Kesyon yo Poze Souvan Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL) (Haitian Creole)
Summary
A Haitian Creole translation of SBA frequently asked questions on the KOVID-19 EIDL disaster loan. Its first answers state that applicants need only enter their business or nonprofit information on the simplified loan application at sba.gov/CoronavirusRelief, that SBA processing staff may ask for more information, and that applicants who have heard nothing should not apply again, because additional applications will be marked as copies and not processed. It directs them to call SBA's customer service center.
Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used
Full text
060 - Haitian Creole – Kreyol Ayisyen
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
1. Kisa mwen bezwen soumèt ak aplikasyon mwen an?
Jis rantre enfòmasyon sou biznis ou oswa antrepriz san bi likratif ou sou aplikasyon prè yo senplifye
a nan sba.gov/CoronavirusRelief. Anplwaye SBA kap fè tretman dosye ka mande adisyonèl
enfòmasyon.
2. Mwen te aplike pou yon prè EIDL KOVID-19 e mwen pa tande anyen sou aplikasyon mwen an.
Èske mwen ta dwe aplike ankò?
Non. Nenpòt aplikasyon adisyonèl pral make "kopi" epi yo pa pral trete. Tanpri rele Sant Sèvis Kliyan
nou an nan 1-800-659-2955 (1-800-877-8339 pou moun ki soud ak moun ki gen difikilte pou tande)
oswa imèl DisasterCustomerService@sba.gov pou tcheke sitiyasyon aplikasyon ou an. Si ou te deja
aplike, ou pa bezwen soumèt enfòmasyon ou yo ankò.
3. Mwen bezwen èd pou ranpli aplikasyon an. Èske SBA ka ede m?
Ou ka kontakte Sant Sèvis Kliyan SBA nan 1-800-659-2955. Epitou, Patnè Resous SBA tankou yon
Sant Devlopman Ti Biznis lokal yo (SBDC) oswa Sant Devlopman Biznis Fanm yo (WBC) ka ede w
ranpli epi soumèt aplikasyon EIDL KOVID la gratis. Pou jwenn Patnè Resous SBA ki pi pre w la, vizite
sba.gov/LocalAssistance.
4. Prè mwen an twouve l pou kounye a nan pwosesis rekonsiderasyon / Mwen mande plis lajan; kisa
ki pral rive apre dat limit la pase?
Dat limit aplikasyon an ak peryòd ki kouvri a te pwolonje jouk 31 desanm 2021. Aplikasyon ki nan
pwosesis rekonsiderasyon oswa refòmataj anvan dat limit la ap kontinye trete.
5. Èske mwen ka mande rekonsiderasyon apre dat limit la?
Wi. Yon aplikan gen jiska 6 mwa apre dat aplikasyon an te refize pou l mande rekonsiderasyon,
menm si dat limit aplikasyon 31 desanm 2021 an pase.
Voye demand rekonsiderasyon bay:
Imèl: pdcrecons@sba.gov
Lapòs: U.S. Small Business Administration
Disaster Assistance Processing and Disbursement Center
14925 Kingsport Road
Fort Worth, Texas 76155
Mete nimewo aplikasyon w lan, nenpòt enfòmasyon ki nesesè pou elimine rezon refi a, ak nenpòt lòt
enfòmasyon anplis ki ka ede nou nan tretman demand ou an.
Tretman ak dokiman obligatwa yo ka varye selon rezon refi an. Si lèt refi a te mande enfòmasyon
oswa dokiman espesifik pou rekonsiderasyon, ou dwe ajoute yo.
Asire w ou ajoute:
Non Biznis lan
Non moun ki prete lajan an
ID/EIN taks oswa SSN
Nimewo Aplikasyon / Prè a
Fòm IRS 4506-T (fòm lan dwe resevwa nan 120 jou ki vini apre dat siyati a)
10/2/2021 2:46 PM 1|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
6. Ki diferans ki genyen ant EIDL ak EIDL Avans Oryante a?
Prè pou Dezas Ekonomik (EIDL) Avans EIDL (fèmen) epi
Avans EIDL Oryante (elijiblite limite)
DESKRIPSYON Yon EIDL se yon prè lontèm e dirèk nan Avans EIDL Oryante a se yon sibvansyon nan
SBA. sitiyasyon ijans ki pote fon woulman pou biznis
ak òganizasyon ki pap fè pwofi ki twouve yo
nan yon kominote ki pa gen anpil revni, ki te
soufri yon bès nan revni ki depase 30%, epi ki
gen 300 oswa mwens anplwaye.
