FAQ (Kesyon yo poze souvan) sou Avans EIDL Oryante
Summary
A translation of SBA questions and answers on the Targeted EIDL Advance, dated 1 FEVRIYE 2021. It states that applicants must wait for an email invitation from the SBA to apply. Businesses and nonprofit organizations that received a first EIDL Advance of less than $10,000 have first priority, and the second priority group applied for EIDL assistance before 27 desanm 2020 but did not receive an advance.
Summary drafted by a model from the document's text below and checked by script against that text before publication. It is a navigation aid, not a reading of what the document proves. Where AI is used
Full text
Avans EIDL Oryante
Kesyon yo Poze Souvan
1 FEVRIYE 2021
FAQ (Kesyon yo poze souvan) sou Avans EIDL Oryante
Pwosesis aplikasyon an
1. Èske mwen ka aplike kounye a?
Aplikan yo dwe rete tann jiskaske yo resevwa yon imèl envitasyon nan men SBA pou aplike pou nouvo
Avans EIDL Oyante a. An akò avèk Lwa sou Ed Ekonomik pou Ti biznis ki pran Gwo Frap yo, ki pap Fè
Pwofi, Sit Evenman (Lwa sou Èd Ekonomik), biznis ak òganizasyon ki pap fè lajan ki te resevwa yon
premye Avans EIDL nan yon kantite lajan mwens pase $10,000 ap gen premye priyorite pou yo aplike
pou Avans EIDL la epi yo pral premye gwoup ki resevwa imèl kap envite yo nan sit aplikasyon an.
Dezyèm gwoup ki gen priyorite se biznis ak òganizasyon ki pap fè lajan ki te aplike pou asistans EIDL
anvan 27 desanm 2020 men ki pa te resevwa yon Avans EIDL paske lajan ki te disponib lan te fini nan
mitan mwa jiyè 2020.
[Remak: Biznis ak òganizasyon ki pap fè lajan ki sibi pèt ki akòz KOVID-19 ka toujou aplike pou yon
Prè pou Dezas Ekonomik (EIDL), si yo pa te fè sa deja. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwogram
prè a nan www.sba.gov/coronavirusrelief.]
2. Kilè SBA ap kòmanse voye imèl pou envite premye gwoup ki gen priyorite a?
SBA ap kòmanse voye imèl envitasyon bay biznis ak òganizasyon ki pap fè lajan, ki te resevwa Avans
EIDL lan nan yon kantite lajan mwens pase $10,000 kòmanse nan dat 1 fevriye 2021. Sa ka pran
plizyè semèn pou yo voye tout Imèl yo bay biznis nan premye gwoup priyorite a kidonk, tanpri, ou
pa bezwen pè si ou pa resevwa imèl envitasyon w lan touswit. Envitasyon pou aplike a ap pral nan
imèl adrès prensipal kontak ki asosye avèk premye aplikasyon EIDL ou an. Tout kominikasyon ki soti
nan SBA ap vini apati yon imèl gouvènman ofisyèl ki fini ak @sba.gov. Tanpri, pa voye enfòmasyon
sansib via imèl nan okenn adrès ki pa fini ak @sba.gov.
3. Kilè SBA ap kòmanse voye imèl envitasyon bay dezyèm gwoup priyorite a?
SBA pral siveye pousantaj aplikasyon ak apwobasyon pou premye gwoup priyorite a epi li pral
anonse dat yo prevwa pou kòmanse ak dezyèm gwoup priyorite a nan yon dat apre.
4. Èske SBA planifye pou li ouvri pwogram nan pou nouvo aplikasyon anplis de premye gwoup
priyorite yo?
Kounye a, pa gen okenn plan pou louvri pwogram Avans EIDL Oryante a pou nouvo aplikan anplis de
premye gwoup priyorite yo. Kapasite SBA pou li aksepte nouvo aplikasyon pou pwogram Avans EIDL
Oryante a pral depann si gen lajan, sa SBA pral swiv deprè. Nenpòt chanjman nan disponiblite
aplikasyon yo ap anonse sou www.sba.gov/coronavirusrelief.
5. Èske mwen dwe re-aplike si mwen te resevwa mwens pase limit $10,000 nan lajan Avans lan?
Non. Pwogram Avans EIDL Oryante a pa menm ak premye pwogram Avans EIDL la e li gen pwòp
pwosesis pa li. Kounye a, SBA a pral kontakte dirèkteman aplikan EIDL yo ki te resevwa yon Avans
EIDL ki mwens pase $10,000 maksimòm lan epi bay mèt biznis yo enstriksyon sou kòman pou yo bay
SBA enfòmasyon ki nesesè yo pou detèmine kalifikasyon, ak kouman pou yo prezante dokiman pou
tout lajan sibvansyon anplis.
1|Paj
Avans EIDL Oryante
Kesyon yo Poze Souvan
1 FEVRIYE 2021
6. Èske mwen ta dwe re-aplike si mwen pa te resevwa premye lajan Avans EIDL la paske lajan sa yo
te fini?
