5) transfere prè w la nan Depatman Lajistis, oswa (6) poze sele sou garanti oswa pran lòt aksyon legal otorize selon ògan
prè yo.
3
SBA Form 2483 (06/20)
Pwogram Pwoteksyon Pewòl
Fòmilè Aplikasyon pou Moun k ap Mande
Revize nan dat 12 jen 2020
Lwa 1978 sou Dwa sou Vi Prive Finansye "Right to Financial Privacy Act of 1978" (12 USC 3401) - Lwa 1978 sou Dwa sou Vi Prive Finansye
a bay SBA aksè nan dosye finansye enstitisyon finansye k ap fè biznis avèk ou oswa ki te fè biznis avèk ou menm oswa biznis ou a ki gen ladan l
nenpòt ki enstitisyon finansye k ap patisipe nan yon prè oswa garanti yon prè. SBA ap sèlman bezwen bay yon enstitisyon finansye yon sètifika
konfòmite parapò ak Lalwa nan kad premye demann aksè nan dosye finansye w. Dwa aksè SBA yo ap kontinye pandan tout tan prè garanti a
apwouve. SBA gen otorizasyon tou pou transfere nenpòt ki dosye finansye konsènan yon prè apwouve oswa prè garanti bay yon lòt otorite
gouvènman an, si sa nesesè pou trete, sèvi, jere oswa koupe yon prè garanti oswa fè rekouvreman yon prè.
Lwa sou Libète Enfòmasyon "Freedom of Information Act" (5 US 552) - Sof nan kèk eksepsyon, SBA gen obligasyon pou founi enfòmasyon ki
nan dosye ak rejis ajans yo bay yon moun ki mande sa. Pami enfòmasyon sou prè apwouve ki pral debloke otomatikman ke nou bay yo, gen ladan
yo, estatistik sou pwogram prè nou an (patikilye ki prete yo pa parèt nan estatistik yo) ak lòt enfòmasyon tankou non moun ki mande prete yo (ak
dirijan, direktè, aksyonè oswa patnè yo), garanti pou prè a, montan prè a, objektif li, yon fason jeneral, ak dat l ap bout. Enfòmasyon sou
pwopriyetè prè a pa enfòmasyon woutin ki disponib toutan pou tyès pati. Tout demann selon Lwa sa a yo dwe fèt nan biwo SBA ki pi pre a e yo
dwe idantifye yo kòm yon demann ki konfòm ak Libète Enfòmasyon.
Lwa sou Sekirite ak Sante nan Travay "Occupational Safety and Health Act" (15 US. 651 et seq.) - Administrasyon Sekirite ak Sante nan
Travay la (OSHA) kapab mande pou biznis yo modifye enstalasyon ak pwosedi yo pou pwoteje anplwaye yo. Biznis ki pa konfòme yo ka peye
amann, fòse yo sispann operasyon yo, oswa anpeche yo kòmanse operasyon yo. Yonfwa aplikan an siyen fòmilè sa a se yon fason li sètifye ke, ak
tout konesans li, li an konfòmite ak egzijans OSHA ki aplikab yo, epi li pral rete an konfòmite ak yo pandan tout dire prè a.
Dwa Sivil "Civil Rights" (13 CFR 112, 113, 117) – Tout biznis k ap resevwa asistans finansye SBA dwe dakò pou yo pa fè diskriminasyon nan
okenn pratik komèsyal, ki gen ladan l pratik travay ak sèvis y ap bay popilasyon an sou baz kategori ki site nan 13 CFR, Pati 112, 113, ak 117 nan
Règleman SBA yo. Tout moun ki mande prete yo dwe afiche "Postè sou Opòtinite Egal nan Travay" la SBA prepare a.
Lwa sou Opòtinite Kredi "Egal Equal Credit Opportunity Act" (15 USC 1691) - Lwa sa entèdi kreyansye yo fè diskriminasyon kont aplikan
kredi sou baz ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal, sèks, eta sivil oswa laj (depi aplikan an gen kapasite pou konkli yon kontra obligatwa.); paske
tout oswa yon pati nan revni aplikan an soti nan nenpòt ki pwogram asistans piblik; oswa paske aplikan an prezante, ak yon bòn fwa, pou egzèse
dwa li dapre Lwa sou Pwoteksyon Kredi Konsomatè a.
Dekrè Egzekitif 12549 sou Esklizyon ak Sispansyon "Debarment and Suspension Executive Order 12549"; (2 CFR Pati 180 ak Pati 2700) –
Yonfwa w soumèt aplikasyon prè sa a, ou sètifye ke ni Aplikan an oswa okenn nan pwopriyetè nan Aplikasyon an, pandan twa dènye ane yo, pa te:
(a) eskli, sispann, te deklare non elijib oswa volontèman eskli nan patisipasyon nan yon tranzaksyon pa nenpòt ajans federal; (b) prezante
ofisyèlman pou esklizyon, k ap tann yon desizyon final; (c) akize, kondane, oswa te gen yon jijman sivil ki rann kont ou pou nenpòt nan
enfraksyon ki nan lis règleman yo oswa (d) anreta sou nenpòt montan ou dwe Gouvènman Ameriken an oswa ògan li yo nan dat ekzekisyon
sètifikasyon sa a.
4
SBA Form 2483 (06/20)
File and source
- File
- 2020-07_PPP-Application-for-translation_ht.pdf
- Size
- 523,664 bytes
- SHA-256
- 5d4fa4959aa3e034fc6cc7ac9ba21167ee2c231c04ade4d5748522e4c4ccfff5
- Original
- www.sba.gov