OBJEKTIF Pou reponn ak obligasyon finansye ak Pou ti biznis kenbe fonksyònman yo, adapte
depans fonksyònman ki ta ka satisfè si yo epi stabilize yo. Epitou, pou nenpòt ki
dezas la pa te rive. objektif akseptab de prè EIDL la.
KANTITE Sis mwa nan fon woulman, jiska yon Avans EIDL Orijinal la te bay $1,000 pou chak
LAJAN KI maksimòm de $150,000. anplwaye jiska yon maksimòm $10,000; Avans
DISPONIB EIDL Oryante bay tout $10,000 a sèten ti biznis
ki satisfè kritè kalifikasyon yo. Pa ka resevwa
plis pase $10,000 pou Avans EIDL oijinal ak
Avans EIDL Oryante konbine
KONDISYON 3.75% APR (fiks) pou biznis Kapital ijans; pa gen pou remèt epi benefisyè
yo pa gen pou yo kalifye pou oswa aksepte
yon prè.
2.75% APR (fiks) pou òganizasyon ki pap fè
pwofi
Jiska 30 ane pou remèt lajan
KOLATERAL Obligatwa pou prè plis pase $25,000 P/A
GARANTI Mande pou yon garanti pèsonèl pou prè ki P/A
PÈSONÈL? depase $200,000
PADONAB? Non. Lajan ki Prete a ka remèt a nenpòt ki Avans EIDL pa prè; yo se sibvansyon ki pa
lè ki san okenn penalite pre-peman. bezwen remèt.
1mye PEMAN 1mye peman ranvwaye pou yon (1) ane; ou P/A
ka peye si ou vle. Enterè akimile pandan
peryòd ranvwa.
Ranpli epi soumèt Fòm SBA 1201P Pretè a
sou Pay.gov.
10/2/2021 2:46 PM 2|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
APLIKE Aplike sou anliy Biznis yo ka aplike sèlman lè yo resevwa yon
envitasyon imèl dirèk nan men SBA. Aplikan
yo pa bezwen pran okenn aksyon nan moman
sa a.
SBA pral kontakte moun ki ka kalifye.
7. Èske mwen ka aplike pou KOVID-19 EIDL la si mwen te deja resevwa yon prè PPP?
Wi. Pretè yo ka aplike pou tou de PPP ak EIDL, byenke tou de lajan yo pa ka sèvi pou menm objektif la.
8. Pou kisa mwen ka itilize lajan KOVID-19 EIDL la? Nan kisa li diferan ak lajan PPP?
Yo ka itilize lajan EIDL pou kouvri yon pil ak pakèt bezwen fon woulman ak depans fonksyònman
nòmal, tankou kontinyasyon avantaj swen sante, lwaye, sèvis piblik, ak peman dèt fiks. Pou
enfòmasyon sou lajan PPP, tanpri vizite sba.gov/CoronavirusRelief.
9. Èske yo pral retire Avans EIDL la oswa Avans EIDL Oryante a nan padon pou prè PPP mwen an?
Non. Lwa sou Èd Ekonomi lan, ki te adopte nan mwa desanm 2020, te anile kondisyon pou Avans lan
soustrè nan padon prè PPP a.
10. Ki moun ki kalifye pou KOVID-19 EIDL?
Aplikan dwe twouve yo fizikman nan peyi Etazini oswa teritwa delimite epi yo te sibi pèt fon
woulman akòz pandemi koronaviris la. Aplikan kalifye yo se:
Biznis ki gen 500 oswa mwens anplwaye oswa yo defini tankou ti biznis selon
SBA.gov/SizeStandards
Koperativ ki gen 500 oswa mwens anplwaye
Antrepriz agrikòl ki gen 500 oswa mwens anplwaye
Pifò antrepriz prive ki pap fè pwofi
Oganizasyon relijye
Antrepriz yon sèl pwopriyetè ak antrepriz endepandan
Biznis ki pa kalifye se sa ki angaje nan aktivite ilegal, montaj dosye prè, espekilasyon, distribisyon
vant plizyè bagay, jwèt aza, envestisman oswa pretè lajan.