Non. Avans EIDL Oryante a pa menm ak pwogram Avans EIDL la e li gen pwòp pwosesis pa li. Kounye
a, SBA a pral kontakte aplikan ki te aplike pou finansman SBA COVID-19 EIDL anvan 27 desanm 2020
epi yo pa te resevwa okenn lajan Avans EIDL paske tout finansman Advance ki te genyen yo te deja
fini. SBA a pral imèl enstriksyon sou kòman yo bay SBA enfòmasyon ki pou detèmine kalifikasyon ak
kouman pou prezante dokiman ki nesesè yo. Biznis sa yo dwe genyen tou 300 anplwaye oswa
mwens, epi fòk yo lokalize nan yon kominote federal ki pa gen gwo revni epi ki reponn ak kondisyon
bès nan revni yo.
7. Pandan map tann envitasyon SBA pou maplike pou Avans EIDL Oryante a, ki bagay mwen ka fè
pou mwen prepare m pou aplikasyon an?
Si ou poko fè Deklarasyon Taks Federal 2019 ou, ou ta dwe fè pwosesis la. Ou pral oblije tou bay
resèt anvan taks chak mwa biznis la soti nan mwa janvye 2019 rive nan dènye mwa peryòd la.
Enfòmasyon sa yo pral sèvi pou konnen si biznis ou a ranpli kondisyon plis pase 30 pousan bès nan
revni pandan yon peryòd 8 semèn kòmanse 2 mas 2020.
8. Ki dokiman mwen pral bezwen bay?
Aplikan ki satisfè kritè kominote ak revni ba yo pral gen pou bay revni anvan taks chak mwa yo pou
janvye 2019 rive nan dènye mwa peryòd la (tout fòm revni konbine yo resevwa chak mwa, tankou
pwofi oswa salè) pou konfime bès nan revni an. Yo ka mande yo tou pou yo bay yon Fòm IRS 4506-T
pou pèmèt SBA mande enfòmasyon taks sou non aplikan yo. Pwosesis verifikasyon taks ak
kondisyon pou biznis nan teritwa ameriken yo ka pa menm.
9. Biznis mwen an twouve li nan yon teritwa ameriken. Ki dokiman SBA mande pou nou bay?
Zile Vyèj yo, Samoa Ameriken, Guam, ak CNMI: Biznis yo dwe founi yon Fòm IRS 4506-T ak siyati
elektwonik bay SBA a atravè pòtay aplikasyon an.
Pòtoriko: SBA a ap voye fòm obligatwa yo via imèl bay aplikan. Tanpri ranpli fòm yo epi voye yo
tounen bay SBA.
Kalifikasyon
10. Biznis mwen an te deplase depi lè mwen te premye aplike pou asistans EIDL. Èske mwen toujou
elijib pou Avans Oryante a?
SBA pral kontakte ou dirèkteman pou konfime adrès ou. Si adrès ou chanje, SBA pral mande
dokiman adisyonèl pou konfime adrès la. Yon fwa yo konfime adrès la, SBA a ap konnen si adrès la
twouve l nan yon kominote ki pa gen anpil revni.
11. Ki moun ki kalifye pou nouvo Avans EIDL Avanse a?
Biznis ki gen 300 oswa mwens anplwaye, ki twouve yo nan kominote federal ki pa gen gwo revni epi
ki ka pwouve yon bès nan revni ki plis pase 30 pousan pandan yon peryòd 8 semèn kòmanse 2 mas
2020 oswa apre. Sa gen ladan ti kòmès ki nan tan nòmal kalifye pou pwogram SBA EIDL la, san bliye
biznis ki pa agrikòl ak kòporasyon, ak sèl pwopriyetè, antreprenè endepandan, ak òganizasyon prive
ki pap fè lajan.
2|Paj
Avans EIDL Oryante
Kesyon yo Poze Souvan
1 FEVRIYE 2021
12. Nou pa ranpli yon Deklarasyon Taks Federal 2019. Èske nou toujou kalifye?
Nan pifò ka yo, SBA egzije pou gen yon Deklarasyon Taks Federal 2019 depoze nan IRS pou verifye
kalifikasyon ou. Sèten òganizasyon ki pa te oblije fè yon Deklarasyon Taks Federal 2019 toujou
kalifye, tankou legliz yo.
13. Èske biznis Antrepriz Agrikòl elijib pou nouvo Avans EDIL Oryante a?
Non. Selon Avans EIDL Oryante a, antrepriz agrikòl yo pa kalifye eksepte pou kowoperativ agrikòl,
biznis ki angaje nan akwakilti ak sèten kalite pepinyè.