Remak: Kondisyon kalifikasyon pou Avans EIDL Oryante a yon ti kras pa menm ak pwogram EIDL
KOVID-19 la. Tanpri vizite sba.gov/CoronavirusRelief pou plis detay.
11. E si mwen pa yon Sitwayen ameriken men biznis mwen satisfè tout lòt kritè pou yon KOVID-19 EIDL?
Yon sitwayen ki pa ameriken e ki posede 20% oswa plis nan biznis la kalifye si yo klase li kòm yon
"nasyonal ki pa sitwayenl" oswa "etranje kalifye." Etranje kalifye se rezidan pèmanan ki gen yon
green card (kat vèt) valid. Gade nan SOP 50 30 9. Apendis 7.
12. Kisa pwosesis pou resevwa yon prè SBA KOVID-19 EIDL ye?
Gen kat etap nan pwosesis aplikasyon KOVID-19 EIDL la:
1. Aplike nan DisasterLoanAssistance.sba.gov.
2. Resevwa Estimasyon prè a. Sa a se yon estimasyon de kantite lajan prè ki kalifye; sa pa vle di
prè a apwouve. Aplikan bezwen chwazi kantite lajan prè jiska maksimòm sa a.
3. Analiz Aplikasyon. Yon Ofisye Prè ap analize aplikasyon an pou wè si li konplè epi li ka kontakte
aplikan si li bezwen plis enfòmasyon.
4. Desizyon. Yo pran yon desizyon asavwa si aplikasyon an apwouve oswa refize.
10/2/2021 2:46 PM 3|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
SI LI APWOUVE:
Yo voye yon imèl bay aplikan (yo) pou yo chwazi kantite lajan prè a epi siyen dokiman prè a.
Asire w ou telechaje yon kopi pou dosye ou.
Lajan prè yo transfere nan kont labank ou nan 5-10 jou ouvrab.
Kenbe resi ak kontra pou tout lajan prè ki depanse pandan twa (3) zan.
Peye atravè Pay.gov OSWA voye lajan pa lapòs bay:
U.S. Small Business Administration
P.O. Box 3918
Portland, OSWA 97208-3918
PA voye lajan nan Sant Sèvis SBA, paske sa pral lakòz yon reta nan pwosesis la.
Lè ou poste peman, ajoute:
Non Biznis lan
Non moun ki prete lajan an
Adrès moun ki prete lajan
Nimewo Kont
ID/EIN taks oswa SSN
Nimewo Prè SBA 10-chif
SI YO REFIZE L:
Lèt refi voye pa mwayen imèl.
Aplikan ka mande rekonsiderasyon alekri nan lespas 6 mwa apre dat lèt refi a. Voye bay:
Imèl: pdcrecons@sba.gov
Lapòs: U.S. Small Business Administration
Disaster Assistance Processing & Disbursement Center
14925 Kingsport Road
Fort Worth, Texas 76155
Mete nimewo aplikasyon w lan, nenpòt enfòmasyon ki nesesè pou elimine rezon refi a, ak nenpòt lòt
enfòmasyon anplis ki ka ede nou nan tretman demand ou an.
Tretman ak dokiman obligatwa yo ka varye selon rezon refi an. Si lèt refi a te mande enfòmasyon
oswa dokiman espesifik pou rekonsiderasyon, ou dwe ajoute yo.
13. Kouman mwen ka tcheke sitiyasyon aplikasyon mwen an?
Aplikan yo ap resevwa yon envitasyon pou konekte nan pòtay kliyan an pou revize aplikasyon an,
chwazi yon montan prè elijib, epi soumèt pou revizyon final. Si prè a pa apwouve, aplikan ap
resevwa yon notifikasyon pa mwayen imèl ak yon rezon detaye pou refi prè a, san bliye enstriksyon
pou fè apèl kont desizyon an.
Kontakte sèvis kliyan pou tcheke sitiyasyon an nan 1-800-659-2955 (1-800-877-8339 pou moun ki
soud epi ki pa tande byen) oswa DisasterCustomerService@sba.gov.
10/2/2021 2:46 PM 4|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
14. Mwen te resevwa yon premye estimasyon prè a. Eske sa vle di mwen apwouve?
Non, sa se senpleman yon estimasyon prè ou ka kalifye pou resevwa. Yon fwa ou resevwa premye
estimasyon prè a:
1. Konekte nan Pòtay Prè SBA ou
2. Chwazi konbyen lajan ou vle lajan prè a ye, jiska maksimòm nan estimasyon an
3. Asire w ou klike sou bouton soumèt la
Yon fwa sa fèt, aplikasyon w lan ap pase nan etap revizyon final la. Yon Ofisye prè ka kontakte ou
pou mande w plis enfòmasyon. Tanpri reponn san pèdi tan pou yo ka trete aplikasyon w lan rapid.
15. Mwen te resevwa prè a; Kòman pou mwen fè peman?
Peman prè KOVID-19 EIDL yo difere pou 12 mwa, byenke enterè ap akimile. Ou ka fè peman pi bonè
oswa nenpòt ki lè. Pwograme peman sou entènèt, pou sa ranpli Fòm SBA 1201 pou Peman Pretè sou
Pay.gov. Pa gen okenn penalite pou peman ki fèt bonè.
Si ou prefere voye peman pa lapòs, voye l nan:
U.S. Small Business Administration
P.O. Box 3918
Portland, OSWA 97208-3918
Remak: PA voye lajan nan Sant Sèvis SBA, paske sa pral lakòz yon reta nan pwosesis la.
Fè chèk oswa manda kòb yo (money order) sou non SBA. Asire w ou mete nimewo prè SBA 10 chif
ou an.
Lè ou poste peman, ajoute:
Non Biznis lan
Non moun ki prete lajan an
Adrès moun ki prete lajan
Nimewo Kont
ID/EIN taks oswa SSN
Nimewo Prè SBA 10 chif
16. E si mwen pa bezwen tout lajan mwen apwouve pou li a?
Opsyon A) Si ou te resevwa premye estimasyon prè a sèlman, ou ka chwazi yon kantite lajan ki pi ba
1. Konekte nan Pòtay Prè SBA ou
2. Ou ka bese kantite lajan ou vle prè a ye, kote maksimòm nan se kantite lajan prè yo estime a
3. Asire w ou klike sou bouton soumèt la
Opsyon B) Si ou te deja resevwa lajan atravè Depo Dirèk, ou ka retounen lajan yo
Ekri yon chèk onon SBA epi voye li avèk nòt ki presize si lajan yo ta dwe aplike nan EIDL, Avans
oswa toude, epi ajoute tou:
Non Biznis lan
Non moun kap prete lajan
ID taks oswa SSN
Nimewo prè a
Sant Sèvis Kliyan Katastwòf SBA a ka bay tou enfòmasyon sou ranbousman prè sou peman epi ou ka
jwenn li nan 1-800-659-2955 (1-800-877-8339) oswa DisasterCustomerService@sba.gov.
10/2/2021 2:46 PM 5|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
Voye bay:
U.S. Small Business Administration
P.O. Box 3918
Portland, OSWA 97208-3918
17. Mwen gen yon asosye nan biznis lan, men li pa vle yo mete li sou aplikasyon KOVID-19 EIDL la. Èske
mwen ka toujou aplike?
Tout pwopriyetè ki posede 20% oswa plis nan biznis lan oblije sou aplikasyon an epi omwen 81% nan
pwopriyetè yo bezwen pran responsablite pou yo ka konsidere aplikasyon an.
18. E si mwen pa te aksepte tout lajan yo te apwouve mwen an; èske mwen ka jwenn tout lajan kounye a?
Si aplikan aksepte prè a pou mwens pase tout kantite lajan yo te premye ofri a, yo gen jiska de (2)
lane apre dat nòt prè a pou mande pou mande yon ogmantasyon pou jwenn lajan adisyonèl, menm
apre dat limit 31 desanm 2021 aplikasyon an.
Si yon aplikan te refize premye òf prè a, yo konsidere òf prè a kòm retire. Aplikan ka mande yon
reyakseptasyon nan lespas 6 mwa apre premye òf la, menm apre dat limit 31 desanm 2021
aplikasyon an.
Nan nenpòt ka, voye demand bay:
Imèl: pdcrecons@sba.gov
Lapòs: U.S. Small Business Administration
Disaster Assistance Processing & Disbursement Center
14925 Kingsport Road
Fort Worth, Texas 76155
Mete enfòmasyon adisyonèl sou nimewo aplikasyon ou an ki ka ede nou ak demand ou an, tankou
eta finansye aktyalize.