Pepinyè ki jwenn mwens pase 50 pousan resèt ane yo nan pwodiksyon ak vant plant dekoratif ak lòt
pwodwi pepinyè yo grandi kalifye. Biznis Entrepriz Agrikòl gen ladann biznis ki angaje nan
pwodiksyon legal manje ak fib, elvaj, elvaj betay ak tout lòt aktivite ki gen rapò ak agrikilti (jan sa
defini nan seksyon 18(b) nan Lwa sou Ti Biznis (15 U.S.C. 647(b)).
14. Ki kalite biznis ki PA kalifye?
Kèk egzapn biznis ki pa kalifye se sa yo ki angaje nan aktivite ilegal, montaj dosye prè, espekilasyon,
distribisyon brikabrak, jwèt aza, envestisman oswa prete lajan.
Kritè Pwogram lan
15. Kisa sa vle di "Oryante" ki gen rapò ak nouvo Avans EIDL KOVID-19 lan?
Lwa sou Èd Ekonomik la, yo te vote nan dat 27 desanm 2020 an, te otorize SBA pou li bay plis lajan
Avans EIDL pou sèten ti biznis ki satisfè sèten kritè kalifikasyon espesifik. Pou kounye a, lajan Avans
EIDL Oryante sa yo disponib sèlman pou biznis ki gen 300 oswa mwens anplwaye ki te deja aplike
pou nan SBA pou asistans EIDL anvan 27 desanm 2020 epi adrès biznis lan se nan yon kominote ki pa
gen anpil revni. Biznis yo dwe demontre tou yon bès nan revni ki depase 30 pousan epi yo dwe
ranpli menm kondisyon kalifikasyon ki valab pou KOVID-EIDL yo.
16. Kòman pou w konnen si wi ou non yon biznis twouve l nan yon kominote revni fèb?
Nou itilize definisyon kominote ki pa gen anpil revni ki bay nan paragraf (1), (3), (4) ak (5) nan 26 USC
§45D(e). SBA ap detèmine si biznis ou a twouve li nan yon kominote ki pa gen anpil revni sou baz
adrès biznis aplikan.
17. Èske mwen oblije remèt nenpòt ki lajan Avans EIDL mwen resevwa?
Non. Menm jan ak lajan Avans EIDL yo dapre Lwa CARES la, Avans sa yo pa oblije remèt.
18. Ki kantite lajan biznis mwen ka resevwa nan fon Avans EIDL Oryante yo?
Biznis ka resevwa yon maksimòm $10,000 nan fon Avans EIDL. Sa gen ladan nenpòt lajan Avans ki
deja resevwa plis Avans EIDL Oryante a.
19. Kisa mwen ka fè ak lajan Avans EIDL yo?
Lajan Avans EIDL yo ka sèvi pou fon woulman ak depans fonksyònman nòmal ki ta ka genyen si
katastwòf la pa te rive. Sa gen ladann (men se pa sa sèlman) kontinyasyon prestasyon swen sante,
lwaye, sèvis piblik ak peye dèt fiks.
3|Paj
Avans EIDL Oryante
Kesyon yo Poze Souvan
1 FEVRIYE 2021
20. Konbyen tan li pral pran pou m resevwa lajan Avans yo yon fwa mwen soumèt enfòmasyon mwen
yo bay SBA?
Yon fwa SBA resevwa tout dokiman yo mande yo, nou pral trete enfòmasyon yo epi bay tout lajan
adisyonèl san pèdi tan. Objektif SBA a se trete tout demann nan 21 jou apre yo fin resevwa yon
aplikasyon ranpli. Tout desizyon sou aplikasyon yo ap kominike pa mwayen imèl.
21. Èske yo pral retire lajan Avans EIDL mwen resevwa yo nan kantite lajan padon prè Pwogram
Pwoteksyon Salè (PPP) mwen an?
Non. Lwa sou Èd Ekonomik la elimine egzijans sa a.
22. Kijan SBA defini "resèt anvan taks" pou Pwogram Avans EIDL la?
Resèt anvan taks gen ladann tout revni nan kèlkeswa fòm ou resevwa oswa akimile (selon metòd
kontablite enstitisyon a) nan kèlkeswa sous la, tankou lavant pwodwi oswa sèvis, enterè, dividann,
pri lwaye, redevans, frè oswa komisyon, mwens retou ak alokasyon pou biznis aplikan.
23. Ki moun pwopriyetè biznis ta dwe kontakte lè yo gen kesyon anplis sou Avan Oryante sa yo?
Pwopriyetè biznis ka kontakte Sant Sèvis Kliyan SBA a nan 1-800-659-2955 oswa pa mwayen imèl
nan TargetedAdvance@sba.gov si yo gen kesyon sou pwogram Avanse EIDL Oryante a.
Wap jwenn dènye enfòmasyon yo nan:
sba.gov/coronavirusrelief
4|Paj
File and source
- File
- 2021-02_Targeted-EIDL-FAQ_Final_Haitian.pdf
- Size
- 739,750 bytes
- SHA-256
- 80a6eff3e042dd3764312509d830e7072c676c90c502f884a495a33110e47ba4
- Original
- www.sba.gov