Asire w ou ajoute:
Non Biznis lan
Non moun ki prete lajan an
ID/EIN taks oswa SSN
Nimewo Aplikasyon / Prè a
Fòm IRS 4506-T (fòm lan dwe resevwa nan 120 jou apati dat siyati a)
19. E si mwen bezwen plis lajan pase sa yo apwouvem nan?
Yo ka chanje KOVID-19 EIDL yo ak yon ogmantasyon kantite lajan jiska 6 mwa nan fon woulman
oswa yon maksimòm $150,000 kèlkeswa sa ki pi piti a. Ou ka mande yon ogmantasyon swa anvan
oswa apre w aksepte prè an. Si aplikan gen yon bezwen lajan ijan, aksepte kantite lajan prè
maksimòm yo ofri a epi apre bay plis dokiman pou mande yon ogmantasyon.
Si ou te apwouve pou yon prè epi ou ta renmen mande pou yon ogmantasyon nan kantite lajan an,
voye yon imèl ki deklare bezwen ou pou yon ogmantasyon nan kantite lajan prè a bay
pdcrecons@sba.gov avèk mo "OGMANTASYON" nan liy sijè a. Ajoute tout enfòmasyon adisyonèl ki
ka ede nou konsidere yon ogmantasyon pou aplikasyon w lan. Egzanp:
1. Dènye deklarasyon taks federal ou pou biznis ou ansanm ak yon fòm siyen IRS 4506-T
2. Pou eta finans ajou (Revni anvan taks, Pri Machandiz yo Vann, depans operasyon, oswa lòt sous
konpansasyon), soumèt Fòm 3502.
10/2/2021 2:46 PM 6|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
20. Mwen gen plizyè biznis. Eske mwen ka soumèt plizyè aplikasyon pou EIDL KOVID-19?
Wi, ou ka soumèt yon aplikasyon pou chak biznis ki kalifye. Sepandan, omwen 81 pousan aksyon
pou chak biznis bezwen kontabilize sou aplikasyon an.
21. Mwen te pran refi pou KOVID-19 EIDL la. Ki sa ki ka rezon refi sa?
Rezon refi pa menm pou tout aplikan. Rezon ki pi komen pou yon refi se:
Istwa kredi pa satisfezan. Paske EIDL se yon prè gouvènman, règleman federal egzije pou
aplikan yo satisfè estanda kredi minimòm pou yo kalifye.
Enfòmasyon pa verifyab. Si yon aplikan pa reponn nan lespas 7 jou a demann pou enfòmasyon
adisyonèl ofisye prè yo voye ba li a, yo ka refize aplikasyon yo. Mande yon rekonsiderasyon pou
reyaktive aplikasyon w lan.
Estati sitwayen ki pa ameriken pa kalifye w. Aplikan yo dwe sitwayen ameriken, resòtisan ki pa
sitwayen, oswa etranje ki kalifye. Gade nan SOP 50 30 9, Apendis 7 pou plis enfòmasyon.
Aktivite biznis lan pa kalifye.
Dezas ekonomik lan pa pwouve. Gen de rezon posib pou refi sa a: 1) Chòk ekonomik la mwens
pase kantite lajan ou resevwa pou Avans EIDL la; oswa 2) Enfòmasyon yo soumèt yo pa montre
yon chòk ekonomik.
Rezon karaktè Moral. Yo ka refize aplikan si yo te kondane pou yon krim nan senk dènye ane yo;
oswa te janm angaje nan pwodiksyon oswa distribisyon nenpòt pwodwi oswa sèvis yo jije ki
obsèn nan yon tribinal ki gen jiridiksyon konpetan; moun ki aktyèlman bloke oswa entèdi pou
gen kontra avèk gouvènman federal la oswa ki ap resevwa sibvansyon oswa prè federal; ak /
oswa moun ki kounye a anba yon akizasyon, ankèt kriminèl, konparisyon, oswa lòt mwayen ki
pote akizasyon kriminèl fòmèl nan nenpòt jiridiksyon.
Si ou pa reponn. Si aplikan yo pa reponn a Imèl kap mande pou plis enfòmasyon oswa pou yo
siyen dokiman final prè a, aplikasyon an nòmalman ap ekspire apre 60 jou.
22. Èske mwen ka mande yon rekonsiderasyon si yo refize aplikasyon EIDL KOVID-19 mwen an?
Aplikan gen jiska 6 mwa pou mande rekonsiderasyon, menm apre dat limit 31/12/21 aplikasyon an.
Voye demand rekonsiderasyon bay:
Imèl: pdcrecons@sba.gov
Lapòs: U.S. Small Business Administration
Disaster Assistance Processing & Disbursement Center
14925 Kingsport Road
Fort Worth, Texas 76155
Mete nimewo aplikasyon w lan, nenpòt enfòmasyon ki nesesè pou elimine rezon refi a, ak nenpòt lòt
enfòmasyon anplis ki ka ede nou nan tretman demand ou an.
Si lèt refi a te mande enfòmasyon oswa dokiman espesifik pou rekonsiderasyon, ou dwe ajoute yo.
Asire w ou ajoute:
Non Biznis lan
Non moun ki prete lajan an
ID/EIN taks oswa SSN
Nimewo Aplikasyon / Prè a
Fòm IRS 4506-T (fòm lan dwe resevwa nan 120 jou ki vini apre dat siyati a)
Pwosesis la ap varye selon rezon pou refi a.
10/2/2021 2:46 PM 7|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
Egzanp:
Aplikan resevwa yon lèt refi pou aplikasyon prè KOVID-19 EIDL yo a ki soti nan SBA, ki bay
"Katastwòf ekonomik pa pwouve " kòm rezon pou refi a. Ou jwenn rezon sa anpil lè enfòmasyon
finansye yon aplikan ki sètifye pwòp tèt li sou aplikasyon senplifye yo a, tankou chif yo pou Revni
Anvan Taks ak Pri Machandiz yo Vann yo pou peryòd douz (12) mwa anvan pandemi an, pa te reflete
yon katastwòf ekonomik, oswa enfòmasyon yo ka te rete vid.
Demand pwopriyetè biznis la pou rekonsiderasyon yo ta dwe yon imèl ekri / lèt demann ki gen ladan
bagay sa yo:
Yon nòt ekri aplikan an ki mande rekonsiderasyon pou aplikasyon prè KOVID-19 EIDL yo te refize
a, ki gen ladan nimewo aplikasyon an, non biznis / antite a, non pwopriyetè a (yo), ak adrès
biznis la
Kopi dènye deklarasyon taks federal yo te depoze pou biznis la, anvan Pandemi KOVID-19 la, ki
gen ladan tout fòmilè taks yo
Yon Fòm IRS 4506-T ranpli epi siyen pou biznis la
Kopi yon chèk anile pou kont biznis la
Lè SBA ap trete rekonsiderasyon an, SBA ka mande plis enfòmasyon, ki ka gen ladann Fòm SBA
3502 - Enfòmasyon Sipò EIDL
23. Si mwen deja resevwa yon KOVID-19 EIDL epi mwen te viktim yon lòt dezas, tankou yon inondasyon
oswa dife sovaj, eske mwen ka mande pou plis lajan?
Si ou nan yon zòn ki gen yon Deklarasyon Katastwòf, tankou dezas tankou inondasyon, dega tanpèt,
dife nan bwa oswa tranblemanntè, ou ka elijib pou plis Prè Katastwòf SBA pou kouvri domaj nan kay
ou, byen pèsonèl ou ak/oswa biznis.
Tcheke DisasterLoanAssistance.sba.gov pou wè si gen yon deklarasyon katastwòf pou zòn ou an.
Pwogram sekou KOVID-19 SBA a, tankou PPP ak EIDL, se pou chòk ekonomik ki rive akòz pandemi
koronaviris la, epi yo pa pou pèt fizik oswa dezas ekonomik ki te rive nan lòt dezas.
24. Mwen deja gen yon lajan prè KOVID-19 EIDL epi biznis mwen an poko soti anba enpak fèmti akòz
KOVID yo; eske mwen ta kalifye pou yon lòt prè?
Si ou te resevwa mwens pase $150,000 nan lajan prè KOVID-19 EIDL, ou ka mande pou yon
ogmantasyon nan prè SBA EIDL ou gen deja a. Ou ka kalifye tou pou lòt opsyon soulajman
koronaviris ki soti nan SBA nan kad Lwa sou Èd Ekonomik pou Ti Biznis ki pran Gwo Frap yo, ki pap fè
pwofi ak kap òganizatè Evenman [Lwa sou Èd Ekonomik, vote nan dat 27 desanm, 2020, ki gen ladan
ouvèti prè Pwogram Pwoteksyon Salè Premye ak Dezyèm Tiraj (PPP)]. Gade dènye enfòmasyon ak
enfòmasyon nan sba.gov/CoronavirusRelief.
25. Si mwen jwenn yon lòt prè pou katastwòf akòz lòt sitiyasyon dezas, èske mwen ka konsolide nouvo
prè a avèk KOVID-19 mwen an? Oswa èske mwen ka itilize li pou peye KOVID-19 EIDL la?
Non. Chak prè SBA pou katastwòf se yon prè apa; yo pa ka konsolide oswa itilize yo pou peye prè ki
la deja.
Si ou kalifye pou yon lòt prè dezas SBA akòz yon lòt dezas deklare nan zòn ou an, nouvo prè a dwe
sèvi pou rezon ki deklare nan dokiman prè ou, ki ka gen ladan fon woulman oswa reparasyon domaj
fizik. Tèm ak kondisyon lòt prè pou katastwòf yo ka pa menm ak sa ki nan KOVID EIDL yo, epi nouvo
prè a ka pa sèvi pou refinanse oswa peye prè ki deja egziste SBA pou katastwòf nan evènman dezas
anvan yo, ki gen ladann KOVID-19. Kenbe resi ak kontra pou tout lajan prè ki depanse pandan 3 zan,
konsa ou pral kapab dokimante itilizasyon lajan pou chak prè.
10/2/2021 2:46 PM 8|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
26. Etandone biznis mwen an poko refè apre fèmti akoz KOVID, ki jan mwen pral jere ranbousman?
Peman pou prè KOVID-19 yo ranvwaye otomatikman pou yon (1) lane. Prè pou katastwòf ki deja nan
sitiyasyon ranbousman pou katastwòf ki te fèt anvan KOVID-19 yo ranvwaye jiska 31 mas 2021.
Nouvo prè pou dezas pou lòt dezas otomatikman ranvoye tou pou yon (1) lane.
Si ou kalifye pou yon nouvo prè pou katastwòf, ou ka mande pou SBA pwolonje ranvwa lòt peman
prè ou pou ede w nan pwoblèm lajan, pou sa kontakte Sant Sèvis Kliyan nou an nan 1-800-659-2955
(1-800-877-8339) oswa DisasterCustomerService@sba.gov.
27. Nan kisa pwosesis pou aplike pou yon près pou katastwòf natirèl pa menm ak pwosesis KOVID-19
EIDL la?
Si sèl eksperyans ou avèk prè SBA pou katastwòf se avèk pwogram EIDL pou KOVID-19, ou wap
twouve pwosesis la pa menm pou katastwòf deklare tankou dezas natirèl.
Gen de pwogram asistans:
Prè domaj fizik ki kouvri reparasyon ak ranplasman byen fizik ki domaje nan yon katastwòf
deklare eki pa gen kouvèti asirans.
Prè katastwòf ekonomik pou kouvri depans kourant ti bizinis apre yon dezas deklare.
Pòtay aplikasyon an pa menm. Aplike nan DisasterLoanAssistance.sba.gov oswa vizite
SBA.gov/Disaster pou plis enfòmasyon.
28. Ki jan SBA defini Revni / Resèt anvan taks?
Resèt anvan taks gen ladann tout revni nan kèlkeswa fòm ou resevwa oswa akimile (selon metòd
kontablite enstitisyon a) nan kèlkeswa sous la, tankou lavant pwodwi oswa sèvis, enterè, dividand,
pri lwaye, redevans, frè oswa komisyon, mwens retou ak alokasyon pou biznis aplikan.
29. Kòman SBA defini Pri Machandiz Yo Vann?
Pri machandiz yo vann (COGS nan lang anglè) vle di depans dirèk nan pwodui machandiz yon vann.
Kantite lajan sa a gen ladan pri materyèl ak mendèv yo dirèkteman itilize pou kreye machandiz la. Li
pa gen ladann depans endirèk, tankou depans distribisyon ak depans anplwaye kap vann yo. Vizite
Small Businesses Self-Employed | Internal Revenue Service (irs.gov) pou plis detay sou COGS.
30. E si yon moun te vòlè idantite mwen pou aplike epi jwenn asistans EIDL nan non mwen?
Si ou sispèk yon moun te itilize enfòmasyon pèsonèl ou san ou pa konnen oswa san pèmisyon ou
pou jwenn asistans EIDL, tanpri telechaje Lèt pou Vòl Idantite a pou w jwenn enstriksyon etap pa
etap sou fason pou rapòte ka vòl idantite a bay SBA. Lèt la gen ladan tou aksyon yo rekòmande pou
w pran apre pou pwoteje tèt ou kont plis domaj nan finans ou akòz vòl idantite, tankou rapòte vòl
idantite a bay Komisyon Federal Komès (FTC) la nan IdentityTheft.gov epitou ajoute yon alèt fwod
oswa friz kredi nan rapò kredi ou.
31. Èske SBA ap retire rechèch difisil sa nan rapò kredi mwen an kòm konsekans vòl idantite?
Wi. Ou ka konteste yon rechèch difisil epi mande pou yo retire li kòm yon konsekans vòl idantite lè
w kontakte Experian dirèkteman nan 1-800-888-397-3742 oswa anliy nan Experian Disputes.
10/2/2021 2:46 PM 9|Paj
Kesyon yo Poze Souvan
Prè pou Dezas Ekonomik KOVID-19 (EIDL)
32. Poukisa mwen toujou ap resevwa eta kont chak mwa apre mwen te rapòte vòl idantite a bay SBA?
Ou ka kontinye resevwa eta kont chak mwa pandan SBA ap travay pou analize dokiman vòl idantite
ou epi pou adrese dèt prè ouvè a. Eta kont yo pa montre nan ki pwen analiz kap fèt sou vòl idantite
a. SBA ap voye ba ou yon konfimasyon separe alekri lè analiz vòl idantite a fini, epi dèt prè a regle.
33. Yon ti koutje sou Asistans pou Katastwòf
Kalite Asistans Pretè Objektif Maks. Kantite lajan
Prè pou Dezas Biznis Biznis tout gwosè ak Repare oswa ranplase $2 milyon
(pèt fizik) òganizasyon prive ki byen imobilye,
pap fè pwofi envantè, ekipman,
elatriye.
Prè Dezas Ekonomik Ti biznis yo, antrepriz Fon woulman (depans 6 mwa fon woulman
(KOVID-19 EIDL) agrikòl, kèk fonksyònman pou (depans fonksyònman
òganizasyon prive ki antrepriz agrikòl ak sa pou antrepriz agrikòl ak
pap fè lajan ki pap fè lajan) sa k pap fè lajan), jiska
yon maksimòm
$150,000
Prè Dezas Ekonomik Ti biznis ak òganizasyon Fon woulman $2 milyon
(Tout lòt dezas) prive ki pap fè pwofi
Prè Dezas Ekonomik Ti biznis ki gen rezèvis Fon woulman $2 milyon
pou Rezèvis Militè militè (yo) ki rele nan
(MREIDL) sèvis aktif
Prè pou Kay-byen Pwopriyetè kay Repare oswa ranplase $200,000
imobilye rezidans prensipal ;
domaj ki pa kouvri ak
yon asirans
Prè pou Kay-- Pwopriyetè kay ak Repare oswa ranplase $40,000
pwopriyete pèsonèl lokatè pwopriyete pèsonèl ki
pa kouvri ak yon
asirans
Limite Dega Biznis, òganizasyon Limite / anpeche Ogmantasyon ki rive
prive ki pap fè lajan, ak menm kalite pèt sa yo jiska 20% domaj fizik yo
pwopriyetè kay pi devan verifye. Pwopriyetè kay
limite a $200,000.
Nou ankouraje w swiv SBA a sou Twitter, abòne nan e-bilten SBA a, epi vizite nou souvan sou entènèt
nan sba.gov/CoronavirusRelief pou toujou gen dènye enfòmasyon sou devlopman.
10/2/2021 2:46 PM 10 | P a j
File and source
- File
- 2021-03_COVID-19-EIDL-FAQs_02.04.21_Haitian.pdf
- Size
- 998,360 bytes
- SHA-256
- 5a32ed9c5d11906a0d4efa85db5a25bb790f0cabe16907409a7327b5477f0593
- Original
- www.sba.gov